Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. W Ap Viv ak Enfeksyon VIH, Dwa Ou Genyen Kote W Travay la Dapre ADA

W Ap Viv ak Enfeksyon VIH, Dwa Ou Genyen Kote W Travay la Dapre ADA

Si ou gen enfeksyon VIH oswa SIDA, ou gen dwa pou yo respekte zafè w ki prive (konfidansyalite) kote w ap travay la, ou gen pwoteksyon kont diskriminasyon ak pèsekisyon nan travay la akòz eta sante w, epi ou ka gen dwa pou jwenn yon aranjman rezonab ki ka ede  w nan fè travay ou. Fèy Enfòmasyon sa a bay yon eksplikasyon rezime sou dwa sa yo ke Lwa sou Ameriken ki gen Andikap (Americans with Disabilities Act, ADA) bay. Ou ka gen lòt dwa ankò dapre lòt lwa tankou Lwa sou Konje Familyal ak Medikal (Family and Medical Leave Act, FMLA) ak divès lwa sou asirans sante yo p ap diskite la a.

1. Èske Mwen Gen Dwa Kenbe Eta Sante M Sekrè (Konfidansyèl)?

Nan pifò sitiyasyon, ou ka kenbe sitiyasyon w konfidansyèl. Anjeneral, anplwayè pa gen dwa mande w si w sewopozitf oswa si w gen nenpòt lòt maladi, anvan yo pwopoze w yon travay. Yon anplwayè gen dwa poze kesyon sou sante w nan kat (4) sitiyasyon:

  • Lè li angaje sou labaz diskriminasyon pozitif an favè moun ki gen andikap, nan ka sa a, ou ka chwazi si w ap reponn ou pa.
  • Lè ou mande yon aranjman rezonab (gade Kesyon 3).
  • Apre li fin pwopoze w yon djòb, men anvan travay la kòmanse, a kondisyon ke tout moun k ap antre nan menm kategori djòb sa a te gen pou reponn menm kesyon an.
  • Nan travay la, lè gen prèv reyèl ke ou ka pa kapab fè travay ou oswa ke ou ka reprezante yon risk sekirite akòz eta sante w. Anplwayè a pa kapab baze li sou lejann oswa prejije sou sitiyason w lan pou li konkli ou pa ka fè yon travay ou oswa si ou reprezante yon risk.

Ou ka bezwen diskite eta sante w tou pou detèmine kalifikasyon pou benefis dapre lòt lwa, tankou FMLA.

Si w oblije pale de eta sante w pou w ka reponn yon kesyon ki pa yon kesyon medikal (pa egzanp, si yo mande w poukisa gen peryòd inaktif nan CV w), ou ka chwazi si w vle reponn. Sepandan, ou ta dwe konnen ke anplwayè a ka rejte w paske ou pa reponn kesyon an oswa paske ou bay manti. Si w pale de kondisyon sante w la, anplwayè a pa ka fè diskriminasyon kont ou (gade Kesyon 5), epi li oblije kenbe enfòmasyon an konfidansyèl, menm pa rapò a kanmarad nan travay ou yo. (Si w vle diskite eta sante w ak kanmarad nan travay ou yo, ou ka chwazi fè sa.)

2. E si eta sante m ka enpakte pèfòmans travay mwen?

Si enfeksyon VIH la, efè segondè medikaman VIH yo, oswa yon lòt maladi ou devlope akòz VIH la kapab afekte pèfòmans ou nan travay, ou ka gen dwa pou jwenn yon aranjman rezonab k ap ede w rezoud pwoblèm nan.

Yon aranjman rezonab se yon chanjman kèlkonk nan fason bagay yo fèt ke ou bezwen akòz yon andikap. Pami amenajman rezonab ki posib yo, ou ka jwenn modifikasyon nan orè travay ak poz (egzanp, anpil poz pou repo ak itilize twalèt, epi fikse lè travay an fonksyon de randevou kay doktè), chanjman nan metòd sipèvizyon (pa egzanp, enstriksyon alekri nan men yon sipèvizè ki pa bay sa anjeneral), amenanajman pou defisyans nan vizyon (egzanp, loup, lojisyèl lekti ekran ak lektè ki ede moun fè lekti), mèb biwo konfòtab ak efikaskonje san peye (egzanp, pou tretman oswa rekiperasyon), pèmisyon pou travay lakay ak transfè nan yon pòs vid si ou pa kapab fè travay ou ankò akòz eta sante w. Sa yo se jis egzanp - ou lib pou w mande nenpòt chanjman ou bezwen akòz eta sante w. Sepandan, anplwayè a pa oblije elimine fonksyon esansyèl (travay fondamantal) nan pòs travay ou an, kite w fè mwens travay pou menm salè a, oswa kite ou fè travay ki gen mwens kalite.

