Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Pratik/Politik Anplwa ki Entèdi

Pratik/Politik Anplwa ki Entèdi

Selon lwa ki apliek pa EEOC a, li ilegal pou fè diskriminasyon kont yon moun (moun ki aplike a oswa anplwaye a) akoz ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik. Epitou li ilegal pou yon moun koz li te pote plent konsènan diskriminasyon, te depoze yon chaj sou diskriminasyon, oswa te patisipe nan yon ankèt sou diskriminsyon nan anplwa oswa pouswit.

Lwa a entèdi diskriminasyon nan tout aspè anplwa a.

Lwa ki aplike pa EEOC a entèdi yon anplwayè oswa yon lòt antite ki kouvri itilize politik anplwa ki net ak pratik ki genyen yon efè negatif dispwòsyone sou moun ki aplike yo oswa anplwaye ki genyen yon ras patikilye, koulè, relijyon, sèks, (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), oswa orijin nasyonal, oswa pou yon moun ki genyen andikap oswa klas moun ki genyen andikap, si politik oswa pratik nan pwoblèm ki pa lye ak travay epi nesesè nan operasyon biznis lan. Lwa ki aplike pa EEOC entèdi yon anplwayè itilize politik ak pratik anplwa ki net ki genyen yon enpak negatif dispwopòsyone sou moun ki aplike oswa anplwaye ki genyen 40 lane oswa plis, si politik oswa pratik ki nan pwoblèm yo pa baze sou yon faktè ki rezonab ki diferan de laj.

Piblisite pou Travay

Li ilegal pou yon anplwayè pibliye yon piblisite pou travay ki montre yon preferans oswa ki dekouraje yon moun aplike pou yon travay akoz ras li, koulè, relijye, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik.

Pa egzanp, yon anons rechèch èd ki chèche “fanmi” oswa “etidyen ki fèk gradye” kapab dekouraje gason ak moun ki genyen plis pase 40 lane aplike epi kapab vyole lwa a.

Rekritman

Epitou li ilegal pou yon anplwayè rekrite nouvo anplwaye yo nan yon fason ki fè diskriminasyon kont yo akoz ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik.

Pa egzanp, rekou yon anplwayè pou rekritman de bouch a lorèy ak mendèv li ki maritèman ispanik kapab vyole lwa a si rezilta a sèke tout nouto anplwaye yo se Ispanofòn.

Aplikasyon ak Anbochaj

Li ilegal pou yon anplwayè fè diskriminasyon kont yon moun ki aplike pou travay akoz ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik. Pa egzanp, yon anplwayè pa kapab refize bay aplikasyon anplwa yo ak moun nan sèten ras.

Yon anplwayè kapab pa baze desizyon rekritman yo sou estereyotip ak sipozisyon konsènan ras yon moun, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik.

Si yon anplwayè mande moun ki aplike pou travay la pou fè yon tès, tès la dwe nesesè epi lye ak travay la epi anplwayè a pa kapab ekskli moun nan yon ras patikilye, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, oswa moun ki genyen andikap. Anplis de sa, anplwayè a pa kapab itilize yon tès ki ekskli moun ki aplike ki genyen 40 lane oswa plis si tès la pa baze sou faktè rezonab ki diferan de laj.

Si yon moun ki aplike pou travay genyen yon andikap ki bezwen yon aranjman (tankou yon entèprèt lang sit) pou aplike pou yon travay, yo egzije anplwayè pou bay aranjman, depi aranjman an pa bay anplwayè a gwo difikilte oswa depans.

Verifikasyon Antesedan

Gade "Demann Enfòmasyon Anvan Travay la" anba a.

Referans Travay

Li ilegal pou yon anplwayè, yon ajans anplwa oswa sendika konsidere ras yon moun, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik lè l ap pran desizyon konsènan referans travay yo.

Pwomosyon ak Atribisyon Travay

Li ilegal pou yon anplwayè a pran desizyon konsènan travay ak pwomosyon ki baze sou akoz ras yon anplwaye, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik. Pa egzanp, yon anplwayè pa kapab bay preferans ak anplwaye pou sèten ras lè l ap chanje travay yo epi li pa kapab izole anplwaye yo ki genyen yon orijin nasyonal an patikilye de lòt anplwaye a oswa de kliyan yo.

Yon anplwayè kapab pa baze desizyon sou travay ak pwomosyon yo sou estereyotip ak sipozisyon konsènan ras yon moun, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik.

