Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Pwoteksyon Kont Diskriminasyon ki Baze sou Oryantasyon Seksyèl oswa Idantite Seksyèl

Pwoteksyon Kont Diskriminasyon ki Baze sou Oryantasyon Seksyèl oswa Idantite Seksyèl

Nan dat 15 jen 2020, Lakou Siprèm Etazini te pibliye gwo desizyon li pran nan ka Bostock kont Konte Clayton,[1] ki te di entèdiksyon kont diskriminasyon ki baze sou sèks nan Tit 7 nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil (Tit 7) gen ladan diskriminasyon nan travay kont yon moun sou baz oryantasyon seksyèl oswa estati transjandè (chanje sèks).

Feyè enfòmasyon sa a bay yon kout eksplikasyon sou sa desizyon Bostock lan vle di pou travayè LGBTQ+ yo (ak tout travayè ki pwoteje yo) ak pou konpayi yo nan peyi a. Li eksplike tou pozisyon jiridik Komisyon pou gen Opònite Egal Ego   nan zafè Travay (EEOC oswa Komisyon) etabli sou zafè ki gen pou wè ak LGBTQ+, jan Komisyon an vote li. Anvan Bostock, Komisyon an te pran desizyon sou  anpil zafè ki gen ladan diskriminasyon nan travay ki baze sou oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl. Pa egzanp, EEOC gen otorizasyon selon Tit 7 la pou pran desizyon sou kontestasyon diskriminasyon nan travay anplwaye gouvènman federal yo fè epi, nan lane 2012, li te pran desizyon pou di diskriminasyon kont yon aplikan pou travay federal ki baze sou idantite seksyèl se diskriminasyon ki baze sou sèks.[2] Nan lane 2015, nan yon afè sektè federal ki enplike yon desizyon pou pa anboche yon moun anpèmanans, Komisyon an te pran desizyon pou di diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl endike akizasyon pou diskriminasyon ki baze sou sèks selon Tit 7.[3] Tou dènyeman, Komisyon an te aplike tou desizyon Bostock la nan sektè federal la.[4]

Enfòmasyon sa yo se pa nouvo politik. Piblikasyon sa a limenm pa gen fòs ak efè lalwa epi li pa la pou li angaje piblik la nan okenn mannyè. Objektif li se sèlman klarifye piblik la sou egzijans ki egziste yo selon lalwa.

1. Kisa ki te pase nan ka Bostock la?

Ka Bostock la te gen ladan twa ka kote te gen diskriminasyon kont travayè LGBTQ+ yo, Lakou Siprèm te deside sou yo ansanm nan yon sèl jijman. Yo te revoke Gerald Bostock, ki se kowòdonatè sèvis pwoteksyon timoun, apre konpayi li a te aprann li te antre nan yon lig sòfbòl pou masisi. Yo te revoke Donald Zarda, ki se monitè parachitis, apre konpayi li a te aprann li se masisi. Nan yon ka EEOC depoze, yo te revoke direktè ponp finèb Aimee Stephens apre konpayi li a te aprann li ta pwal fè tranzisyon pou’l vin tounen fanm. Lè Lakou Siprèm t’ap pran deside sou ka sa yo, li te di diskriminasyon nan travay ki baze sou oryantasyon seksyèl (Bostock ak Zarda) oswa estati transjandè (Aimee Stephens) se diskriminasyon "akoz sèks", epi se sa ki fè li ilegal selon Tit 7 la.

Lakou Siprèm nan ka Bostock la te rekonèt lè ou fè diskriminasyon kont yon moun sou baz oryantasyon seksyèl oswa estati transjandè, ou fè diskriminasyon kont moun sa a sou baz sèks. Se sa ki fè, Lakou Siprèm te di Tit 7 la rann li ilegal pou yon konpayi ki gen pwoteksyon konsidere oryantasyon seksyèl oswa estati transjandè yon anplwaye lè li ap pran desizyon ki gen pou wè ak travay. Tribinal la te rezève aklè kèk kesyon pou pwochen ka yo.

2. Èske Tit 7 la pwoteje tout travayè?

Tit 7 la pwoteje moun ki aplike pou travay yo, anplwaye aktyèl yo (ki gen ladan anplwaye a tan plen, anplwaye a tan pasyèl, anplwaye sezonye, ak anplwaye tanporè yo), ak ansyen anplwaye yo, si konpayi yo a gen 15 anplwaye oswa plis. Tit 7 la pa pwoteje konpayi ki gen mwens pase 15 anplwaye antou.