Kòm yon anplwayè pa oblije eskize move pèfòmans nan travay, menm si se maladi oswa efè segondè medikaman ki fè sa, li t ap pi bon pou ou mande yon aranjman anvan okenn pwoblèm poze oswa vin pi grav.

3. Kijan Mwen Ka Jwenn yon Aranjman Rezonab?

Mande youn. Di yon sipèvizè, yon resposab resous imèn oswa yon lòt moun apwopriye ke ou bezwen yon chanjman nan fason bagay yo fèt nòmalman an akòz eta sante w. Ou ka mande yon aranjman nenpòt ki lè. (Men, anpil moun chwazi tann apre yo fin jwenn yon òf travay pou mande yon aranjman paske li difisil anpil pou pwouve diskriminasyon ilegal ki fèt anvan yon òf travay.)

4. Kisa Ki Ap Rive Apre Mwen Fin Mande yon Aranjman Rezonab?

Anplwayè a ka mande w pou w fè demann nan alekri, epi pou w dekri eta sante w epi kijan li afekte travay ou. Anplwayè a ka mande w tou pou w soumèt yon lèt doktè w ki montre ou gen yon pwoblèm sante, epi ou bezwen yon aranjman. Si ou pa vle anplwayè a konnen dyagnostik egzak la, yon dokiman ki bay yon deskripsyon jeneral ka sifi (ki di pa egzank ke ou gen yon "twoub iminitè"). Yo ka mande doktè a tou si yon aranjman rezonab an patikilye ka reponn a bezwen w yo.

Si yon aranjman rezonab ta ka ede w fè travay ou, anplwayè a dwe fè li pou ou, sof si aranjman an ap antrene gwo difikilte oswa gwo depans. Anplwayè a pa ka revoke w legalman, oswa refize anboche w oubyen refize ba ou pwomosyon paske w te mande yon aranjman rezonab oswa paske w bezwen youn. Nonplis tou, li pa kapab fè w peye pou aranjman an. Si gen plizyè aranjman posib, anplwayè a ka chwazi kiyès li vle fè pou ou.

5. Si Anplayè a Konnen Mwen Gen Enfeksyon VIH, Èske Li Ka Revoke Mwen?

Anplwayè yo pa gen dwa fè diskriminasyon kont ou tou senpleman paske ou gen enfeksyon VIH, sa vle di revoke w, refize ba w yon travay oswa yon pwomosyon oswa fòse w pran konje.

Malgre ke anplwayè yo pa oblije kenbe anplwaye ki pa kapab fè travay la oswa ki reprezante yon "menas dirèk" pou sekirite (yon risk enpòtan pou tèt li oswa pou lòt moun), yo pa kapab baze yo sou lejann oswa prejije sou enfeksyon HIV pou deside kisa ou ka fè san danje oswa tout bon vre. Anvan yon anplwayè kapab baze li sou eta sante w pou li refize w yon travay, li dwe gen prèv reyèl ke ou pa ka egzekite fonksyon pòs la oswa ke ou ka kreye yon risk sekirite enpòtan, menm avèk yon amanajman rezonab.

6. E Si Moun Pèekite M Akòz Eta Sante Mwen?

ADA pa pèmèt Pèsekisyon ki baze sou yon andikap. Ou ta dwe enfòme anplwayè a pou nenpòt ensidan pèsekisyon si w vle anplwayè a fè pwoblèm nan sispann. Swiv pwosedi pou rapòte anplwayè w la, si genyen. Si w rapòte ensidan pèsekisyon an, anplwayè a oblije daprè lalwa pou li pran mezi pou anpeche li rive alavni.

7. Kisa Mwen Ta Dwe Fè si Mwen Panse Dwa Mwen Vyole?

Komisyon pou Opòtinite Egal nan Travay Etatzini (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) ka ede w detèmine ki demach pou w fè, epi mennen yon ankèt si w deside pote plent pou diskriminasyon. Paske ou dwe pote plent nan 180 jou oplita apre swadizan vyolasyon an pou w ka fè on pouswit devan tribinal (oswa 300 jou si Eta a oswa lokalite a gen yon lwa pou diskriminasyon nan travay ki konsène anplwayè a tou), li pi bon pou kòmanse pwosesis la bonè. Li ilegal pou anplwayè a fè reprezay kont ou paske w kontakte EEOC oswa pote plent. Pou jwenn plis enfòmasyon, vizite http://www.eeoc.gov, rele nan 800-669-4000 (vwa) oswa nan 800-669-6820 (TTY), oswa vizite biwo lokal EEOC a (gade http://www.eeoc.gov/field/index.cfm pou jwenn enfòmasyon kontak).