Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Sa Ou Ka Espere Aprè Ou Fin Depoze yon Chaj

Sa Ou Ka Espere Aprè Ou Fin Depoze yon Chaj

Remak: Anplwaye federal ak moun ki mande travay yo pou anplwa federal la genyen yon pwosesis diferan pou plent.

Aksede nan Enfòmasyon Sou Chaj Ou an atravè Pòtay Piblik EEOC a

Ou ka tcheke chaj ou an atravè Pòtay Piblik EEOC depi ou enskri. Si ou te mande enfòmasyon sou entènèt, ou deja enskri epi ou ka konekte nan Pòtay Piblik EEOC antanke yon "Itilizatè k’ap Retounen." Si ou genyen yon chaj ki te depoze aprè 1 Janvye 2016, ki ankou verifikasyon epi ou pa te enskri nan Pòtay Piblik EEOC a, ou ka enskri pandan w’ap:

1.     Ale sou https://publicportal.eeoc.gov/portal/

2.     Seleksyone My EEOC Cases.

3.     Klike sou Sign-Up Now nan New Users.

  • Antre enfòmasyon kontak ou yo epi kreye yon kòb sekrè pou ka pase.
  • Lè ou fin kreye kont ou an, ou pral otomatikman konekte nan Pòtay Piblik la.

4.     Yon fwa ou konekte, yo pral mande’w pou dirèkman ale nan chaj ou an.

Pòtay Piblik EEOC a pèmèt ou:

  • Aktyalize enfòmasyon kontak ou yo - li enpòtan pou enfòmasyon kontak ou yo ajou epi presi.
  • Voye yon lèt reprezantasyon de avoka ou an si ou genyen youn
  • Voye dokiman ki sipòte chaj ou an
  • Mande Repons biznis a si li te soumèt youn, epi òplod repons ou an
  • Verifye nan ki pwen chaj ou an

Nan delè 10 jou aprè dat depozisyon ou an, nou pral voye yon avi konsènan chaj la bay anplwayè a. Nan kèk ka, nou pral mande wou avèk anplwayè a pou patisipe nan pwogram medyasyon nou an.  Si lwa EEOC aplike ap aplike nan mande’w oswa si chaj ou an te finalman chanje, oswa si nou deside pa anmezi pou detèmine si lwa a te vyole, nou ka fèmen ankèt pou chaj ou an epi n’ap enfòme’w.

Medyasyon

Si wou ak anplwayè ou an dakò pou pou patisipe nan medyasyon an, yon medyatè ap eseye ede nou tou lè de jwenn yon akò volontè. Medyasyon an pèmèt ou ak anplwayè ou an pale sou pwoblèm nou yo. Medyatè yo pa deside sou sa ki bon oswa sa ki pa bon, men yo trè bon nan sijere fason pou rezoud pwoblèm ak dezakò.

Ankèt

Si chaj la pa al jwenn medyasyon, oswa si medyasyon an pa rezoud chaj la, nou jeneralman mande anplwayè a pou bay nou yon repons ekri sou chaj ou an (ki rele “Deklarasyon sou Pozisyon Defandè”) a. W’ap resevwa yon imèl yon fwa nou resevwa deklarasyon pozisyon an epi li ap disponib pou ka egzamine. Konekte nan Pòtay Piblik nou an pou ka jwenn yon kopi konsènan deklarasyon pozisyon an.

Ou kapab voye repons ou an nan Pòtay Piblik EEOC a Nou mande pou ou bay yon repons nan delè ki pa depase 30 jou apati dat ou resevwa dokiman an. Pou plis enfòmasyon, gade Pwosedi EEOC yo pou Deklarasyon Pozisyon Depandan an. Epitou nou kapab mande anplwayè pou repon’n keksyon nou genyen konsènan akizasyon ki nan chaj ou an.

Fason nou fè ankèt sou yon chaj depan’n de enfòmasyon ki nan yo ak kalite enfòmasyon nou bezwen rasanble. Nan kèk ka, nou vizite anplwayè a pou ka fè entèvyou epi rasanble dokiman. Nan lòt ka, nou fè entèvyou avèk temwen yo epi nou mande dokiman. Aprè nou fini ankèt nou an, nou ap fè wou ak anplwayè ou an konnen rezilta a envestigasyon an.