Tit 7 la pwoteje anplwaye yo kèlkeswa sitwayènte yo oswa sitiyasyon imigrasyon yo, nan chak Eta, Distri Columbia ak teritwa Etazini yo.

Tit 7 la jeneralman pa aplikab pou moun yo jwenn ki se kontraktè endepandan. Detèmine si yon moun se yon anplwaye oswa yon kontraktè endepandan se yon ankèt ki reyèl. Pou’w jwenn plis enfòmasyon, gade konsèy EEOC sou Pwoblèm Limit la.

3. Èske Tit 7 la aplikab pou tout konpayi yo?

Tit 7 la aplikab pou konpayi sektè prive ki gen 15 anplwaye oswa plis, pou konpayi Eta ak konpayi gouvènman lokal ki gen 15 anplwaye oswa plis, ak pou gouvènman federal la antanke konpayi. Tit 7 la aplikab tou pou sendika yo ak ajans travay yo.

Tit 7 la pa aplikab pou nasyon tribal yo. Men, lwa a aplikab pou konpayi prive ki gen 15 anplwaye oswa plis yo, menm si yo fonksyone sou yon rezèvasyon tribal.

Tit 7 la pèmèt "òganizasyon relijye" ak "enstitisyon edikatif relijye yo" (òganizasyon sa yo ki gen objektif ak karaktè yo ki se prensipalman relijyon) anboche ak anplwaye moun ki pataje pwòp relijyon pa yo (sa vle di, li pa diskriminasyon ilegal ki baze sou relijyon pou yon konpayi ki kalifye limite travay la nan mannyè sa a). Tribinal yo aplike yon "eksepsyon ministeryèl" tou ki entèdi kèk plent pou diskriminasyon nan travay anplwaye enstitisyon relijye yo fè paske anplwaye sa yo fè travay relijye ki enpòtan ki nan  misyon enstitisyon relijye a. Tribinal yo ak EEOC konsidere ak aplike, selon ka a, nenpòt defans relijye fas ak plent pou diskriminasyon, selon Tit 7 la ak lòt lwa ki an vigè yo. Pou wou jwenn plis enfòmasyon sou defans sa yo ak lòt pwoblèm ki gen pou wè ak òganizasyon relijye yo ak diskriminasyon ki baze sou relijyon, gade Manyèl Konfòmite EEOC a, Seksyon 12: Diskriminasyon ki baze sou Relijyon.

Lòt defans yo ka disponib tou pou konpayi yo dapwè enfòmasyon ki genyen sou yon ka patikilye.

4. Èske Tit 7 la pwoteje anplwaye ki travay nan lokal kote lwa Eta oswa lwa lokal la pa entèdi diskriminasyon nan travay ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl?

Wi. Antanke yon lwa federal, Tit 7 la aplikab nan tout peyi a epi li pwoteje anplwaye yo kont diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl kèlkeswa lwa Eta oswa lwa lokal yo.

5. Ki kalite mezi diskriminatwa nan zafè travay Tit 7 la entèdi?

Tit 7 la gen ladan yon pil ak pakèt pwoteksyon. Pami lòt bagay yo, selon Tit 7 la, konpayi yo pa kapab fè diskriminasyon kont moun yo sou baz oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl pa rapò ak:

  • anbochay
  • revokasyon, voye al chita lakay pou yon ti moman, oswa rediksyon nan travay
  • pwomosyon
  • desann grad
  • disiplin
  • fòmasyon
  • afektasyon
  • salè, ovètay, oswa lòt konpansasyon
  • avantaj sosyal
  • lòt tèm, kondisyon, ak privilèj travay.

Diskriminasyon an gen ladan tou arasman ki grav oswa ki envayisan. Li ilegal pou yon konpayi kreye oswa tolere anbètman ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl. Anplis, si yon anplwaye denonse yon arasman konsa yon kliyan fè, konpayi a dwe pran mezi pou li sispann arasman la epi anpeche li rive ankò. Pou wou jwenn plis enfòmasyon, ale sou paj arasman EEOC a nan https://www.eeoc.gov/harassment.

