Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Asèlman Seksyèl

Asèlman Seksyèl

Li kont lalwa pou asele yon moun (yon moun ki aplike oswa yon anplwaye) akoz sèks moun sa a. Asèlman ka genyen ladan “asèlman seksyèl” ki genyen ladan avans seksyèl ki endezirab, demann pou favè seksyèl, ak lòt asèlman seksyèl oswa vèbal ki genyen yon nati seksyèl.

Asèlman pa bezwen genyen yon nati seksyèl, sepandan, li ka genyen landan remak ofansif konsènan sèks yon moun. Pa egzanp, li ilegal pou asele yon fanmi pandan w ap fè kòmantè ki ofansif konsènan fanmi an jeneral.

Ni viktim nan ak aselè a ka swa yon fanm oswa yon gason, epi viktim nan ak aselè a ka genyen menm sèks la.

Byenke lalwa pa entèdi senp takinri, kòmantè ki fèt san okenn entansyon,oswa ensidan izole ki pa trè serye, asèlman ilegal se lè li fèt twò souvan oswa li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa lè li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li).

Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.

Kouvèti pou Anplwayè

15 anplwaye oswa plis

 

Delè

180 jou pou depoze yon chaj
(kapab pwolonje pa lwa eta a)

Anplwaye federal; yo genyen 45 jou pou kontakte yon Konseye EEO