Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Diskriminasyon sou Ras/Koulè

Diskriminasyon sou Ras/Koulè

Diskriminasyon sou ras genyen ladan trete yon moun (yon moun ki aplike oswa yon anplwaye) yon fason ki pa favorab akoz li soti nan yon sèten ras oswa akoz karakterisktik ki asosye ak ras (tankou teksti cheve, koulè po, oswa kèk fonksyon fasyal). Diskriminasyon sou koulè/ras ka genyen ladan tou trete yon moun yon fason ki pa favorab akoz moun nan marye (oswa asosye avèk) ak yon moun ki nan sèten ras oswa koulè.

Epitou diskriminasyon sou ras/koulè ka enplike tou trete yon moun yo fason ki pa favorab paske li marye ak (oswa asosye avèk) yon moun ki genyen yon sèten ras oswa koulè.

Ka genyen diskriminasyon lè viktim nan ak lòt moun ki te sibi diskriminasyon an toude genyen menm ras oswa koulè.

Diskriminasyon sou Ras/Koulè ak Sitiyasyon Travay

La lwa entèdi diskriminasyon lè sa konsène tout aspè anplwa a, ki genyen ladan lè y’ap anboche, revoke, peye, atribisyon travay, pwomosyon, revokasyon, fòmasyon, avantaj anplis, ak tout lòt tèm oswa kondisyon travay.

Diskriminasyon sou Ras/Koulè ak Asèlman

Li kont la lwa pou asele yon moun akoz ras oswa koulè moun sa a.

Asèlman ka genyen ladan, pa egzanp, ensilt, pawòl derespektan oswa ofansif konsènan ras oswa koulè yon moun, oswa afichaj senbòl rasyal ki ofansif. Byenke la lwa pa entèdi senp anwi, kòmantè ki fèt san okenn entansyon,oswa ensidan izole ki pa trè serye, asèlman ilegal se lè li fèt twò souvan oswa li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa lè li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li).

Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.

Diskriminasyon sou Ras/Koulè ak Politik/Pratik sou Anplwa

Yon politik anplwa oswa pratik ki aplike ak tout moun, san konsidere ras oswa koulè, ka ilegal si li genyen yon enpak negatif sou anplwa moun nan yon ras patikilye oswa ras epi li pa lye ak travay la epi li nesesè pou operasyon biznis la. Pa egzanp, yon politik sou anplwa ki “san bab” aplike a tout travayè yo san konsidere ras kapab toujou ilegal si li pa lye ak travay la epi li genyen yon enpak negatif sou anplwa gason Afwo-ameriken (ki genyen yon predispozisyon pou yon kondisyon po ki lakoz gwo bouton lè li fin raze).