Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Depresyon, PTSD ak Lòt Twoub Sante Mantal nan Travay: Men Dwa Ou Genyen yo

Depresyon, PTSD ak Lòt Twoub Sante Mantal nan Travay: Men Dwa Ou Genyen yo

Si ou gen depresyon, sendwòm estrès apre twoma (PTSD) oswa yon lòt twoub sante mantal, ou gen pwoteksyon kont diskriminasyon ak pèsekisyon nan travay akoz pwoblèm sante w, ou gen dwa pou vi prive w respekte nan travay, epi ou ka gen dwa pou jwenn amenajman rezonab ki ka ede w fè epi kenbe travay ou. Kesyon ak repons ki swiv yo bay yon eksplikasyon rezime sou dwa sa yo ke Lwa sou Ameriken ki gen Andikap (Americans with Disabilities Act, ADA) bay. Ou ka gen lòt dwa ankò dapre lòt lwa ki pa diskite la a, tankou Lwa sou Konje Familyal ak Medikal (Family and Medical Leave Act, FMLA) ak divès lwa sou asirans medikal.

1. Èske anplwayè m nan gen dwa revoke m paske mwen gen yon twoub sante mantal?

Non. Li ilegal pou yon anplwayè fè diskriminasyon kont ou tou senpleman paske w gen yon twoub sante mantal. Sa vle di revoke w, rejte w pou on travay oswa yon pwomosyon, oswa fòse w pran konje.

Yon anplwayè pa oblije anboche oswa kenbe moun nan travay yo pa kapab fè, oswa anplwaye moun ki reprezante yon "menas dirèk" pou sekirite (yon risk enpòtan pou tèt li oswa pou lòt moun). Men, yon anplwayè pa kapab baze li sou lejann oswa prejije sou twoub sante mantal ou a pou li deside si ou ka fè yon travay oswa si ou reprezante yon risk. Anvan yon anplwayè kapab baze li sou kondisyon sante w pou li rejte w pou yon travay, li dwe gen prèv reyèl ke ou pa ka fè travay ou, oswa ke ou ka kreye yon risk sekirite enpòtan, menm avèk yon amenajman rezonab (gade Kesyon 3).

2. Èske mwen gen dwa kenbe kondisyon sante m prive?

Nan pifò sitiyasyon, ou ka kenbe eta sante w prive. Yon anplwayè gen dwa poze kesyon medikal (kesyon sou sante mantal ladan tou) nan kat (4) sitiyasyon sèlman:

  • Lè ou mande yon amenajman rezonab (gade Kesyon 3).

  • Apre li fin ofri w yon djòb, men anvan travay la kòmanse, a kondisyon ke tout moun k ap antre nan menm kategori djòb sa a te gen pou reponn menm kesyon an.

  • Lè li angaje nan mezi diskriminasyon pozitiv an favè moun ki gen andikap (pa egzanp, yon anplwayè k ap swiv sitiyasyon andikap kandida li yo pou li ka evalye efò rekritman ak anbochaj li yo, oswa yon anplwayè sektè piblik k ap etidye posiblite pou aplike règleman espesyal nan zafè anbochaj); nan ka sa a, ou ka chwazi si w ap reponn ou pa.

  • Nan travay la, lè gen prèv reyèl ke ou ka pa kapab fè travay ou oswa ke ou ka reprezante yon risk sekirite akoz eta sante w.

Li ka nesesè pou w diskite eta sante w tou pou detèmine kalifikasyon pou benefis dapre lòt lwa, tankou FMLA. Si w pale de eta sante w la, anplwayè a pa ka fè diskriminasyon kont ou (gade Kesyon 5), epi li oblije kenbe enfòmasyon an konfidansyèl, menm pa rapò a kòlèg ou yo. (Si w vle diskite eta sante w ak kòlèg travay yo, ou ka chwazi fè sa.)

3. E si twoub sante mantal mwen an ka afekte pèfòmans travay mwen?

Ou ka gen yon dwa legal pou jwenn yon amenajman rezonab ki ka ede w fè travay ou. Yon amenajman rezonab se nenpòt chanjman nan fason bagay yo fèt nòmalman nan travay la. Jis kèk egzanp amenajmn posib: modifikasyon orè travay ak poz (egzanp, fikse lè travay an fonksyon de randevou terapi), biwo trankil oswa aparèy ki kreye yon anviwònman travay trankil, chanjman nan metòd sipèvizyon (pa egzanp, enstriksyon alekri nan men yon sipèvizè ki pa bay sa anjeneral), orè travay espesifik, epi pèmisyon pou travay lakay.

Ou ka jwenn yon amenajman rezonab pou nenpòt twoub sante mantal ki, si li pa trete, ka "limite anpil" kapasite w pou konsantre, aji ak lòt moun, kominike, manje, dòmi, pran swen tèt ou, kontwole panse w oswa emosyon w, oswa fè nenpòt lòt "aktivite enpòtan nan lavi". (Ou pa bezwe kanpe tretman pou jwenn yon amenajman.)

Eta sante w la pa bezwen pèmanan oswa grav pou li "limite w anpil". Twoub ki ka kalifye, pa egzanp, se sa ki rann aktivite yo pi difisil, enkonfòtab, oswa fè yo pran tan konpare ak jan pifò moun fè yo. Si sentòm ou yo fè ale vini, sa ki enpòtan an, se a ki pwen yo ka limite w lè sentòm yo prezan. Twoub sante mantal tankou gwo depresyon, sendwòm estrès apre twoma (PTSD), twoub bipolè, eskizofreni, ak twoub obsesyon konpilsif (OCD) ta dwe kalifye fasilman, ak anpil lòt ap kalifye tou.

