Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Sitwayènte

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Sitwayènte

Pifò anplwayè pa ta dwe mande si yon moun ki aplike pou travay se yon sitwayen Etazini avan li fè yon òf travay. INA a egzije anplwayè yo pou verifye idantifte ak elijiblite anplwa tout anplwaye ki anboche aprè 6 novanm 1986, pandan y ap ranpli fòmimè (I-9) Verifikasyon Elijiblite a, epi pandan y ap revize dokiman ki montre idantite anplwaye a ak otorizasyon pou anplwa. Lòt lwa federal ak lwa eta egzije kèk anplwayè pou itilize Verifikasyon elektwonik. Lwa federal la entèdi anplwayè yo rejte dokiman ki valid oswa ensiste sou lòt dokiman anplis odela de sa ki egzije pou Fòmilè I-9 la oswa pwosesis Verifikasyon elektwonik lan, selon sitiyasyon sitwayènte anplwaye a oswa orijin nasyonal li. Pa egzanp, yon anplwayè pa ka egzije sèlman moun anplwayè a idantifye kòm “etranje” pou pwodwi dokiman espesifik, tankou kat Rezidan Pèmanan (“vèt”) oswa Dokiman Otorizasyon pou Anplwa. Yo otorize anplwaye yo pou chwazi ki dokiman pou montre verifikasyon elijiblite yo pou travay nan Lis Fòmilè Dokiman Akseptab I-9 yo. Anplwayè yo ta dwe aksepte tout dokiman ki pa ekspire nan lis Dokiman Akseptab yo toutotan dokiman an parèt vrèman otantik sou fas li epi li genyen rapò ak anplwaye a.

Epitou lwa federal la entèdi anplwayè yo fè ranpli Fòmilè I-9 la ak pwosesis Verifikasyon elektwonik yo anvan anplwaye a te aksepte yon òf pou anplwa. Yo dwe enfòme moun ki aplike yo konsènan egzijans sa yo nan anviwònman anvan travay la pandan y ap ajoute deklarasyon sa a nan aplikasyon pou anplwa a:

“An konfòmite ak lwa federal la, yo pral egzije tout moun ki anboche yo pou verifye idantite ak elijiblite yo pou travay Ozetazini epi ranpli fòmilè verifikasyon elijiblite anplwa nan moman y ap anboche l."

Anplwayè ki itilize verifikasyon elektwonik yo dwe itilize sistèm nan regilyèman san konsidere sitwayènte, sitiyasyton imigrasyon, oswa orijin nasyonal anplwaye yo. Epitou yo dwe enfòme tout anplwaye ki resevwa yon Non-konfimasyon Pwovizwa (TNC) epi yo pa ta dwe fè ide konsènan otorizasyon anplwa ki baze sou piblikasyon TNC a. Si yon anplwaye konteste yon TNC, anplwayè yo pa ka revoke l, mete l an atant, modifye orè travay li, retade plasman travay oswa yon lòt fason pran okenn mezi negatif kont anplwaye a paske li te resevwa yon TNC.

Jan sa deklare anwo a, INA a entèdi diskriminasyon nan travay sou baz orijin nasyonal pa ti anplwayè yo (ki genyen kat jiska 14 anplwaye). INA a entèdi zak reprezay kont moun paske yo t ap revandike dwa yo genyen selon INA a, oswa depoze yon akizasyon oswa asiste nan yon ankèt oswa nan yon pouswit selon INA a. Chaj diskriminasyon selon INA a trete pa Seksyon Dwa Anplwaye ak Imigran yo (IER) nan Divizyon Dwa Sivil Depatman Jistis la. Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte IER a nan nimewo ki anba yo (9:00 am-5:00 pm ET, lendi-vandredi) oswa vizite sit entènèt IER la. Apèl yo kapab anonim epi nan nenpòt lang:

1-800-255-7688 (anplwaye/moun ki aplike)
1-800-255-8155 (anplwayè)
1-800-237-2515 and 202-616-5525 (TTY pou anplwaye/moun ki aplike ak anplwayè) www.justice.gov/ier