Si yon anplwayè mande anplwaye yo pou fè yon tès anvan li pran desizyon konsènan travay ak pwomosyon, tès la dwe nesesè epi lye ak travay la epi anplwayè a pa kapab ekskli moun nan yon ras patikilye, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oswa oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, oswa moun ki genyen andikap, sof si anplwayè a ka montre ke tès la nesesè epi lye ak travay la. Anplis de sa, anplwayè a pa kapab itilize yon tès ki ekskli anplwaye ki genyen 40 lane oswa plis si tès la pa baze sou faktè rezonab ki diferan de laj.

Peman ak Avantaj

Li ilegal pou yon anplwayè fè diskriminasyon kont yon anplwaye nan peman salè oswa nan avantaj anplwaye yo sou baz ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik. Avantaj anplwaye yo genyen ladan konje pou vakans ak konje maladi, asirans, aksè nan lè siplemantè menm nan ak peman lè siplemantè, ak pwogram retrèt. Pa egzanp, yon anplwayè pa kapab peye travayè Ispanik yo mwens pase travayè Afwo-ameriken yo akoz orijin nasyonal yo, epi gason an fanm nan espas travay la dwe resevwa peman egal pou travay egal.

Nan kèk sitiyasyon, yon anplwayè kapab genyen otorizasyon pou redwi avantaj yon anplwaye pou travayè ki pi aje yo, men sèlman si frè pou founi avantaj ki redwi se menm frè pou bay avantaj ak travayè ki pi jèn yo.

Disiplin ak Ranvwa

Yon anplwayè pa kapab konsidere ras yon moun, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik lè l ap pran desizyon konsènan disiplin oswa ranvwa. Pa egzanp, si de anplwaye komèt menm ofans lan, yon anplwayè pa kapab sanksyone yo yon fason diferan akoz ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik.

Lè l ap deside sou ki anplwaye ki dwe revoke, yon anplwayè pa kapab chwazi travayè ki pi aje yo akoz laj yo.

Epitou anplwayè yo pa kapab fè diskriminasyon lè y ap deside sou ki travay pou raple aprè yon revokasyon.

Referans pou Anplwa

Li ilegal pou yon anplwayè bay yon referans travay ki negatif oswa ki fo (oswa refize bay yon referans) akoz ras yon moun, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik.

Aranjman ki Rezonab ak Andikap

Lalwa egzije pou yon anplwayè pou bay aranjman ki rezonab ak yon anplwaye oswa yon moun ki aplike pou travay ki genyen yon andikap, sof si lè li fè sa, sa t ap lakoz gwo difikilte oswa depans pou anplwayè.

Yon aranjman ki rezonab se nenpòt chanjman nan espas travay la (oswa nan fason bagay yo jeneralman fèt) pou ede yon moun ki genyen yon andikap pou aplike pou yon travay, pou reyalize obligasyon yon travay, oswa pou jwi de avantaj ak privilèj anplwa a.

Aranjman ki rezonab yo kapab genyen ladan, pa egzanp, bay yon pant pou yon moun ki itilize chèz woulant oswa yon lektè oswa yon entèprèt pou yon anplwaye oswa yon moun ki aplike ki avèg.

Aranjman ki Rezonab ak Relijyon

Lwa a egzije yon anplwayè pou fè aranjman ki rezonab pou kwayans oswa pratik relijye yon anplwayè, sof si lè li fè sa, sa t ap lakoz difikilte oswa depans pou anplwayè a. Sa vle di ke yon anplwayè pa kapab fè ajisteman ki rezonab nan travay la ki pral pèmèt anplwaye a pratike relijyon li, tankou bay yon anplwaye volontèman fè chanjman ant lè travay avèk yon kòlèg travay pou li ka patisipe sèvis relijye yo.

Pwogram Fòmasyon ak Aprantisaj

Li ilegal pou yon pwogram fòmasyon oswa yon pwogram aprantisaj fè diskriminasyon sou baz akoz ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik. Pa egzanp, yon anplwayè pa kapab refize opòtinite fòmasyon pou anplwaye Afwo-ameriken yo akoz ras yo.

Nan kèk sitiyasyon, yon anplwaye kapab genyen otorizasyon pou defini limit laj pou patisipe nan yon pwogram aprantisaj.

Asèlman

Li ilegal pou asele yon anplwayè akoz ras, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik.

Epitou li ilegal asele yon moun koz li te pote plent konsènan diskriminasyon, te depoze yon chaj sou diskriminasyon, oswa te patisipe nan yon ankèt sou diskriminsyon nan anplwa oswa pouswit.

Asèlman ka pran fòm ensilt, grafiti, oswa kòmantè dewogatwa oswa ofansif, oswa lòt kondwit fizik oswa vèbal. Asèlman seksyèl (ki genyen ladan avans seksyèl, deman pou favè seksyèl, ak lòt kondwit ki genyen yon nati seksyèl) ilegal tou. Byenke lalwa pa entèdi senp takinri, kòmantè ki fèt san okenn entansyon,oswa ensidan izole ki pa trè serye, asèlman ilegal se si li fèt twò souvan oswa si li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa si li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li).

Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.

Epitou asèlman andeyò espas travay la kapan ilegal si genyen yon lyen avèk espas travay la. Pa egzanp, si yon sipèvizè asele yon anplwaye pandan l ap kondwi anplwaye a nan yon rankont.

Li plis konsènan asèlman.

Tèm ak Kondisyon Anplwa

Lwa a rann li ilegal pou yon anplwayè pran nenpòt desizyon sou anplwa a koz ras yon moun, koulè, relijyon, sèks (ki genyen ladan idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap oswa enfòmasyon jenetik. Sa vle di ke yon anplwa pa kapab fè diskriminasyon lè sa konsènan bagay sa yo tankou rekritman, revokasyon, pwomosyon, ak peman. Epitou sa vle di ke yon anplwaè pa kapab fè diskriminasyon, pa egzanp, lè l ap bay poz, lè l ap apwouve konje, oswa lè l ap defini tout lòt tèm oswa kondisyon anplwa a - menm si li piti.

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la (Jeneral)

Kòm yon règ jeneral, enfòmasyon yo jwenn ak enfòmasyon yo mande atravè pwosesis anvan travay la ta dwe limite pou sila yo ki esansyèl pou detèmine si yon moun kalifye pou travay la; tandiske, enfòmasyon konsènan ras, sèks, orijin nasyonal, laj, relijyon pa enpòtan nan detèminasyon sa yo.

Yon klèman entèdi anplwayè yo fè demann enfòmasyon anvan òf la konsènan andikal la.

Byenke lwa eta a sou opòtinite egal federal oswa eta a pa klèman entèdi anplwayè yo fè demann enfòmasyon anvan travay la ki lye ak, oswa ki prezante manm yo yon fason dispwopòsyone selon ras, koulè, koulè, sèks, orijin nasyonal, relijyon, oswa laj, demann enfòmasyon sa yo pa kapab itilize kòm prèv nan entansyon yon anplwayè pou fè diskriminasyon sof li poze yo kapab jistifye pa kèk objektif antrepriz la.

Sepandan, demann enfòmasyon konsènan òganizasyon yo, klèb, sosyete, ak paviyon kote yon moun ki aplike kapan yon manm oswa nenpòt kesyon, ki kapab endike ras yon moun ki aplike, sèks, orijin nasyonal, sitiyasyon andikap, laj, relijyon, koulè oswa sanzèt si yo reponn, ta dwe jeneralman evite.

Menm jan an, anplwayè yo pa ta dwe mande yon foto moun ki aplike a. Si nesesè pou rezon idantifikasyon, yo kapab jwenn yon foto aprè yon òf travay te fèt epi te aksepte.

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la:

Kòd Vestimantè

An jeneral, yon anplwayè kapan etabli yon kòd vestimantè ki aplike ak tout anplwaye yo nan kèk kategori travay.  Sepandan, genyen kèk eksepsyon ki posib.

Byenke yon anplwayè kapab egzije tout tavayè yo pou swiv yon kòd vestimantè ki infòm menm si kòd vestimantè a kreye konfli ak pratik pswa kwayans kèk travayè, yon kòd vestimantè dwe trete kèk anplwaye mwens favorab akoz orijin nasyonal yo.  Pa egzanp, yon kòd vestimantè ki entèdi kèk kalite rad etnik, tankou vètman tradisyonèl Afriken oswa Endyen Lès, men yon lòt fason pèmèt rad ki enfòmèl t ap trete kèk anplwaye mwens favorab akoz orijin nasyonal yo.

Anplis de sa, si kòd vestimantè a kreye konfli ant pratik relijye yon anplwaye ak demann yon aranjman pou anplwaye a, anplwaye a dwe modifye kòd vestimantè a oswa pèmèt yon ekspesyon nan kòd vestimantè a sof si lè li fè sa, sa t ap mennen gwo kontrent. 

Menm jan an, si yon anplwaye mande yon aranjman nan kòd vestimantè a akoz andikap li, anplwayè a dwe modifye kòd vestimantè a oswa pèmèt yon ekspesyon nan kòd vestimantè a sof si lè li fè sa, sa t ap mennen gwo kontrent.

Ranvwa ki Konstriktif/Fòse Pou Demisyone

Pratik diskriminatwa selon lwa EEOC a aplike tou genyen ladan ranvwa ki konstriktif oswa fòse yon anplwaye demisyone pandan l ap fè anviwònman an tèlman entolerab ke yon moun ki rezonab pa t ap anmezi pou rete.