6. Èske moun ki aplike pou travay ak anplwaye ki pa fè pati LGBTQ+ yo gen pwoteksyon tou kont diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl?

Wi—konpayi yo pa gen dwa pou yo fè diskriminasyon kont moun ki aplike pou travay ak anplwaye yo paske aplikan oswa anplwaye yo se, pa egzanp, etewoseksyèl (yon moun ki renmen remen yon moun ki pa gen mem sèks ak li) oswa sisjan (yon moun ki gen idantite seksyèl li ki koresponn avèk sèks li te fèt la). Tit 7 la entèdi tizonnay ak lòt fòm diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl.

7. Èske preferans yon kliyan kapab jistifye mezi diskriminatwa yon konpayi pran?

Non. An jeneral, yo konpayi Tit 7 la pwoteje pa gen dwa pou revoke, refize anboche, oswa retire travay nan men yon moun (oswa fè diskriminasyon nan okenn lòt mannyè) paske kliyan yo ta prefere travay avèk moun ki gen yon oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl ki diferan. Konpayi yo pa gen dwa tou pou yo separe anplwaye sou baz preferans reyèl kliyan yo oswa preferans yo apèsi kliyan yo genyen. (Pa egzanp, se ap diskriminasyon pou kenbe anplwaye LGBTQ+ yo an deyò pòs kote yo an kontak ak piblik la, oswa pou dirije anplwaye sa yo nan kèk magazen oswa zòn jewografik).

8. Èske yon konpayi gen dwa pou li fè diskriminasyon kont yon anplwaye paske konpayi a kwè anplwaye a aji oswa parèt yon fason ki pa konfòm ak estereyotip sou fason gason oswa fanm sipoze konpòte yo?

Non. Kit yon konpayi konnen oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl yon anplwaye kit li pa konnen li, konpayi a pa gen dwa pou li fè diskriminasyon kont yon anplwaye paske anplwaye sa a pa konfòme li ak estereyotip seksyèl sou konpòtman fanm oswa konpòtman gason. Pa egzanp, konpayi yo pa gen dwa pou yo fè diskriminasyon kont gason yo apèsi ki aji oswa parèt fason ki selon estereyotip la se estil fanm, ni kont fanm yo apèsi ki aji oswa parèt fason ki dapwè estereyotip la se estil gason.

9. Èske yon konpayi ki gen pwoteksyon ka egzije yon anplwaye transjan abiye selon sèks anplwaye a fèt ak li a?

Non. Entèdi yon moun transjandè pou li abiye oswa prezante li selon idantite seksyèl moun sa a se ap diskriminasyon ki baze sou sèks.[5]

10. Èske yon konpayi gen dwa pou li gen twalèt, vestyè apa, ki separe selon sèks, oswa saldeben pou gason ak fanm.

Wi. Depi lontan, tribinal yo rekonèt konpayi yo ka gen twalèt, vestyè, ak saldeben ki separe pou gason ak fanm, oswa yo ka chwazi genyen twalèt, vestyè, ak saldeben ninpòt sèks oswa pou itilize yon sèl fwa. Komisyon an te pran pozisyon pou di konpayi yo pa ka refize bay yon anplwaye menm aksè nan yon twalèt, vestyè, oswa saldeben ki koresponn ak idantite seksyèl anplwaye a.[6] Sa vle di, si yon konpayi genyen twalèt, vestyè, oswa saldeben ki separe pou gason ak fanm, tout gason yo (ki gen ladan gason transjandè yo) ta dwe gen dwa pou yo itilize twalèt gason yo epi tout fanm (ki gen ladan fanm transjandè yo) ta dwe gen dwa pou yo itilize twalèt fanm yo.

11. Èske yo kapab konsidere itilizasyon pwonon oswa non ki pa kadre avèk idantite seksyèl yon moun kòm tizonnay?

Wi. nan kèk sikonstans. Arasman ilegal la gen ladan yon konpòtman endezirab ki baze sou idantite seksyèl. Pou li ilegal, konpòtman an dwe grav oswa anvayisan lè yo konsidere li ansanm avèk tout lòt konpòtman endesirab ki baze sou sèks moun lan ki gen ladan idantite seksyèl, konsa li kreye yon anviwònman travay yon moun ki gen bon sans t’ap konsidere kòm entimidan, ostil oswa chokan. Nan desizyon li pran nan ka Lusardi kont Depatman Lame a,[7] Komisyon an te eksplike pou di menm si ou mal itilize pa erè non ak pwonon prefere yon anplwaye transjandè, sa pa vyole Tit 7 la. Men, lè’w fè ekspre ou itilize move non ak pwonon yo san rete pou fè referans ak yon anplwaye transjandè, sa ka kontribiye nan kreye yon anviwònman travay ilegal ki ostil.