4. Kòman pou m jwenn yon amenajman rezonab?

Mande youn. Di yon sipèvizè, responsab Resous Imèn, oswa yon lòt moun ki gen konpetans pou sa ke ou bezwen yon chanjman nan travay akòz pwoblèm sante. Ou ka mande yon amenajman nenpòt ki lè. Etandone ke yon anplwayè pa oblije eskize move pèfòmans pwofesyonèl, menm si se akòz maladi oswa efè segondè medikaman, li toujou pi bon pou jwenn yon amenajman rezonab anvan okenn pwoblèm rive oswa vin pi grav. (Men, anpil moun chwazi tann apre yo fin jwenn yon òf travay pou mande yon amenajman paske li difisil anpil pou pwouve diskriminasyon ilegal ki fèt anvan yon òf travay.) Ou pa bezwen gen yon aranjman patikilye nan tèt ou, men ou ka mande pou yon bagay byen presi.

5. Kisa k ap rive apre mwen fin mande yon amenajman rezonab?

Anplwayè a ka mande w pou w fè demann nan alekri, epi pou w dekri nan yon fason jeneral kondisyon sante w la ak fason li afekte travay ou. Anplwayè a ka mande w tou pou w soumèt yon lèt pwofesyonèl lasante w la ki montre w gen yon twoub sante mantal, epi poutèt sa, ou bezwen yon amenajman. Si ou pa vle anplwayè a konnen dyagnostik presi a, yon dokiman ki bay yon deskripsyon jeneral ka sifi (ki di pa egzanp ke ou gen yon "twoub anksyete"). Anplwayè a ka mande pwofesyonèl lasante w la tou si yon amenajman an patikilye ka reponn a bezwen w yo. Pou w ede pwofesyonèl lasante w la konprann lwa amenajman rezonab la, pote yon kopi piblikasyon EEOC, The Mental Health Provider's Role in a Client's Request for a Reasonable Accommodation at Work (Wòl Pwofesyonèl Sante Mantal la nan Demann Kliyan pou Amenajman Rezonab nan Travay) nan randevou w la.

Si yon amenajman rezonab ta ka ede w fè travay ou, anplwayè a dwe fè li pou ou, sof si amenajman an ap antrene gwo difikilte oswa depans. Si gen plizyè amenajman posib, anplwayè a ka chwazi kiyès li vle fè pou ou. Anplwayè a pa ka revoke w legalman, oswa refize anboche w oswa ba w pwomosyon paske w te mande yon amenajman rezonab oswa paske w bezwen youn. Nonplis tou, li pa kapab fè w peye pou amenajman an.

6. E si pa gen okenn jan mwen ka fè travay mwen abitye fè a, menm avèk yon amenajman?

Si ou pa ka ranpli tout fonksyon esansyèl nan travay ou nan kondisyon nòmal epi ou pa gen konje peye disponib, ou ka toujou gen dwa a yon konje san peye kòm yon amenajman rezonab, si konje sa a ap ede w rive nan yon stad kote ou ka ranpli fonksyon sa yo. Ou ka elijib pou konje tou dapre Lwa sou Konje Familyal ak Medikal (Family and Medical Leave Act) ke Depatman Travay Etazini mete an vigè. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou lwa sa a sou www.dol.gov/whd/fmla.

Si ou pa kapab fè travay ou abitye fè nòmalman an ankò ditou, ou ka mande anplwayè a pou li transfere w nan yon pòs ki gen travay ou kapab fè kòm yon amenajman rezonab, si gen youn ki disponib. Gen plis enfòmasyon sou amanajman rezonab nan travay, ki gen ladann transfè, disponib la a.

7. E si moun ap pèsekite m akòz eta sante m nan?

ADA pa pèmèt Pèsekisyon ki baze sou yon andikap. Ou ta dwe enfòme anplwayè a de tout ensidan pèsekisyon, si w vle anplwayè a fè pwoblèm nan sispann. Swiv pwosedi pou rapòte anplwayè w la, si genyen. Si w rapòte ensidan pèsekisyon an, anplwayè a gen obligasyon legal pou pran mezi pou anpeche li rive alavni.

8. Kisa mwen ta dwe fè si mwen panse yo pa t respekte dwa mwen?

Komisyon pou Opòtinite Egal nan Travay Etatzini (The Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) ka ede w detèmine ki demach pou w fè, epi mennen yon ankèt si w deside pote plent pou diskriminasyon. Paske ou dwe pote plent nan 180 jou apre swadizan vyolasyon an pou w ka fè on pouswit jidisyè (oswa 300 jou si Eta a oswa lokalite a gen yon lwa pou diskriminasyon nan travay ki kouvri anplwayè a tou), li pi bon pou kòmanse pwosesis la bonè. Li ilegal pou anplwayè a fè reprezay kont ou paske w kontakte EEOC oswa pote plent. Pou plis enfòmasyon, vizite http://www.eeoc.gov, rele nan 800-669-4000 (vwa) oswa 800-669-6820 (tty), oswa vizite biwo lokal EEOC a (gade https://www.eeoc.gov/field pou jwenn enfòmasyon kontak).