Diskriminasyon sou Orijin Nasyonal
Diskriminasyon sou orijin nasyonal enplike trete moun (aplikan oswa anplwaye) yon fason ki pa favorab paske yo soti nan yon peyi patikilye oswa yon pati nan monn lan, akoz etnisite oswa aksan, oswa paske yo sanble genyen kèk antesedan (menm si yo genyen).
Diskriminasyon sou orijin nasyonal ka enplike tou trete moun yo fason defavorab paske yo marye ak (oswa asosye avèk) yon moun ki genyen yon sèten orijin.
Ka genyen diskriminasyon lè viktim nan ak lòt moun ki te sibi diskriminasyon an toude genyen menm orijin nasyonal.
Diskriminasyon sou Orijin Nasyonal ak Sitiyasyon Travay
La lwa entèdi diskriminasyon lè sa konsène tout aspè anplwa a, ki genyen ladan lè yo tankou anboche, revoke, peye, atribisyon travay, pwomosyon, revokasyon, fòmasyon, avantaj anplis, ak tout lòt tèm oswa kondisyon travay.
Orijin Nasyonal ak Asèlman
Li kont la lwa pou asele yon moun akoz orijin nasyonal li. Asèlman ka genyen ladan, pa egzanp, remak ki ofansif oswa ki denigran konsènan orijin nasyonal, aksan oswa etnisite yon moun. Byenke la lwa pa entèdi senp takinri, kòmantè ki fèt san okenn entansyon,oswa ensidan izole ki pa trè serye, asèlman ilegal se lè li fèt twò souvan oswa li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa lè li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li).
Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.
Diskriminasyon ki Baze sou Orijin Nasyonal ak Politik/Pratik sou Anplwa
Lwa a rann li ilegal pou yon anplwayè oswa lòt antite ki kouvri pou itilize yon politik oswa yon pratik sou anplwa ki aplike ak tout moun, san konside orijin nasyonal, si li genyen yon enpak negatif sou moun ki genyen yon sèten orijin nasyonal epi ki pa lye ak travay oswa ki nesesè pou operasyon biznis lan.
Yon anplwayè yo ka sèlman egzije yon anplwa pou pale anglè kouran si Anglè nesesè pou reyalize travay la yon fason ki efikas. Yon “Règleman-anglè sèlman”, egzije anplwaye yo pale anglè sèlman nan travay la, sèlman otorize si li nesesè pou asire operasyon ki efikans epi sekirize pou biznis anplwayè a epi ki mete anplas pou rezon kont diskriminasyon.
Yon anplwayè kapab baze yon desizyon sou aksan etranje yon anplwaye, sof si aksan an vrèman afekte pèfòmans travay anplwaye a.
Diskriminasyon Sitwayènte ak Lwa nan Espas Travay yo
Lwa 1986 sou Kontwòl ak Refòm Imigrasyon (IRCA) rann li ilegal pou yon anplwayè fè diskriminasyon sou sa ki genyen rapò ak anbochman, revokasyon, oswa rekritman oswa ranvwa pou yon frè, selon sitwayènte moun nan oswa sitiyasyon imigrasyon li. Lwa a entèdi anplwayè yo anboche sèlman sitwayen ameriken oswa rezidan pèmanan ki legal sof si la lwa, règleman oswa kontra gouvènman an egzije sa. Anplwayè yo pa kapab refise aksepte dokiman legal ki etabli elijiblite anplwa yon anplwaye, oswa mande dokiman lòt dokimantasyon odela de sa ki legalman egzije, lè y’ap verifye elijiblite anplwa a (tankou ranpli Fòmilè I-9 Depatman Sekirite Nasyonal la (DHS), selon orijin nasyonal oswa sitiyasyon sitwayènte yon anplwaye. Se chwa anplwaye a pou montre ki dokiman Fòmilè I-9 ki akseptab pou montre pou verifye elijiblite anplwa li.
Epitou IRCA a entèdi zak revanj kont moun paske yo t’ap revandike dwa yo genyen selon ACT la, oswa depoze yon akizasyon oswa asiste nan yon ankèt oswa nan yon pouswit selon IRCA a.
Egzijans non-diskriminasyon IRCA a aplike pa Seksyon Dwa Anplwaye ak Imigran nan Divizyon Dwa Sivil Depatman Jistis la (IER). Ou ka jwenn IER a nan:
1-800-255-7688 (vwa pou anplwaye/moun ki aplike yo),
1-800-237-2515 (TTY pou anplwaye/moun ki aplike yo),
1-800-255-8155 (vwa pou anplwayè yo), oswa
1-800-362-2735 (TTY pou anplwayè yo), oswa
https://www.justice.gov/ier/
Kouvèti pou Anplwayè
15 anplwaye oswa plis
Delè
180 jou pou depoze yon chaj
(kapab pwolonje pa lwa eta a)
Anplwaye federal; yo genyen 45 jou pou kontakte yon konseye EEO
Pou plis enfòmasyon, ale sou:
- Diskriminasyon sou Orijin Nasyonal
- Seksyon VII nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil yo
- Règleman: 29 C.F.R. Pati 1606
- Politik ak Konsèy
- Estatistik