﻿WEBVTT

00:00:00.454 --> 00:00:02.885
Komisyon Etazini pou
Egalite Chans nan Travay la

00:00:02.912 --> 00:00:05.429
se ajans lan
ki fè respekte lwa federal yo,

00:00:05.537 --> 00:00:07.240
ki entèdi pou fè diskriminasyon

00:00:07.265 --> 00:00:09.321
kont yon kandida pou travay
oswa yon anplwaye akòz

00:00:09.480 --> 00:00:12.216
ras, koulè, relijyon,
sèks moun lan,

00:00:12.331 --> 00:00:15.749
ansanm ak idantite seksyèl
epi oryantasyon seksyèl.

00:00:15.887 --> 00:00:18.155
gwosès,
ak aranjman pou gwosès,

00:00:18.225 --> 00:00:20.816
orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis),

00:00:21.097 --> 00:00:23.016
andikap oswa enfòmasyon jenetik.

00:00:23.468 --> 00:00:25.493
Lwa EEOC an fè respekte yo

00:00:25.642 --> 00:00:28.675
prevwa tou pou travayè yo
ka benefisye aranjman rezonab

00:00:28.742 --> 00:00:30.998
si yo bezwen yo
akòz andikap, relijyon,

00:00:31.041 --> 00:00:34.745
gwosès, akouchman yo,
oswa yon pwoblèm medikal ki asosye ak sa.

00:00:35.001 --> 00:00:36.485
Depi aranjman an

00:00:36.515 --> 00:00:38.737
pa lakòz difikilte
ki twòp pou patwon an.

00:00:38.942 --> 00:00:40.937
Si w kwè yon bagay
te rive w nan travay ou

00:00:40.967 --> 00:00:42.194
pou nenpòt nan rezon sa yo,

00:00:42.360 --> 00:00:44.225
ou ka depoze
yon plent pou diskriminasyon

00:00:44.240 --> 00:00:47.346
kont patwon w, sendika w,
oswa ajans travay ou an.

00:00:47.672 --> 00:00:50.296
Ou gen 180 jou pou w depoze yon plent.

00:00:50.457 --> 00:00:53.942
Si zòn ou an gen yon ajans Eta a oswa ajans lokal
pou pratik pou jistis nan travay

00:00:54.070 --> 00:00:55.653
ki fè respekte lwa ki sanblab,

00:00:55.825 --> 00:00:58.125
peryòd la gendwa pwolonje jiska 300 jou.

00:00:58.420 --> 00:01:04.555
Aprann plis nan
eeoc.gov/time-limits-filing-charge.

00:01:04.761 --> 00:01:07.434
Gen plizyè fason
pou kontakte EEOC

00:01:07.582 --> 00:01:09.721
pou depoze yon plent
pou diskriminasyon.

00:01:10.197 --> 00:01:13.200
Sou entènèt, apati
pòtay piblik EEOC an,

00:01:13.457 --> 00:01:16.228
nan publicportal.eeoc.gov.

00:01:16.511 --> 00:01:19.220
Fizikman, nan yon biwo EEOC,

00:01:19.342 --> 00:01:22.259
oswa nan yon ajans Eta a oswa lokal
pou pratik jistis nan travay.

00:01:22.662 --> 00:01:28.072
Pou jwenn biwo ki pi pre ou an,
ale sou eeoc.gov/field-office.

00:01:28.158 --> 00:01:30.400
Nan kourye,
pou adrès postal ki pi pre w la,

00:01:30.438 --> 00:01:34.254
ale sou eeoc.gov/field-office.

00:01:34.634 --> 00:01:38.050
Nan telefòn nan 1-800-669-4000.

00:01:38.333 --> 00:01:42.466
Pou TTY, 1-800-669-6820.

00:01:42.860 --> 00:01:48.032
Pou telefòn videyo ASL,
1-844-234-5122.

00:01:48.444 --> 00:01:50.660
Gen sèvis tradiksyon gratis
ki disponib nan

00:01:50.777 --> 00:01:52.457
plis pase 200 lang.

00:01:52.515 --> 00:01:54.740
Nou kapab reponn tou
nenpòt kesyon ou gendwa genyen.

00:01:55.025 --> 00:01:56.121
Apèl la gratis

00:01:56.161 --> 00:01:58.202
epi ou pa bezwen gen
yon avoka pou w kontakte nou.

00:01:58.260 --> 00:01:58.982
Mèsi.