Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon: Aksè nan Etablisman/Twalèt ak Idantite Seksyèl

Feyè Enfòmasyon: Aksè nan Etablisman/Twalèt ak Idantite Seksyèl

Enfòmasyon Jeneral

  • Tèm "transjandè" an fè referans ak moun ki gen idantite ak/oswa ekspresyon seksyèl yo ki diferan ak sèks yo te genyen lè yo te fèt (pa egzanp, sèks ki endike sou yon batistè orijinal). Yo itilize tèm fanm transjandè an jeneralman pou fè referans ak yon moun ki te gen sèks gason lè li te fèt men ki idantifye tèt li kòm fanm. Se menm jan an, yo itilize tèm gason transjandè an jeneralman pou fè referans ak yon moun ki te gen sèks fanm lè li te fèt men ki idantifye tèt li kòm gason. Yon moun pa oblije fè okenn operasyon pou yo konsidere li kòm yon gason oswa yon fanm transjandè. 

Tit 7 nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil ak Moun Transjan

  • Anplis lòt lwa federal yo, EEOC fè aplike Tit 7 nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil, ki entèdi diskriminasyon nan travay sou baz ras, koulè po, orijin nasyonal, relijyon, ak sèks (ki gen ladan gwosès, idantite seksyèl, ak oryantasyon seksyèl). Tit 7 la aplikab pou konpayi prive, konpayi Eta ak konpayi lokal ki gen 15 anplwaye oswa plis, ansanm ak ajans federal yo nan kalite yo antanke konpayi. Tankou tout dispozisyon kont diskriminasyon, pwoteksyon sa yo abòde konpòtman nan espas travay la, se pa kwayans pèsonèl. Kidonk, pwoteksyon sa yo pa egzije okenn anplwaye chanje kwayans. Depreferans, yo chèche asire tretman nan espas travay la apwopriye yon fason pou tout anplwaye yo ka fè travay yo san yo pa sibi diskriminasyon. Lwa Eta oswa lwa lokal ki kontrè se pa yon defans selon Tit 7. 42 U.S.C. § 2000e-7.
  • Se ajans ki konsène a ki jere plent pou diskriminasyon nan travay aplikan ak anplwaye sektè federal yo pote, men yo kapab fè yon kontestasyon desizyon ajans lan bòkote EEOC apresa. EEOC kapab pase ajans lan lòd pou bay reparasyon si li konstate gen diskriminasyon. Sepandan, yon gouvènman Eta oswa gouvènman lokal oswa konpayi prive depoze akizasyon diskriminasyon yo dirèkteman bòkote EEOC pou li mennen ankèt epi, lè sa posib, rezolisyon volontè; EEOC pa kapab òdone reparasyon nan zafè sa yo. Men, nan kèk ka, li gendwa pouswiv pwosè a.
  • Nan ka Bostock kont Clayton County, Georgia, Nimewo 17-1618 (S. Ct. 15 jen 2020), Lakou Siprèm te pran desizyon pou di diskriminasyon ki baze sou estati transjandè se diskriminasyon ki baze sou sèks ki vyole Tit 7 la. 
  • Nan ka Lusardi kont Depatman Lame, Nimewo Kontestasyon EEOC 0120133395, 2015 WL 1607756 (27 mas 2015), yon kontestasyon sektè federal, EEOC te di:
    1. yon ajans federal ki te refize bay yon anplwaye menm aksè nan yon twalèt/etablisman komen ki koresponn ak idantite seksyèl anplwaye a te fè diskriminasyon sou baz sèks;
    2. ajans lan pa’t kapab fikse kondisyon pou bay anplwaye ki fè operasyon oswa bay prèv operasyon oswa nenpòt lòt pwosedi medikal dwa sa a; epi
    3. ajans lan pa’t kapab evite egzijans pou li bay menm aksè nan yon twalèt/etablisman komen nan fè yon anplwaye transjan itilize sèlman yon twalèt pou yon sèl moun pito (menm si konpayi a kapab rann yon twalèt pou yon sèl moun itilize disponib pou tout anplwaye ki ka chwazi itilize li).

Pou w Jwenn Plis Enfòmasyon…

Sa pou Fè si Ou Panse Yo Te Fè Diskriminasyon Kont Ou

  • Si ou kwè yo te fè diskriminasyon kont ou, ou ka pran mezi pou‘w pwoteje dwa ou yo selon Tit 7 la lè ou depoze yon plent:

Anplwaye sektè prive ak anplwaye gouvènman Eta/lokal yo ka depoze yon akizasyon pou diskriminasyon lè yo kontakte EEOC nan 1-800-669-4000 oswa lè yo ale sou https://www.eeoc.gov/ht/fason-pou-depoze-yon-diskriminasyon-nan-anplwa.

Anplwaye gouvènman federal yo ka tanmen pwosesis plent lan lè yo kontakte yon konseye EEO nan ajans yo a; gen plis enfòmasyon ki disponib nan https://www.eeoc.gov/federal-sector/overview-federal-sector-eeo-complaint-process.