Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Pwoteksyon

Pwoteksyon

Yon anplwayè dwe genyen yon kantite anplwaye pou li kouvri anba lwa nou aplike yo. Kantite sa a varye selon tip anplwayè a (pa egzanp, si anplwayè a se yon antrepriz prive, yon ajans lokal oswa yon ajans eta, yon ajans federal, yon ajans anplwa, oswa yon sendika) ak kalite diskriminasyon ki te fèt la (pa egzanp, diskriminasyon ki fè sou baz ras yon moun, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan gwosès, idantite seksyèl, ak oryantasyon seksyèl), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik).

Li konsènan egzijans kouvèti pou:

Gade tou:

Si yon anplwayè genyen kantite anplwaye ki egzije a, ou pwoteje pa lwa anti-diskriminasyon an si ou se:

  • Yon anplwaye
  • Yon moun ki aplike pou travay
  • Yon ansyen anplwaye
  • Yon moun ki aplike pou travay oswa yon patisipan oswa yon pwogram aprantisaj

Laj oswa Andikap ak Kouvèti

Si plent ou an genyen ladan diskriminasyon akoz laj oswa andikap, ou dwe satisfè lòt egzijans yo pou ou kapab resevwa kouvèti.

Sitwayènte ak Kouvèti

Lwa sou Kontwòl ak Refòm Imigrasyon (The Immigration Reform and Control Act, IRCA) 1986 la entèdi diskriminasyon sou baz orijin nasyonal pa ti anplwayè yo (ki genyen 4 jiska 14 anplwaye). Anplwayè ki genyen 4 oswa plis anplwaye yo (ak rekritè ak yon referan pou yon frè) entèdi tou pou fè diskriminasyon sou baz sitiyasyon sitwayènte yo; diskriminasyon nan pwosesis verifikasyon elijiblite anplwa; ak zak reprezay kont IRCA.

Chaj diskriminasyon selon IRCA la trete pa Depatman Jistis la, Biwo Konsèy Espesyal pou Pratik Anplwa Enjis ki Genyen Rapò ak Imigrasyon (Office of Special Counsel for Immigration-Related Unfair Employment Practices):

1-800-255-7688 (vwa pou anplwaye/moun ki aplike yo),
1-800-237-2515 (TTY pou anplwaye/moun ki aplike yo),
1-800-255-8155 (vwa pou anplwayè yo), oswa
1-800-362-2735 (TTY pou anplwayè yo), oswa
http://www.usdoj.gov/crt/osc.

Lòtbò Dlo ak Kouvèti

Travayè ameriken ki anplwaye pa antrepriz ki lòtbò dlo yo renmen menm gran pwoteksyon antanke travayè ozetazini yo. Sa vle di pwoteksyon selon lwa anti-diskriminasyon sou vwayaj avèk anplwaye a, depi anplwaye a se yon sitwayen etazini k ap travay pou yon antrepriz ki ozetazini.

Deside Kilès ki Kouvri

Moun anplwayè a pa anplwaye, tankou kontraktyèl endepandan, yo pa kouvri pa lwa anti-diskriminasyon an. Detèmine si yon moun se yon anplwaye oswa si li pa yon anplwaye (kontrèman ak yon kontraktyèl, pa egzanp) konplike. Si ou pa sèten si ou genyen kouvèti, ou ta dwe kontakte youn nan biwo ekstèn nou yo osito sa posib pou nou ka pran desizyon sa a.