Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Diskriminasyon sou Relijyon

Diskriminasyon sou Relijyon

Avi Konsènan Nòm sou Kontrent Egzajere Tit VII la nan Ka Aranjman Relijye yo.

Desizyon Kou Siprèm lan nan zafè Groff v. DeJoy, 143 S. Ct. 2279 (2023), klarifye ke "lefèt pou montre 'plis pase yon kou de minimis (ensiyifyan)'... pa sifi pou etabli kontrent egzajere daprè Tit VII". Olye desa, Tribinal Siprèm lan te estime ke "gen prèv yo itilize kontrent egzajere lè yon fado vin sibstansyèl nan kontèks global aktivite yon anplwayè", "lè yo pran an konsiderasyon tout faktè enpòtan nan ka an kesyon an, tankou aranjman patikilye ki an koz la epi enpak pratik yo genyen, an fonksyon de nati, gwosè ak kou fonksyònman yon anplwayè". Groff gen priyorite sou tout enfòmasyon kontrè ki sou paj wèb EEOC yo ak nan dokiman EEOC.

Diskriminasyon sou relijyon se lè ou trete yon moun (yon moun ki aplike oswa yon anplwaye) yon fason ki defavorab akoz kwayans sou relijyon li genyen. Lwa a pwoteje moun ki konekte ak relijyon tradisyonèl, relijyon òganize, tankou boudis, Krisyanis, Endouyis, Mizilman, ak Jidayis, men tout lòt moun ki te kenbe kwayans moral, etik oswa relijye yo.

Epi tou diskriminasyon sou relijyon ka enplike trete yon moun diferan akoz moun sa a marye ak (oswa asosye avèk) yon moun nan yon relijyon an pakiliye.

Diskriminasyon sou Relijyon ak Sitiyasyon Travay

La lwa entèdi diskriminasyon lè sa konsène tout aspè anplwa a, ki genyen ladan lè y’ap anboche, revoke, peye, atribisyon travay, pwomosyon, revokasyon, fòmasyon, avantaj anplis, ak tout lòt tèm oswa kondisyon travay.

Diskriminasyon sou Relijyon ak Asèlman

Li ilegal pou asele yon moun akoz relijyon li.

Asèlman ka genyen ladan, pa egzanp, remak ki ofansif konsènan kwayans oswa pratik relijye yon moun. Byenke la lwa pa entèdi senp takinri, kòmantè ki fèt san okenn entansyon,oswa ensidan izole ki pa trè serye, asèlman ilegal se lè li fèt twò souvan oswa li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa lè li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li).

Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.

Diskriminasyon sou Relijyon ak Segregasyon

Epitou Seksyon VII la entèdi separasyon nan travay la oswa nan espas travay la ki baze sou relijyon (ki genyen ladan vètman relijye ak pratik pou fè twalèt), tankou atribye yon anplwaye nan yon pozisyon kontak ki pa kliyan akoz aktyèl preferans kliyan an.

Diskriminasyon Relijye Ak Aranjman Rezonab

Lalwa egzije pou anplwayè oswa lòt antite konsène yo fè amanajman rezonab pou kwayans oswa pratik relijye yon anplwaye, sof si sa t ap antrene yon fado ki sibstansyèl nan kontèks global aktivite anplwayè a, ki pran an konsiderasyon tout faktè enpòtan, tankou aranjman patikilye ki an koz la epi enpak pratik li, an fonksyon de nati, gwosè ak kou fonksyònman anplwayè a. Sa vle di yon anplwayè ka oblije fè ajisteman rezonab nan anviwònman travay la pou pèmèt yon anplwaye pratike relijyon li.

Pami egzanp kèk aranjman relijye komen nou ka site orè fleksib, posibilite pou twoke oswa fè echanj woulman, transfè pòs, ak modifikasyon nan politik oswa pratik travay la.

Aranjman Relijye/ Règleman sou Abiman & Kwafi ak Razaj

Sòf si sa ta vin enpoze yon kontrent egzajere pou anplwayè a mennen biznis li, yon anplwayè dwe fè amanajman rezonab pou akomode kwayans oswa pratik relijye yon anplwaye. Sa a aplike non sèlman pou chanjman orè oubyen konje pou obsèvans relijye, men tou pou bagay tankou habiman oubyen pratik kwafi ak razaj ke yon anplwaye genyen pou rezon relijye. Pami bagay sa yo ou ka jwenn pa egzanp, mete yon bagay an patikilye pou kouvri tèt ou oswa lòt rad relijye (tankou yon yarmulke jwif oswa yon mouchwa tèt mizilman), pote on sèten kwafi oswa bab ak moustach (tankou dred rastafaray oswa cheve ak bab Sikh ki pa koupe). Li gen ladan tou yon anplwaye ki pa mete sèten rad (tankou pantalon oswa minijip) paske l ap respekte yon entèdiksyon relijye.

Lè yon anplwaye oswa yon postilan bezwen yon aranjman pou abiman oswa kwafi ak razaj pou rezon relijye, li ta dwe fè anplwayè a konnen li bezwen yon aranjman pou rezon relijye. Si anplwayè a gen yon bezwen rezonab pou plis enfòmasyon, anplwayè a ak anplwaye a ta dwe angaje nan yon pwosesis entèaktif pou diskite demann nan. Si li p ap enpoze yon kontrent egzajere, anplwayè a dwe fè amanajman an.

Diskriminasyon Relijye & Aranjman Rezonab & Kontrent Egzajere

Yon anplwayè pa oblije fè aranjman pou kwayans oswa pratik relijye yon anplwaye si fè sa ka mete kontrent egzajere sou anplwayè a. Gen demonstrasyon kontrent egzajere lè yon fado enpòtan nan kontèks global aktivite yon anplwayè, ki pran an konsiderasyon tout faktè enpòtan nan ka an kesyon an, tankou aranjman patikilye ki an koz la epi enpak pratik yo, an fonksyon de nati, gwosè ak kou fonksyònman anplwayè a. Yon aranjman ka antrene kontrent egzajere si li koute chè, konpwomèt sekirite nan espas travay la, diminye efikasite nan espas travay la, vyole dwa lòt anplwaye, oswa egzije lòt anplwaye pou yo fè kont volonte yo plis pase pati pa yo nan travay ki kapab danjere oswa penib.

Diskriminasyon sou Relijyon ak Politik/Pratik sou Anplwa

Yo pa ka fòse yon anplwaye patisipe (oswa pa patisipe) nan yon aktivite relijyye kòm yon kondisyon anplwa.