Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Delè pou Depoze yon Chaj

Delè pou Depoze yon Chaj

Lwa kont diskriminasyon an ba wou yon delè limite pou depoze yon chaj sou diskriminasyon. An jeneral, ou dwe depoze yon chaj nan delè ki pa depase 180 jou kalandriye apati jou diskriminasyon an te fèt la. Dat limit 180 jou kalandriye pou fè deposizyon an pwolonje jiska 300 jou si yon eta oswa yon ajans lokal aplike lwa eta oswa lwa lokal ki entèdi diskriminasyon nan anplwa sou menm baz la. Règleman yo lejèman diferan pou kalite chaj diskriminasyon an. Pou diskriminasyon ki lye ak laj, dat limit pou depozisyon an sèlman pwolonje jiska 300 jou si genyen yon lwa eta ki entèdi diskriminasyon nan anplwa sou baz laj ak yon ajans eta oswa otorite k’ap aplike lwa sa a. Dat limit lan pa pwolonje si sèlman yon lwa lokal entèdi diskriminasyon sou baz laj.

Remak: Anplwaye federal ak moun ki aplike pou travay yo genyen yon pwosesis pou plent ki diferan, epi jeneralman moun dwe kontakte konseye ajans EEO a nan delè ki pa depase 45 jou. Delè a ka pwolonje nan kèk sikonstans.

San konsidere konbyen tan ou genyen pou fè depozisyon an, li pi bon pou fè depozisyon an osito ou deside ke se sa ou ta renmen fè.

Delè pou depoze yon chaj nan EEOC a jeneralman p’ap pwolonje pandan w’ap fè tantativ pou rezoud yon konfli atravè yon lòt fòm tankou yon pwosedi entèn pou doleyans, yon sendika, abitrasyon oswa medyasyon anvan ou depoze yon chaj nan EEOC a. Lòt fòm pou rezolisyon yo kapab sibi pouswit nan menm moman ak tretman chaj EEOC a.

Jou konje ak wikenn enkli nan kalkil la, byenke dat limit lan tonbe nan yon wikenn oswa nan yon jou konje, ou pral genyen jiskaske pwochen jou travay la ouvri. Detèmine konbyen tan ou genyen pou depoze yon chaj se yon bagay ki konplike. Si ou pa sèten sou konbyen tan ou genyen ki rete, ou ta dwe kontakte youn nan biwo ekstèn nou yo osito sa posib pou nou ka evalye si ou toujou genyen tan.

Si Te Genyen Plis Pase yon Evènman Diskriminasyon

Epitou, si te genyen plis pase yon diskriminasyon, dat limit la jeneralman aplike nan chak evènman. Pa egzanp, annou di ou te pèdi pwomosyon epi apresa yo te revoke wou yon lane apresa. Ou kwè ke anplwayè ou an te baze desizyon li a pou fè wou pedi pwomosyon akoz ras ou, epi ou depoze yon chaj jou ki vini aprè ou te revoke an. Nan ka sa a, sèlman demann sou ranvwa akoz diskriminasyon an ap fèt alè. Epi, ou dwe te depoze yon chaj ki montre ou pèdi pwomosyon an nan delè ki pa depase 180/300 jou apati jou ou te pedi pwomosyon an. Si ou pa te fè sa, nou t’ap sèlman fè ankèt sou revokasyon ou an. Genyen yon eksepsyon nan règ jeneral sa a epi se si ou ka konfime asèlman tap kontinye.

Si Asèlman Ap Kontinye

Nan ka asèlman, ou dwe depoze yon chaj nan delè ki pa depase 180 oswa 300 jou aprè dènye ensidan asèlman an, byenke nou pral gade tout ensidan asèlman yo lè n’ap ankete sou chaj ou an, menm si premye ensidan ki te rive a te rive 180/300 jou anvan sa.

Lwa sou Peman Egal ak Delè

Si ou planifye pou depoze yon konplent pou yon vyolasyon sou lwa sou Peman Egal la (ki entèdi diskriminasyon akoz sèks nan salè an ak nan benefis yo), genyen diferan delè ki aplike. Selon lwa sou Peman Egal la, ou pa bezwen depoze yon chaj sou diskriminasyon nan EEOC a. Ou gen dwa epi otorize pou wou ale dirèkteman nan tribinal la epi depoze yon pouswit. Delè pou depoze yon chaj oswa yon pouswit dapwè EPA a komanse apati de jou ou te resevwa dènye chèk la sou diskriminasyon an (sa pwolonje jiska twa (3) lane nan ka diskriminasyon ki fèt volontèman).

Lwa sou Peman Egal ak Seksyon VII ak Limitasyon Tan

Sonje, Seksyon VII (7) la ran’n li ilegal tou pou fè diskriminasyon sou baz sèks nan peman salè ak nan benefis yo. Sa li vle di sèke, si ou genyen yon demand selon lwa sou Peman Egal la, ou kapab depoze yon chaj selon Seksyon VII la tou. Pou ou kapab pouswiv yon plent dapwè Seksyon VII lan, ou dwe depoze yon chaj nan EEOC anvan. Depoze yon chaj selon Seksyon VII lan p’ap pwolonje delè ou depoze yon pouswit selon EPA a. Detèmine konbyen tan ou genyen pou depoze yon chaj se yon bagay ki konplike. Epitou li kapab difisil pou detèmime pwen pozitif ak pwen negatif konsènan depozisyon yon chaj selon EPA a olyede yon pouswit selon EPA a. Manb pèsonèl nan biwo eksteryè nou yo t’ap kontan pale avèk ou pou eksplore chwa ou genyen yo.