Konbyen tan ankèt la pran pra’l depann de plizyè faktè, ki genyen ladan kantite enfòmasyon ki dwe rasanble epi analize. An mwayèn, nou pran anviwon 10 mwa pou fè ankèt sou yon chaj. Nou souvan regle chaj la pi vit atravè medyasyon (jeneralman nan mwens pase 3 mwa). Ou ka verifiye sitiyasyon chaj ou an pandan w’ap itilize Sistèm Sitiyasyon Chaj sou Entènèt EEOC a.

Ajoute sou Chaj Ou an

Si genyen nouvo evènman ki rive aprè ou fin depoze chaj ou an epi ou panse se diskriminasyon kont ou, nou ka ajoute nouvo evènman sa yo nan chaj ou an epi fè ankèt sou yo. Sa rele “amande” yon chaj. Nan kèk ka, nou kapab deside ke li pi bon pou ou depoze yon nouvo chak kont diskriminasyon. Si genyen nouvo evènman ki ajoute nan chaj ou an oswa ou depoze yon nouvo chaj, n’ap voye nouvo chaj la oswa chaj ki amande a bay anplwayè epi fè ankèt sou nouvo evènman yo ansanm ak rès la. Sonje ke dat limit ki estrik pou depoze yon chaj aplike tou lè ou vle amande yon chaj. Paske ou te depoze yon chaj byen bonè pa ka pwolonje dat limit lan. Pou rezon sa a, ou ta dwe kontakte anketè ou an touswit si ou panse te genyen lòt evènman diskriminasyon.

Asiyasyon

Si yon anplwayè refize kowopere nan ankèt EEOC a, EEOC ka pibliye yon asiyasyon administratif pou jwenn dokiman, temwanyaj oswa pou jwenn aksè nan etablisman yo.

Mande yon Avi Dwa pou Pouswiv

Si ou te depoze chaj ou an daprè Atik VII (diskriminasyon sou baz ras, koulè, relijyon, sèks ak orijin nasyonal), oswa daprè lwa pou Ameriken ki genyen Andikap yo (ADA) ki baze sou andikap, ou dwe genyen yon Avi Dwa pou Pouswiv nan EEOC a anvan ou ka depoze yon pouswit nan tribinal federal la. An jeneral, ou dwe bay EEOC pi piti 180 jou pou rezoud chaj ou an. Byenke, nan kèk ka, EEOC  kapab dakò pou ba wou yon Avi Dwa pou Pouswiv anvan 180 jou yo.

Si ou te depoze chaj ou an selon Diskriminasyon sou Laj anba lwa sou Anplwa a (diskriminasyon ki baze sou laj 40 lane oswa pi plis), ou pa bezwen yon Avi Dwa pou Pouswiv nan men EEOC pou mennen yon Pwosè. Ou kapab depoze yon pouswit nan tribinal federal la 60 jou aprè ou te depoze chaj ou an nan EEOC.

Si ou te depoze chaj ou an daprè lwa Peman Egal la (diskriminasyon ki baze sou sèks), ou pa bezwen yon Avi Dwa pou Pouswiv nan men EEOC. Ou kapab depoze yon pouswit nan tribinal federal la nan delè ki pa depase de (2) lane apati jou ou te resevwa dènye peman sou diskriminasyon an.

Mezi ki Posib Aprè Yon Ankèt Fini

Si ou pa te kapab pou detèmime si lwa a kapab vyole, nou pral voye yon Avi sou Dwa pou Pouswit ba ou. Avi sa a ba’w dwa pou depoze yon pouswit nan tribinal la. Si nou detèmime ke lwa a te vyole, nou pral eseye jwenn yon akò volontè avèk anplwayè a. Si nou pa ka jwenn yon akò, ka ou an pral ranvwaye bay manb pèsonèl legal nou an (oswa bay Depatman Jistis la nan kèk ka), ki pral deside sou èske ajans lan ta dwe depoze yon pouswit. Si nou deside pou nou pa depoze yon pouswit, nou ba’w yon Avi sou Dwa pou Pouswit.