Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Anplwaye ak Moun ki Aplike pou Travay

Anplwaye ak Moun ki Aplike pou Travay

Komisyon Pou Opòtinite Egal Ego nan Travay aplike lwa federal ki entèdi diskriminasyon sou anplwa. Lwa sa yo pwoteje’w kont diskriminasyon nan travay lè li enplike:

  • Trètman enjis akoz ras ou, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès, idantite seksyèl, ak oryantasyon seksyèl), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik.
  • Asèlman pa responsab yo, kòlèg travay, oswa lòt moun nan espas travay ou an akoz ras ou, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès, idantite seksyèl, ak oryantasyon seksyèl), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik.
  • Refi pou yon aranjman ki rezonab pou espas travay ke ou bezwen akoz kwayans relijye oswa andikap ou.
  • Zak revanj paske ou te plenyen konsènan diskriminasyon nan travay, oswa paske ou te patisipe nan yon ankèt sou diskriminasyon nan travay oswa yon pouswit sou diskrimasyon.

Si ou kwè yo te fè diskriminasyon kont ou nan travay la, ou ka depoze yon "Chaj pou Diskriminasyon." Tout lwa EEOC aplike yo, eksepte lwa sou peman egal la, egzije’w depoze yon chaj pou Diskriminasyon avèk nou anvan ou ka depoze yon konplent pou diskriminasyon nan travay kont anplwayè ou an. Anplis de sa, yon moun, yon òganizasyon, oswa yon ajans kapab depoze yon chaj sou demand yon lòt moun pou pwoteje idantite moun ki sibi ak la.

Remak: Anplwaye federal ak moun ki mande travay yo genyen pwoteksyon similè, men pwosesis  pou mete konplent la diferan.

Se pa tout anplwaye ki kouvri anba lwa nou aplike yo, epi se pa tout anplwaye ki pwoteje. Sa ka varye selon  anplwayè a, kantite anplwaye li genyen, ak kijan de diskriminasyon ki te fèt la. Epi, genyen delè ki ekri pou depoze yon chaj ke ou ta dwe konnen. Akoz sa, nou vle ankouraje’w pou li enfòmasyon sa yo pou ede’w detèmine dwa ou yo ak ki mezi ou dwe pran.

Pwoteksyon
Èske anplwayè ou an kouvri anba lwa nou aplike yo? Èske ou genyen pwoteksyon?

Konbyen Tan
Konbyen tan ou genyen pou depoze yon chaj?

Depoze yon Chaj 
Fason pou fè depozisyon, pwosesis pou jere yon chaj avek EEOC, rekou, elatriye.

Diskriminasyon selon Tip

Pratik ki Entèdi
Kisa yon anplwayè pa ka fè?