Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Diskriminasyon sou Relijyon

Diskriminasyon sou Relijyon

Diskriminasyon sou relijyon se lè ou trete yon moun (yon moun ki aplike oswa yon anplwaye) yon fason ki defavorab akoz kwayans sou relijyon li genyen. Lwa a pwoteje moun ki konekte ak relijyon tradisyonèl, relijyon òganize, tankou boudis, Krisyanis, Endouyis, Mizilman, ak Jidayis, men tout lòt moun ki te kenbe kwayans moral, etik oswa relijye yo.

Epi tou diskriminasyon sou relijyon ka enplike trete yon moun diferan akoz moun sa a marye ak (oswa asosye avèk) yon moun nan yon relijyon an pakiliye.

Diskriminasyon sou Relijyon ak Sitiyasyon Travay

La lwa entèdi diskriminasyon lè sa konsène tout aspè anplwa a, ki genyen ladan lè y’ap anboche, revoke, peye, atribisyon travay, pwomosyon, revokasyon, fòmasyon, avantaj anplis, ak tout lòt tèm oswa kondisyon travay.

Diskriminasyon sou Relijyon ak Asèlman

Li ilegal pou asele yon moun akoz relijyon li.

Asèlman ka genyen ladan, pa egzanp, remak ki ofansif konsènan kwayans oswa pratik relijye yon moun. Byenke la lwa pa entèdi senp takinri, kòmantè ki fèt san okenn entansyon,oswa ensidan izole ki pa trè serye, asèlman ilegal se lè li fèt twò souvan oswa li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa lè li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li).

Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.

Diskriminasyon sou Relijyon ak Segregasyon

Epitou Seksyon VII la entèdi separasyon nan travay la oswa nan espas travay la ki baze sou relijyon (ki genyen ladan vètman relijye ak pratik pou fè twalèt), tankou atribye yon anplwaye nan yon pozisyon kontak ki pa kliyan akoz aktyèl preferans kliyan an.

Diskriminasyon sou Relijye ak Aranjman ki Rezonab

Lwa a egzije yon anplwayè oswa lòt antite ki kouvri pou rezonableman ajiste kwayans oswa pratik yon anplwayè, sof si lè yo fè sa, sa t’ap lakòz plis pase yon chaj minimal nan operasyon biznis anplwayè a. Sa vle di yo kapab egzije yon anplwayè pou fè ajisteman ki rezonab nan anviwònman travay la ki pral pèmèt yon anplwaye pratike relijyon li.

Egzanp kèk nan aranjman komen pou relijyon genyen landan orè travay ki fleksib, sibstitisyon oswa chanjman nan orè travay, atribisyon travay, ak modifikasyon nan politik oswa pratik espas travay la.

Aranjman Relijye/Politik sou Rad ak Twalèt

Selman si sa ta yon gwo kontrent nan operasyon biznis anplwayè a, yon anplwayè dwe fè aranjman ki rezonab pou pratik ak kwayans yon anplwaye. Sa aplike pa sèlman ak chanjman nan orè travay oswa konje pou obsèvasyon relijye, men tou pou kèk bagay tankou pratik sou rad oswa twalè ke yon anplwaye pou rezon relijye. Sa yo kapab genyen ladan, pa egzanp, mete yon kouvèti sou tèt an patikilye oswa lòt rad relijye (tankou yon yarmulke Jwif oswa yon foula mizilman pou tèt) oswa fè kèk stil cheve oswa cheve fasyal (tankou lòl Rasrafari oswa cheve ki pa koupe ak bab Sikh). Epitou li genyen ladan obsèvasyon yon entèdiksyon relijye kont mete kèk gaman (tankou pantalon oswa ti mwatye jip).

Lè yon anplwaye oswa moun ki aplike bezwen yon rad oswa aranjman pou twalèt pou rezon relijye, li ta dwe enfòme anplwayè a ke li bezwen aranjman sa a pou rezon relijye. Si anplwayè a bezwen plis enfòmasyon nan yon fason ki rezonab epi anplwaye a ta dwe angaje nan yon pwosesis enteraktif pou diskite sou demann lan. Si li pa t’ap poze yon gwo kontrent, anplwayè a dwe akòde aranjman an.

Diskriminasyon sou Relijyon ak Aranjman ki Rezonab ak Gwo Kontrent

Yon anplwayè pa bezwen fè aranjman pou kwayans oswa pratik yon anplwaye si lè li fè sa, sa t’ ap lakòz gwo kontrent pou anplwayè a. Yon aranjan kapab lakòz gwo kontrent si li koute lajan, li konpwomèt sekirite travay la, li diminye efikasite nan espas travay la, li atake dwa lòt anplwaye yo, oswa li egzije lòt anplwaye yo pou fè plis pase pati nan travay potansyèl yo a oswa travay danjere.

Diskriminasyon sou Relijyon ak Politik/Pratik sou Anplwa

Yo pa ka fòse yon anplwaye patisipe (oswa pa patisipe) nan yon aktivite relijyye kòm yon kondisyon anplwa.