Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Aprè Ou Fin Depoze yon Chaj

Aprè Ou Fin Depoze yon Chaj

Verifye Stati Akizasyon Ou an

Sistèm stati Sou Entènèt pou Chaj la disponib pou chaj ki depoze nan dat oswa aprè 2 septanm 2015 lan. Pou chaj ki depoze anvan dat sa a, ou ka detèmine stati spesifik chaj ou an lè ou rele Biwo eksteryè EEOC an kote ou te depoze chaj ou an. Si ou genyen nimewo chaj ou an, ou ka rele tou pou jwenn plis enfòmasyon sou stati ou an lè ou rele EEOC gratis nan 1-800-669-4000 (TTY: 1-800-669-6820 oswa Telefòn Videyo ASL 1-844-234-5122).

Ajoute sou Chaj Ou an

Si genyen nouvo evènman ki rive aprè ou fin depoze chaj ou an epi ou panse se diskriminatwa, nou ka ajoute nouvo evènman sa yo nan chaj ou an epi fè ankèt sou yo. Sa rele “amande” yon chaj. Nan kèk ka, nou kapab deside ke li pi bon pou ou depoze yon nouvo chak kont diskriminasyon. Si genyen nouvo evènman ki ajoute nan chaj ou an oswa ou depoze yon nouvo chaj, nou pral voye yon kopi nouvo chaj la oswa chaj ki amande a bay anplwayè epi fè ankèt sou nouvo evènman yo ansanm ak rès la. Sonje ke dat limit ki estrik pou depoze yon chaj aplike tou lè ou vle amande yon chaj. Lefètke ou te depoze yon chaj byen bonè pa ka pwolonje dat limit lan. Pou rezon sa a, ou ta dwe kontakte anketè ou an touswit si ou panse te genyen lòt evènman diskriminasyon.

Mete Enfòmasyon Kontak Ou Yo Ajou

Li enpòtan pou nou konnen fason pou kontake’w pandan w’ap fè ankèt sou chaj ou an. Ou ka aktyalize enfòmasyon kontak ou yo lè ou rele biwo eksteryè EEOC kote ou te depoze chaj ou an. Oswa ou ka rele EEOC a gratis nan 1-800-669-4000 (TTY: 1-800-669-6820), epi n’ap voye enfòmasyon kontak ou yo nan biwo ki apwopriye a.

Mande yon Avi Dwa pou Pouswit

Ou kapab mande yon Avi Dwa Pou Pouswiv lè ou kontake biwo EEOC k ap jere chaj ou an. Ou ta dwe soumèt demann lan alekri. 

Si ou te depoze chak ou an selon Atik VII (diskriminasyon sou baz ras, koulè, relijyon, sèks ak orijin nasyonal), oswa selon Lwa pou Ameriken ki genyen Andikap yo (ADA) ki baze sou andikap, ou dwe genyen yon Avi Dwa pou Pouswiv nan EEOC a anvan ou ka depoze yon pouswit nan tribinal federal la. An jeneral, ou dwe bay EEOC a 180 jou pou rezoud chaj ou an. Byenke, nan kèk ka, EEOC a kapab dakò pou pibliye yon Avi Dwa pou Pouswiv anvan 180 jou yo.

Si ou te depoze chaj ou an selon Diskriminasyon sou Laj nan Lwa sou Anplwa a (diskriminasyon ki baze sou 40 lane oswa pi plis), ou pa bezwen yon Avi Dwa pou Pouswiv pou Mennen yon Pwosè nan EEOC a. Ou kapab depoze yon pouswit nan tribinal federal la 60 jou aprè ou te depoze chaj ou an nan EEOC a.

Si ou te depoze chaj ou an selon Lwa Peman Egal la (diskriminasyon ki baze sou sèks), ou pa bezwen yon Avi Dwa pou Pouswiv nan EEOC a. Ou kapab depoze yon pouswit nan tribinal federal la nan delè ki pa depase de lane apati jou ou te resevwa dènye peman sou diskriminasyon an.