12. Si yo vyole dwa Tit 7 yon moun ki aplike pou travay oswa yon anplwaye, kisa aplikan an oswa anplwaye a kapab fè?

Pou aplikan ak anplwaye konpayi sektè prive yo ak konpayi gouvènman Eta ak lokal yo, moun lan kapab kontakte EEOC pou ede li deside sa pou li fè apre. Si moun lan deside depoze yon akizasyon pou diskriminasyon nan EEOC, ajans lan ap mennen yon ankèt pou li detèmine si yo te vyole lwa ki an vigè sou Opòtinite Egal Ego nan zafè Travay (Equal Employment Opportunity, EEO). Pliske yon moun dwe depoze yon akizasyon nan EEOC nan espas 180 jou apwè  vyolasyon prezime a pou li ka fè plis aksyon lajistis (oswa 300 jou si yon lwa Eta oswa lokal sou diskriminasyon nan travay pwoteje konpayi a), li pi bon pou li komanse  pwosesis la bonè.

Pou wou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou depoze yon akizasyon, ale sou https://www.eeoc.gov/how-file-charge-employment-discrimination. Pou w kòmanse pwosesis depoze yon akizasyon pou diskriminasyon kont yon konpayi prive oswa yon konpayi gouvènman Eta oswa lokal, ale sou Pòtay Piblik Anliy EEOC a nan https://publicportal.eeoc.gov oswa ale nan biwo EEOC lokal ou an (gade nan https://www.eeoc.gov/field-office pou jwenn enfòmasyon pou pran kontak yo). Pou’w jwenn enfòmasyon jeneral yo, ale sou sitwèb EEOC a ki se https://www.eeoc.gov, oswa rele nan 1-800-669-4000 (mesaj vokal), 1-800-669-6820 (TTY), oswa 1-844-234-5122 (Telefòn Videyo Lang Siy Ameriken). 

Biwo Pwogram Konfòmite Kontra Federal (Office of Federal Contract Compliance Programs, OFCCP) ki nan Depatman Travay Etazini fè aplike règleman ki entèdi kèk kontraktè federal pou lage kò yo nan fè diskriminasyon nan travay ki baze sou oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl, selon Lòd Egzekitif 11246, jan li amande a. Lòd Egzekitif 11246 la aplikab pou biznis ki gen kontra federal yo ak kontra konstriksyon gouvènman federal la finanse ki totalize plis pase $10,000 dola. Pou’w jwenn plis enfòmasyon, gade nan https://www.dol.gov/agencies/ofccp/faqs/lgbt ak https://www.dol.gov/agencies/ofccp/jurisdictional-thresholds#Q2.

Pou aplikan ak anplwaye gouvènman federal yo, pwosesis pou mande reparasyon lajistis pou vyolasyon Tit 7 la pa menm ak pwosesis moun ki nan sektè prive yo ak gouvènman Eta ak gouvènman lokal yo dwe itilize. Aplikan ak anplwaye federal yo dwe kontakte biwo EEO a anvan nan ajans federal espesifik yo kwè ki te fè diskriminasyon ilegal nan travay la. An jeneral, aplikan ak anplwaye federal yo dwe kòmanse pwosesis EEO sektè federal sa a nan kontakte biwo EEO ajans federal la pou yo mande konsèy sou EEO. Pifò ajans federal yo afiche enfòmasyon pou pran kontak ak biwo EEO entèn yo a sou sitwèb ajans ekstèn yo a.

Yon aplikan oswa anplwaye federal jeneralman dwe mande konsèy sou EEO nan ajans ki apwopriye a nan espas 45 jou sivil apre dat ensidan anplwaye a oswa aplikan an kwè ki diskriminatwa a (yo)Si yon moun pa respekte delè sa a, sa kapab fè li pèdi dwa legal ak rekou ki t’ap disponib yon lòt mannyè pou li. Men, si yon aplikan oswa anplwaye federal di yo fè li travay nan yon anviwònman travay ki ostil, epi omwen yon ensidan te pase nan espas 45 jou sivil apre li fin kontakte yon konseye EEO, donk yo ka toujou konsidere ensidan ki te rive an deyò peryòd 45 jou sivil yo pou ankèt la.

