Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Sitiyasyon Chomaj

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Sitiyasyon Chomaj

“Sitiyasyon chomaj” genyen ladan ansyen peryòd oswa aktyèl peryòd chomaj yo.  Lwa federal la pa anpeche anplwayè yo poze kesyon konsènan sitiyasyon chomaj, men lwa EEO federal la entèdi itilizasyon enfòmasyon sa yo pou fè diskriminasyon.  Si yon anplwayè rejte yon moun ki aplike pou travay sou baz sitiyasyon chomaj li, li dwe fè sa regilyèman, san konsidere ras, koulè orijin nasyonal, relijyon, sèks, andikap, laj, ak enfòmasyon jenetik.  

Epitou anplwayè yo pa dwe egzamine moun ki aplike pou travay selon sitiyasyon chomaj yo si sa pa ede anplwayè a byen idantifye anplwaye ki fyab epi ki responsab yo epi si, nan menm moman an, sa kreye yo gwo dezavantaj pou moun ki genyen yon ras an patikilye, koulè, orijin nasyonal, relijyon, iswa sèks.   

Anplis de sa, yon anplwayè kapab bezwen fè eksepsyon nan yon politik pou rejte moun ki aplike yo selon sitiyasyon chomaj pou moun ki aplike epi se yon andikap ki te lakoz sitiyasyon chomaj yo.  

Selon eta kote w ap viv la, kapab genyen tou lwa eta ki reglemante konsiderasyon anplwayè a pou sitiyasyon chomaj.