Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Diskriminasyon sou Laj

Diskriminasyon sou Laj

Diskriminasyon sou laj se lè ou trete yon moun ki mande travay oswa yon anplwa ki epi yo trete li mwens favorab akoz laj li.

Diskriminasyon sou Laj nan Lwa sou Anplwa a (ADEA) entèdi diskriminasyon sou laj kont moun ki genyen 40 lane oswa plis. Li pa pwoteje travayè ki genyen mwens pase 40 lane, byenke kèk eta genyen lwa ki pwoteje travayè ki pi jèn yo kont diskriminasyon sou laj. Li pa ilegal pou yon anplwaye oswa yon lòt enstitisyon ki kouvri favorize yon travay ki genyen plis laj sou yon travayè ki genyen mwens laj, menm si toude travayè yo genyen 40 lane oswa plis.

Ka genyen diskriminasyon lè viktim nan ak lòt moun ki te sibi diskriminasyon an toude genyen plis pase 40 lane.

Diskriminasyon sou Laj ak Sitiyasyon Travay

La lwa entèdi diskriminasyon nan tout aspè anplwa a, ki genyen ladan lè yo ap anboche, revoke, peye, distribisyon travay, pwomosyon, revokasyon, fòmasyon, avantaj, ak tout lòt tèm oswa kondisyon travay.

Diskriminasyon sou Laj ak Asèlman

Li kont la lwa pou asele yon moun akoz laj li.

Asèlman ka genyen ladan, pa egzanp, remak ki ofansif oswa ki denigran konsènan laj yon moun. Byenke la lwa pa entèdi senp anwiye, kòmantè ki fèt san okenn entansyon,oswa ensidan izole ki pa trè serye, asèlman ilegal se lè li fèt twò souvan oswa li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa lè li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li).

Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.

Diskriminasyon ki Baze sou Laj ak Politik/Pratik sou Anplwa

Yon politik oswa pratik sou anplwa ki aplike ak tout moun, san konsidere laj, ka ilegal si li genyen yon enpak negatif sou moun ki aplike yo oswa anplwaye ki genyen 40 lane oswa plis epi li pa baze sou yon faktè rezonab ki diferan de laj (RFOA).