Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Asèlman

Asèlman

Asèlman se yon fòm diskriminasyon nan anplwa ki vyole Seksyon VII nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil yo, Lwa 1967 sou Diskriminasyon sou Laj nan Anplwa (ADEA), ak Lwa 1990 sou Ameriken ki Genyen Andikap yo, (ADA).

Asèlman se kondwit endezirab ki baze sou ras yo, koulè yo, relijyon yo, sèks yo (ki genyen ladan gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik. Asèlman vin ilegal kote 1) Ou sibi kondwi ki ofansif vin yon kondisyon anplwa kontini, oswa 2) kondwi ki grav oswa ki jeneralize ase pou kreye yon anviwònman travay yon moun rezonab t’ap konsidere kòm entimidan, ostil, oswa abizif. Lwa kont diskriminasyon yo entèdi asèlman kont moun kòm zak reprezay paske li te depoze yon chaj kont diskriminasyon, paske li temwanye, oswa li patisipe nan nenpòt fason nan yon ankèt, pwosedi, oswa pouswit selon lwa sa yo; oswa ki poze ak pratik anplwa yo kwè yon fason rezonab yo kwè ki fè diskriminasyon kont moun yo, nan vyolasyon lwa sa yo.

Ti outraj, annwit, ak ensidan izole (sof nan si li ekstrèmman serye) p’ap rive nan nivo ilegalite. Pou li kapab ilegal. kondwit la dwe kreye yon anviwònman travay ki t’ap entimidan, ostil, oswa ofansif pou moun ki rezonab.

Kondwi ki ofansif yo genyen ladan, men pa limite ak, ti blag ofansif, ensilt, epitèt oswa gwo mo, agresyon fizik oswa menas, entimidasyon, ridikilize oswa mokri, ensilt oswa imilyasyon, objè ofansif oswa imaj, ak entèferans nan pèfòmans travay. Kapab genyen asèlman nan divès sikonstans, ki genyen ladan, men pa limite ak, bagay sa yo:

  • Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, ajan yon anplwaye, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye.
  • Viktim nan pa bezwen moun yo asele a, men li kapab nenpòt moun ki afekte pa kondwit ofansif la.
  • Asèlman ki ilegal kapab rive san domaj ekonomik pou, oswa ranvwa viktim nan.

Prevansyon se pi bon zouti pou elimine asèlman nan espas travay la. Yo ankouraje anplwayè yo pou pran mezi ki apwopriye pou anpeche ak pou dekouraje asèlman ki ilegal. Yo ta dwe klèman kominike anplwaye yo ke kondwit asèlman ki endezirab p’ap tolere. Yo ka fè sa pandan l’ap etabli yon plan ki efikans oswa yon pwosesis pou doleyans, ki bay fòmasyon kont asèlman bay responsab ak anplwaye yo, epi pran mezi ki imedya epi ki apwopriye lè yon anplwaye pote plent. Anplwayè yo ta dwe fè efò pou kreye yon anviwònman kote anplwaye yo santi yo ka pale de enkyetid yo epi yo genyen konfyans ke yo pral abòde enkyetid sa yo.

Yo ankouraje anplwaye yo pou enfòme aselè a dirèkteman ke kondwit la endezirab epi li dwe kanpe. Epitou anplwaye yo ta dwe deklare asèlman nan administrasyon an nan premye etap la pou anpeche li vin pi grav.

Responsablite Anplwayè pou Asèlman

Anplwayè a otomatikman responsab pou asèlman pa yon sipèvizè ki mennen yon aksyon ki negatif nan anplwa tankou fen kontra a, pa ka jwenn pwomosyon oswa anplwa, ak pèt salè. Si asèlman sipèvizè a mennen yon anviwònman travay ki ostil, anplwayè a ka evite responsablite a sèlman si li ka pwouve sa: 1) li te resonableman eseye anpeche epi korije konpòtman asèlman an byen b=vit; epi 2) anplwaye a te rezonableman echwe pou pwofite nen nenpòt opòtinite prevantif oswa korektif anplwayè a bay.

Anplwayè a pral responsab pou asèlman ki fèt pa anplwaye ki sipèvize oswa moun ki pa anplwaye sou moun li genyen kontwòl sou yo (tankou kontraktè endepandan oswa kliyan sou lokal yo), si li te konnen, oswa si li te konnen konsènan asèlman epi li te pa te rive pran mezi korektif ki apwopriye yo byen vit.

Lè EEOC a ap fè ankèt sou yon plent, li gade tout dosye a: ki genyen ladan nati kondwit la, ak nan kontèks ensidan ki konfime a te rive a. Yon detèminasyon sou si asèlman an grav oswa jeneralize ase pou li kapab ilegal fèt sou yon baz ka pa ka.

Si ou kwè ke asèlman w ap afwonte a oswa asèlman ou asiste a geneyn yon nati ki espesifik seksyèl, ou kapab vle wè enfòmasyon EEOC a sou asèlman seksyèl.