Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Depoze yon Pouswit

Depoze yon Pouswit

Remak: Anplwaye federal ak moun ki mande travay yo genyen yon diferan pwosesis pou plent.

Depozisyon Chaj ak Avi sou Egzijans Dwa pou Pouswit yo

Si ou planifye pou depoze yon pouswit selon lwa federal la ki afime diskriminasyon sou baz ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès, idantite seksyèl, ak oryantasyon seksyèl), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), enfòmasyon jenetik sou andikap. oswa zak reprezay, ou premyèman depoze yon chaj nan EEOC a (eksepte pou pouswit selon Lwa sou Peman Egal la, gade anba a).

Nou pral ba w yon Avi sou Dwa pou Pouswit nan moman EEOC ap fèmen ankèt li a. Epitou ou kapab mande yon Avi sou Dwa pou Pouswit nan biwo EEOC k ap fè ankèt sou chaj ou an si nou swete depoze yon pouswit nan tribinal la anvan ankèt la fini (gade anba a). Avi sa a ba w pèmisyon pou depoze yon pouswit nan tribinal eta  oswa tribinal federal la.

Ou Genyen 90 Jou pou Depoze Yon Pouswit nan Tribinal la

Yon fwa ou resevwa yon Avi sou Dwa pou Pouswit, ou dwe depoze pouswit ou an nan delè ki pa depase 90 jou. Se la lwa ki defini dat limit lan. Si ou pa fè depozisyon an atan, yo kapab anpeche’w kontinye ak pouswit ou an.

Eksepsyon Lè Ou Depoze yon Pouswit

Pouswit sou Diskriminasyon ki Baze sou Laj (ADEA)

Si ou gen plan pou depoze yon pouswit sou diskriminasyon, ou dwe depoze yon chaj men ou pa bezwen yon Avi sou Dwa pou Pouswit nan tribinal la. Ou ka depoze yon pouswit nenpòt lè aprè 60 jou te pase apati jou ou te depoze chaj ou an (men pa pita pase 90 jou aprè ou resevwa avi ke nou fèmen ankèt nou an).

Pouswit sou Peman Egal (EPA)

Si ou planifye pou depoze yon pouswit selon lwa sou Peman Egal la, ou pa bezwen depoze yon chaj oswa jwenn yon Avi sou Dwa pou Pouswit anvan ou fè depozisyon an. Olye de sa, ou ka ale dirèkteman nan tribinal la, depi ou depoze pouswit ou an nan delè ki pa depase dezan apati jou diskriminasyon sou pemen an te fèt la (3 lane si diskriminasyon an te volontè).

Seksyon VII la rann li ilegal tou pou fè diskriminasyon sou baz sèks nan peman salè ak nan avantaj yo. Si ou genyen yon demand pou lwa sou Peman Egal la, kapab genyen avantaj pou fè depozisyon tou selon Seksyon VII lan. Pou depoze yon pouswit nan tribinal selon Seksyon VII lan, ou dwe te depoze yon chaj nan EEOC epi ou dwe te resevwa yon Avi sou Dwa pou Pouswit.

Depoze yon Pouswit Anvan Ankèt la Fèmen

Si ou vle depoze yon pouswit anvan nou fini ankèt nou an, ou ka mande yon Avi sou Dwa pou Pouswiv.

Fason pou Mande yon Avi Dwa pou Pouswit:

Si ou te anrejistre nan Pòtay Piblik EEOC a, ou ka soumèt demand ou an pandan w’ap konekte nan akont chaj ou an epi voye demand ou an. Si ou pa genyen yon kont chaj sou entènèt, voye demand ou an pou yon Avi sou Dwa pou Pouswit nan biwo EEOC ki responsab pou fè ankèt sou chaj ou an epi mete nimewo chaj EEOC ou an ak non pati yo.

  • Aprè 180 jou te pase apati dat ou te depoze chaj ou an.
    Si plis pase 180 jou te pase apati jou ou te depoze chaj ou an, la lwa egzije nou pou ba wou avi a si ou mande l.
  • Anvan 180 jou te pase apati dat ou te depoze chaj ou an.
    Si mwens pase 180 jou te pase, nou pral sèlman ba wou avi a si nou pap anmezi pou fini ankèt nou an nan 180 jou.

Si ou vle EEOC kontinye fè ankèt sou chaj ou an, pa mande yon Avi sou Dwa pou Pouswit.

Pouswit EEOC yo

Nan pifò ka, EEOC ka depoze yon pouswit pou aplike lwa yo sèlman aprè li fin fè ankèt epi jwenn enfòmasyon ke genyen koz rezonab pou kwè ke te genyen diskriminasyon, epi li pa anmezi pou rezoud dosye a atravè yon pwosesis ki rele "konsilyasyon." EEOC genyen diskresyon sou chaj pou plede pou yo si efò konsilyasyon yo pa te reyisi, epi finalman plede pou yon ti pousantaj chaj ki te depoze. Lè w’ap deside si pou depoze yon pouswit, EEOC  konsidere faktè tankou fòs prèv, pwoblèm ki nan ka a, ak pi gran enpak pouswit la te ka genyen sou efò EEOC pou konbat diskriminasyon nan espas travay la. Epitou kongrè a te bay moun yo dwa pou depoze yon pouswit nan tribinal la.

Lokalize yon Avoka pou Anplwa pou Asiste W nan Lè W ap Depoze yon Pouswit

Lè ou mande sa, biwo EEOC yo ka ba’w yon lis avoka lokal ki te endike EEOC ke yo espesyalize nan lwa sou anplwa ak travay; EEOC pa fè rekòmandasyon.

Epitou òganizasyon sa yo bay repètwa avoka ki reprezante travayè yo si w’ap panse pou depoze yon pouswit:

American Bar Association - https://www.americanbar.org/groups/lawyer_referral/resources/lawyer-referral-directory/?q=*:*&hl=on&hl.preserveMulti=true&hl.sni
Yon Repètwa Sèvis Referans nan American Bar Association te òganize pa eta epi slon pwoblèm legal la.

National Employment Lawyers Association: http://exchange.nela.org/network/findalawyer
NELA se yon òganizasyon pwofesyonèl nasyonal ki genyen avoka ki reprezante anplwaye yo nan ka lwa ki genyen rapò anplwa.

Workplace Fairness: http://www.workplacefairness.org/find-attorney
Repètwa Avoka Workplace Fairness yo prezante avoka nan tout Etazini ki prensipalman reprezante travayè nan ka ki genyen rapò ak anplwa.