Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki Baze sou Arasman Seksyèl

Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki Baze sou Arasman Seksyèl

Avans seksyèl ki endezirab, demand favè seksyèl, ak lòt pawòl oswa konpòtman ki gen yon karaktè seksyèl se arasman seksyèl lè konpòtman sa a afekte fòmèlman oswa enfòmèlman travay yon moun, lè li anpeche yon moun fè travay li san rezon oswa lè li kreye yon anviwònman travay ki entimide moun, ki ostil oswa ki chokan.

Arasman seksyèl kapab fèt nan divès sikonstans, tankou sa ki vini annapre yo, men gen toujou:

  • Viktim lan ansanm ak moun ki fè arasman ka se yon fanm oswa yon gason. Viktim lan pa oblije se sèks opoze a.
  • Moun ki fè arasman an kapab se sipèvizè viktim lan, yon ajan konpayi a, yon sipèvizè nan yon lòt zòn, yon kòlèg, oswa moun ki pa anplwaye.
  • Viktim lan pa oblije se moun yo arase an men li kapab se nenpòt moun konpòtman chokan an afekte.
  • Arasman seksyèl ki ilegal ka fèt san viktim lan pa sibi chòk ekonomik oswa revokasyon.
  • Konpòtman moun ki fè arasman la dwe endezirab.

Li itil pou viktim lan di moun ki fè arasman la dirèkteman konpòtman an endezirab epi li dwe sispann li. Viktim lan ta dwe itilize nenpòt mekanis plent oswa sistèm doleyans konpayi a genyen ki disponib.

Lè EEOC ap mennen ankèt sou akizasyon pou arasman seksyèl, li egzamine tout dosye a: sikonstans, tankou nati avans seksyèl yo, ak kontèks kote ensidan prezime yo te rive a. Yo pran yon desizyon sou akizasyon yo apati enfòmasyon yo selon ka a.

Prevansyon se pi bon zouti pou elimine arasman seksyèl nan espas travay la. Yo ankouraje konpayi yo pran mezi ki nesesè pou anpeche arasman seksyèl la fèt. Yo ta dwe kominike aklè ak anplwaye yo pou di yo pa’p tolere arasman seksyèl la. Yo kapab fè sa nan bay anplwaye yo fòmasyon sou arasman seksyèl epi nan etabli yon pwosesis plent oswa doleyans ki efikas epi nan pran mezi ki imedya ak apwopriye lè yon anplwaye pote plent.

Li ilegal tou pou vanje kont yon moun poutèt li pa aksepte pratik travay ki fè diskriminasyon ki baze sou sèks oswa poutèt li depoze yon akizasyon pou diskriminasyon, temwaye, oswa patisipe nan nenpòt mannyè nan yon ankèt, pwosè, oswa litij selon Tit 7 la.