Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Fason pou Depoze yon Diskriminasyon nan Anplwa

Fason pou Depoze yon Diskriminasyon nan Anplwa

Remak: Anplwaye federal ak moun ki mande travay nan ajans federal yo genyen yon pwosesis ki diferan pou pote yon plent.

Yon chaj sou diskriminasyon se yon deklarasyon ki siyen epi ki afime ke yon òganizasyon te angaje nan diskriminasyon nan anplwa. Sa mande pou EEOC pran mezi pou fè koreksyon. Lwa EEOC aplike yo, eksepte lwa sou Peman Egal Akt la, egzije’w pou depoze yon chaj anvan ou ka depoze yon pouswit pou diskriminasyon ki ilegal. Genyen delè ki fikse pou depoze yon chaj.

Delè pou Depoze yon Chaj

Kote disktriminasyon fèt kapab detèmine konbyen tan ou genyen pou depoze yon chaj. Dat limit 180 jou kalandriye pou fè deposizyon an pwolonje jiska 300 jou si yon eta oswa yon ajans lokal aplike lwa Eta oswa lwa lokal ki entèdi diskriminasyon nan anplwa sou mem baz la. Règleman yo lejèman diferan pou chaj pou diskriminasyon an. Pou diskriminasyon ki gen rapò ak laj, dat limit pou depozisyon ka pwolonje jiska 300 jou sèlman si genyen yon lwa Eta ki entèdi diskriminasyon nan anplwa sou baz laj ak yon ajans eta oswa otorite k’ap aplike lwa sa a. Dat limit lan ka pwolonje si sèlman yon lwa lokal entèdi diskriminasyon sou baz laj.

Sou entènèt - Itilize Pòtay Piblik EEOC a pou voye yon Demann Enfòmasyon, Pwogram yon randevou, ak pou Depoze yon Chaj

Yon chaj sou Diskriminasyon ka fèt atravè systèm entènèt nou an apwè ou voye yon demand pou enfòmasyon sou entènèt epi nou kapab egzamine li. Pòtay Piblik EEOC poze’w kèk kesyon pou ede wou detèmine si EEOC se bon ajans federal ki la pou jere plent ou an ki enplike diskriminasyon nan anplwa.

An Pèsòn nan yon Biwo EEOC

Chak biwo EEOC genyen randevou, kote ou ka mete yon randevou sou entènèt atravè  Pòtay Piblik EEOC. Epitou biwo yo genyen randevou san preparasyon. Ale sou https://www.eeoc.gov/field-office pou jwen’n enfòmasyon konsènan biwo ki pi pre wou la.

Nan eksperyans EEOC, lè yon moun genyen opòtinite pou diskite sou enkyetid ou yo avèk manb pèsonèl EEOC nan yon entèvyou, se pi bon fason pou evalye fason pou abòde enkyetid ou yo konsènan diskriminasyon nan fason ki apwopriye pou ou a. Nan tout ka, desizyon final pou depoze yon chaj se pwòp responsablite wou.  Yon manb pèsonèl EEOC a pral prepare yon chaj pandan l’ap itilize enfòmasyon ou bay yo, kote ou ka revize epi siyen li sou entènèt pandan w’ap konekte nan kont ou an.

Ou kapab depoze yon chaj pou diskriminasyon nan anplwa nan biwo EEOC ki pi pre kote’w ap viv la, oswa nen nenpòt Biwo eksteryè 53 EEOC. Sepandan, yo kapab fè ankèt sou chaj ou an nan biwo EEOC ki pi pre’w kote diskriminasyon an te rive a. Si ou se yon sitwayen etazini k’ap travay pou yon antrepriz Ameriken li lòt bò dlo, ou ta dwe depoze chaj ou an nan biwo eksteryè EEOC ki pi pre syèj sosyal anplwayè ou an.

