Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Kesyon ak Egzaminasyon Medikal

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Kesyon ak Egzaminasyon Medikal

ADA mete restriksyon sou anplwaye yo lè pou yo mande moun ki aplike pou travay yo pou reponn kesyon, pou fè yon egzamen medikal, oswa pou idantifye yon andikap.

Yon anplwaye kapab pa mande yon moun ki aplike pou travay, pa egzanp, si li genyen yon andikap (swa konsènan nati yon andikap reyèl). Epitou yon anplwaye kapab pa mande yon moun ki aplike pou travay pou reponn kesyon medikal oswa pou fè yon egzamen medikal anvan li fè yon òf pou travay.

Yon anplwayè kapab mande yon moun ki aplike pou travay si yo ka fè travay la ak fason yo t ap fè travay la. Lalwa pèmèt yon anplwayè mete kondisyon nan yon òf travay pou moun ki aplike a reponn kèk kesyon medikal oswa pou reyisi pase yon egzamen medikal, men sèlman si tout nouvo anplwaye ki nan menm travay la reponn kesyon yo oswa fè egzamen an.

Yon fwa yo anplwaye yon moun epi moun nan kòmanse travay, jeneralman yon anplwayè ka sèlman poze kesyon medikal oswa egzije yon egzamen medikal si anplwayè a bezwen dokimantasyon medikal pou sipòte demann yon anplwaye pou yon aranjman oswa si anplwayè a genyen rezon pou kwè ke yon anplwaye pa t ap anmezi pou reyisi fè yon travay oswa fè yon travay an tout sekirite akoz yon pwoblèm medikal.

Epitou lalwa egzije pou anplwayè yo konsève tout dosye medikal ak enfòmasyon yo konfidansyèl nan fichye medikal ki separe.