Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Afilyasyon oswa Kwayans Relijye

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Afilyasyon oswa Kwayans Relijye

Kesyon konsènan afilyasyon oswa kwayans relijye (sof si relijyon an se yon kalifikasyon pwofesyonèl bòn fwa (BFOQ)), jeneralman konsidere kòm kesyon ki pa genyen rapò ak travay la oswa kesyon ki kreye pwoblèm selon lwa federal la.

Òganizasyon relijye, asosiyasyon, enstitisyon edikatif, oswa sosyete yo genyen egzansyon nan lwa federal ke EEOC aplike lè sa konsène bay moun travay sou baz relijyon yo an patikilye. Nan lòt mo, yon anplwayè ki genyen objektif ak karaktè relijye genyen pèmisyon pou chèche moun nan menm relijyon an pou bay travay. Eksepsyon sa a soulaje òganizasyon relijye yo sèlman nan entèdiksyon diskriminasyon nan travay ki baze sou relijyon. Li pa bay òganizasyon sa yo pèmisyon pou pa anplwaye moun akoz ras, sèks, orijin nasyonal, andikap, koulè, ak/oswa ras. lòt anplwayè yo ta dwe evite kesyon ki konsène afilyasyon relijye yon moun ki aplike, tankou lye adorasyon, jou adorasyon, ak jou konje relijye epi pa ta dwe mande referans nan men lidè relijye yo, tankou minis, rabbi, prèt, imam, oswa pastè.