Li toujou itil si ou pote tout enfòmasyon oswa papye yo avèk ou pou ede nou konpran’n ka ou an. Pa egzanp, si yo te revoke’w akoz pèfòmans ou, ou kapab pote lèt oswa avi ou an avèk ou ki di’w ke yo te revoke’w epi pote pèfòmans evalyasyon ou yo. Epitou ou kapab pote avèk ou, non moun ki konnen sa ki te rive’w la ak enfòmasyon konsènan fason pou kontakte yo.

Ou ka vini avèk nenpòt moun vle nan rankont lan, espesyalman si ou bezwen asistans pou lang epi konnen fason ou ka jwenn èd. Epitou ou ka vini avèk avoka ou an, byenke ou pa bezwen anboche yon avoka pou depoze yon chaj. Si ou bezwen asistans espesyal pandan rankont lan, tankou yon entèpwèt lang siy oswa lang etranje, fè nou konnen an avans pou nou ka fè aranjman pou yon moun kapab la pou ou.

Pa Telefòn

Byenke nou pa resevwa chaj yo pa telefòn, ou ka kòmanse pwosesis la pa telefòn. Ou ka rele nan 1-800-669-4000 pou pale sou sitiyasyon wou an.  Yon reprezantan ap pale avèk ou pou jwen’n kèk enfòmasyon pweliminè pou detèmine si sitiyasyon ou an kouvri anba lwa nou aplike epi eksplike wou fason ou ka depoze yon chaj. 

Nan yon Ajans Pratik Anplwa Lokal oswa Eta ki Ekitab

Anpil eta ak lokalite genyen ajans ki aplike lwa ki entèdi diskriminasyon nan travay. EEOC ka refere’w ak ajans sa yo antanke Pratik pou Anplwa ki Ekitab (FEPA). EEOC ak kèk FEPA genyen akò sou pataj travay ki anplas pou anpeche diplikasyon efò ki fèt nan tretman chaj la. Selon akò sa yo, si ou depoze yon chaj swa nan EEOC oswa yon FEPA, chaj la pral otomatikman depoze nan lòt ajans lan tou. Pwosesis sa a, ki defini antanke depozisyon doub, ede pwoteje dwa pati ki anchaj lwa lokal, lwa federal oswa Eta a. Si ou depoze yon chaj nan yon ajans lokal oswa ajans Eta a, ou ka fè yo konnen si ou vle depoze chaj ou an nan EEOC tou.

Pa Lapòs

Si ou genyen 60 jou oswa mwens pou depoze yon chaj nan lè ki dezinye a, Pòtay elektronik piblik EEOC ap bay enstriksyon espesyal pou founi enfòmasyon ki nesesè ak fason pou depoze yon chaj ak EEOC san delè.

Epitou ou ka depoze yon chaj pandan w’ap voye yon lèt ba nou ki genyen enfòmasyon sa yo ladan:

  • Non wou, adrès, imèl, ak nimewo telefòn ou
  • Non, adrès, imèl, ak nimewo telefòn anplwayè a (oswa ajans anplwa a oswa sendika a) ou vle depoze chaj kont li a
  • Kantite anplwaye k’ap travay lòtbò a (si ou konnen li)
  • Yon kout deskripsyon konsènan aksyon ou kwè ki te diskriminatwa kont wou an (pa egzanp, si yo te revoke’w, si yo te redwi nan grad ou, oswi yo te arase’w)
  • Lè aksyon diskriminatwa a te pase a
  • Poukisa ou kwè yo te fè diskriminasyon kont ou (si se akoz ras ou, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès, idantite seksyèl, ak oryantasyon seksyèl), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik, oswa zak revanj
  • Ak siyati ou

Pa bliye siyen lèt ou an. Si ou pa siyen li, nou pa ka fè ankèt sou li.

Yo pral egzamine lèt ou an epi wè si plis enfòmasyon nesesè, nap kontakte wou pou rasanble enfòmasyon sa yo.