Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Kijan Nou Konte Kantite Anplwaye yon Anplwayè Genyen?

Kijan Nou Konte Kantite Anplwaye yon Anplwayè Genyen?

Kouvèti

An jeneral, yo ka konte yon travayè kòm yon “anplwaye” si li te travay pou anplwayè a pandan omwen ven semèn kalandriye (nan ane sa a oswa ane pase a). Sa vle di ke kèk travayè tan pasyèl ka kouvri antanke anplwaye pou montre anplwayè a kouvri pa lwa nou aplike a. Moun anplwayè a pa anplwaye, tankou kontraktyèl endepandan, yo pa kouvri.

Kouvèti pou Anplwayè ki genyen Plizyè Sit Travay

Nan kèk ka, si anplwayè a genyen plis pase yon sit travay, anplwaye yo nan chak sit travay yo ka konte ansanm. Pa egzanp, si yon anplwayè a jere kat restoran diferan, li kapab toujou posib pou konte anplwaye yo nan tout restoran yo ansanm.

Deside Kilès ki Kouvri

Detèmine si yon anplwayè genyen ase anplwaye pou kouvri pa lwa nou aplike yo ka konplike. Si ou pa sèten konbyen anplwaye ki genyen, ou ta dwe kontakte youn nan biwo eksteryè nou yo osito sa posib pou nou ka pran desizyon sa a. Epitou, sonje ke menm si yon anplwayè pa genyen ase anplwaye ki pou kouvri pa lwa nou aplike yo, li kapab toujou kouvri pa lwa lokal oswa lwa eta a. Si se konsa, nou ka refere w bay ajans lokal oswa ajans eta a ki responsab pou aplike lwa sa a.