Aplikan ak anplwaye federal yo kapab jwenn plis enfòmasyon tou sou pwosesis sektè federal pou akizasyon pou diskriminasyon nan travay sou sitwèb EEOC a la a.

Lòt pwosesis yo ka disponib pou aplikan ak anplwaye federal k’ap chèche reparasyon pou diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl, ki gen ladan depoze plent anba akò negosyasyon kolektif ki an vigè yo ak/oswa depoze yon plent pratik pèsonèl ki entèdi selon Lwa 1978 sou Refòm Sèvis Sivil la nan Biwo Konsèy Espesyal Etazini an.

13. Si mwen kontakte EEOC oswa depoze yon akizasyon oswa plent pou diskriminasyon, èske yo kapab revoke mwen?

Li ilegal pou yon konpayi tire revanj kont yon anplwaye, arase li, oswa sanksyone li yon lòt mannyè paske:

  • li pa aksepte diskriminasyon nan travay anplwaye a kwè ak rezon ki te ilegal;
  • li depoze yon akizasyon oswa plent nan EEOC;
  • oswa li patisipe nan yon ankèt, odyans, oswa lòt pwosè ki lye ak aplikasyon Tit 7 la.

Vanjans se nenpòt bagay ki petèt pral dekouraje travayè yo fè oswa kore yon akizasyon pou diskriminasyon. Pou’w jwenn plis enfòmasyon sou  revanj, gade nan https://www.eeoc.gov/laws/guidance/enforcement-guidance-retaliation-and-related-issues.

  

[1] 590 U.S. ___, 140 S. Ct. 1731 (2020).

[2] Nan ka Macy kont Depatman Jistis, Nimewo Kontestasyon EEOC 0120120821 (20 avril 2012), yon desizyon Komisyon an vote ki enplike yon moun ki aplike pou travay federal, EEOC te detèmine diskriminasyon transjandè, ki gen ladan diskriminasyon paske yon anplwaye pa konfòme li ak nòm oswa estereyotip sèks, se diskriminasyon ki baze sou sèks ki vyole Tit 7 la sou baz yon entèpretasyon senp tèks lejislatif la ki entèdi diskriminasyon akoz sèks. Sètadi, Komisyon an te eksplike pou di diskriminasyon ki baze sou idantite seksyèl yon anplwaye se diskriminasyon ki baze sou sèks "kit yon konpayi fè diskriminasyon kont yon anplwaye [paske anplwaye a eksprime] sèks li yon fason ki pa gen rapò ak estereyotip, paske konpayi a pa alèz avèk lefètke moun lan te fè tranzisyon oswa li nan pwosesis pou fè tranzisyon pou’l soti nan yon sèks ale nan yon lòt, oswa paske konpayi a jis pa renmen rezon moun lan idantifye tèt li kòm yon moun ki transjandè".

[3] Nan ka Baldwin kont Depatman Transpò, Nimewo Kontestasyon EEOC 0120133080 (15 jiyè 2015), yon desizyon Komisyon an vote ki konsène  rezon yon konpayi pa rekrite yon moun anpèmanans kòm kontwolè trafik anlè, Komisyon an te fini pou di yon akizasyon pou diskriminasyon sou baz oryantasyon seksyèl nesesèman endike yon akizasyon pou diskriminasyon ki baze sou sèks selon Tit 7 la.

[4] Gade Ka Bart M. kont Depatman Enteryè, Nimewo Kontestasyon EEOC 0120160543 (14 janvye 2021).

[5] Gade Ka Macy kont Depatman Jistis, Nimewo Kontestasyon EEOC 0120120821 (20 avril 2012).

[6] Gade Ka Lusardi kont Depatman Lame a, Nimewo Kontestasyon EEOC 0120133395 (1ye avril 2015) (li fini nan yon desizyon EEOC ki gen ladan yon anplwaye federal. Yo vyole Tit 7 la lè yon konpayi refize bay yon anplwaye menm aksè nan yon twalèt piblik ki koresponn ak idantite seksyèl anplwaye a).

[7] Id.