Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Depoze yon Chaj sou Diskriminasyon

Depoze yon Chaj sou Diskriminasyon

Nan EEOC a

Si ou kwè yo te fè diskriminasyon kont ou nan travay la akoz ras ou, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès, idantite seksyèl, ak oryantasyon seksyèl), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik, ou ka depoze yon Chaj sou Diskriminasyon. Yon chaj sou diskriminasyon se yon deklarasyon ki siyen ki afime ke yon anplwayè, yon sendika oswa yon òganizasyon sendika te angaje nan diskriminasyon nan anplwa. Sa mande EEOC a pou pran mezi pou fè koreksyon.

Tout lwa EEOC a aplike yo, eksepte Lwa sou Peman Egal la, egzije w depoze yon Chaj pou Diskriminasyon avèk nou anvan ou ka depoze yon pouswit pou diskriminasyon nan travay kont anplwayè ou an. Anplis de sa, yon moun, yon òganizasyon, oswa yon ajans kapab depoze yon chak sou demann yon lòt moun pou pwoteje idantite moun ki blese a. Genyen delè pou depoze yon chaj. Lwa EEOC a aplike a egzije ajans lan pou enfòme anplwayè a ke yon chanj te depoze kont li.

Yon chak sou Diskriminasyon ka fèt atravè Pòtay Piblik EEOC a aprè ou soumèt yon demann enfòmasyon sou entènèt epi nou egzamine l. Depoze yon chaj fòmèl pou diskriminasyon nan anplwa se yon dosye ki enpòtan anpil. Nan eksperyans EEOC a, lè yon moun genyen opòtinite pou diskite sou enkyetid ou yo avèk manm pèsonèl EEOC a nan yon enhtèvyou, se pi bon fason pou evalye fason pou abòde enkyetid ou yo konsènan diskriminasyon nan fason ki apwopriye pou ou a. Nan tout ka, desizyon final pou depoze yon chaj se pwòp responsablite w.

Si ou genyen 60 jou oswa mwens pou depoze yon chaj nan lè ki dezinye a, Pòtay Piblik EEOC a pral bay enstriksyon espesyal pou founi enfòmasyon ki nesesè yo byen vit bay EEOC a ak fason pou depoze yon chaj byen vit. Oswa, ale nan Jwenn Biwo ki Pi Pre W La epi antre kòd postal ou an pou enfòmasyon kontak nan biwo EEOC ki pi pre w la.

Lwa EEOC a aplike yo egzije ajans lan pou aksepte chaj ki afime diskriminasyon sou anplwa.  Si lwa yo pa aplike ak demann ou yo, si chanjman an pa te depoze nan delè lwa a, oswa si EEOC a deside pou limite ankèt li a, EEOC a pral ranvwaye chaj la okenn lòt ankèt epi pral enfòme w konsènan dwa legal ou yo.

Nan Yon Ajans Lokal oswa Ajans Eta a

Anpil eta ak jiridiksyon lokal genyen pwòp lwa anti-diskriminasyon yo, epi ajans yo responsab pou aplike lwa sa yo (Ajans sou Pratik Anplwa Egal yo, oswa FEPA yo). Si ou depoze yon chaj nan yon FEPA, li pral otomatikman “depoze an doub” nan EEOC a si lwa federal yo aplike. Ou pa bezwen depoze l nan toude ajans yo.

Remak: Anplwaye federal ak moun ki mande travay yo genyen pwoteksyon similè, men yon diferan pwosesis pou plent.

Anplwaye ak Gouvènman Federal yo ak Moun ki Aplike yo

Pwosedi pou depoze yon plent sou diskriminasyon kont yon ajans gouvènman federal genyen diferans parapò ak pwosedi pou depoze yon chaj kont yon anplwayè piblik oswa yon anplwayè prive. Pou plent sou diskriminasyon kont yon ajans gouvènman federal la, pwosedi yo diferan.  Ale sou Anplwaye Federal ak Moun ki Aplike yo pou jwenn yon deskripsyon konsènan pwosedi sa yo.  Anplwaye federal ak moun ki aplike yo ka mande yon odyans oswa ka depoze yon apèl nan EEOC a atravè Pòtay Piblik EEOC a, ki pèmèt moun:

  • Kreye yon kont
  • Mande yon odyans
  • Depoze yon apèl
  • Idantifye yon reprezantan epi bay enfòmasyon kontak yo
  • Soumèt epi resevwa dokiman ki sipòte demann odyans lan oswa apèl la

Antre nan Pòtal Piblik EEOC (an Angle) pou:

  • Soumèt yon ankèt sou entènèt
  • Orè yon entèvyou konsomasyon