Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Ras

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Ras

An jeneral, nou panse ke demann enfòmasyon anvan travay la pral fòme baz pou desizyon k ap pran pou bay travay. Sepandan, anplwayè yo pa ta dwe mande enfòmsyon ki kominike oswa ki genyen tandans pou kominike ras yon moun ki aplike pou travay sof si genyen yon bezwen kòmèsyal legal pou enfòmasyon sa yo. Si yon anplwayè legalman bezwen enfòmasyon konsènan ras anplwaye yo oswa ras moun ki aplike pou travay yo pou objektif aksyon positif ak/oswa pou swiv pasaj moun ki aplike pou travay la, li kapab jwenn enfòmasyon ki nesesè yo epi apresa pwoteje l kont seleksyon diskriminatwa pandan l ap itilize yon mekanis, tankou fèy “ki ka detache”. Sa pèmèt anplwayè a separe enfòmasyon ki genyen rapò ak ras de enfòmasyon ki itilize pou detèmine si yon moun kalifye pou travay la. Poze kesyon sou enfòmasyon ki genyen rapò ak ras nan telefòn kapab pwobableman pa janm jistifye.