Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Diskriminasyon ki baze sou Oryantasyon Seksyèl ak Idantite Seksyèl (Sexual Orientation and Gender Identity, SOGI)

Diskriminasyon ki baze sou Oryantasyon Seksyèl ak Idantite Seksyèl (Sexual Orientation and Gender Identity, SOGI)

Nan ka Bostock kont Konte Clayton, Georgia, Nimewo 17-1618 (S. Ct. Nan dat 15 jen 2020),[1] Lakou Siprèm te di revoke moun yo poutèt oryantasyon seksyèl yo oswa estati transjandè yo vyole entèdiksyon sou diskriminasyon akoz sèks Tit 7 la.  Tribinal la te rive fè konklizyon li an nan konsantre li sou tèks klè Tit 7 la. Tribinal la te eksplike pou di, "diskriminasyon ki baze sou rezon yon moun masisi oswa transjandè se fòseman diskriminasyon ki baze sou sèks; premye a pa kapab rive san dezyèm lan".  Pa egzanp, si yon konpayi revoke yon anplwaye paske li se yon fanm ki marye ak yon fanm, men li pa fè menm bagay la pou yon gason ki marye ak yon fanm, konpayi a ap pran yon mezi akoz sèks anplwaye a paske li pa t’ap pran mezi a si anplwaye a pa te yon fanm.  Se menm jan an, si yon konpayi revoke yon anplwaye paske yo te idantifye moun sa a se gason lè li te fèt men li itilize pwonon feminen epi li idantifye tèt li kòm fanm, konpayi a ap pran mezi kont moun lan akoz sèks li piske li pa t’ap pran mezi a si se pa’t pou rezon yo te idantifye anplwaye a anvan antanke gason.  

Tribinal la te remake tou desizyon li an pa rezoud divès pwoblèm libète relijyon, tankou Premye Amandman an, Lwa sou Restorasyon Libète Relijyon, ak egzanpsyon Tit 7 la prevwa pou konpayi relijye yo.

Diskriminasyon SOGI ak Sitiyasyon Travay

Lwa a entèdi tou diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl lè se nenpòt lòt aspè nan travay la, ki gen ladan anboche , revokasyon, peman, afektasyon, pwomosyon, voye al chita lakay, fòmasyon, avantaj sosyal, ak nenpòt lòt tèm oswa kondisyon travay.

Diskriminasyon SOGI ak Arasman

Li ilegal pou fè yon anplwaye sibi arasman  nan espas travay la ki kreye yon anviwònman travay ki ostil sou baz oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl.  Arasman la kapab gen ladan, pa egzanp, remak ki chokan oswa denigran sou oryantasyon seksyèl (pa egzanp, ou se masisi oswa ou pa masisi ).  Arasman la kapab gen ladan tou, pa egzanp, remak ki chokan oswa denigran sou estati transjan yon moun oswa tranzisyon sèks li.

Menm si ou mal itilize pa erè non ak pwonon yon anplwaye ki transjandè, sa pa vyole Tit 7 la. Men, lè’w fè ekspre ou itilize move non ak pwonon yo san rete pou fè referans ak yon anplwaye li transjandè, sa ka kontribiye nan kreye yon anviwònman travay ilegal ki ostil.

Menm si lwa a pa entèdi mokri senp, kòmantè enfòmèl, oswa ensidan izole ki pa twò grav, anbètman la ilegal lè li fèt tèlman souvan oswa lè li tèlman grav li kreye yon anviwònman travay ki ostil oswa lè li lakòz yo pran yon move desizyon travay (tankou yo revoke oswa desann pozisyon viktim lan).

Moun ki fè arasman la kapab se sipèvizè viktim lan, yon sipèvizè nan yon lòt zòn, yon kòlèg, oswa yon moun ki pa anplwaye konpayi a, tankou yon kliyan.

Diskriminasyon SOGI ak Politik/Pratik Travay

An jeneral, yo konpayi Tit 7 la pwoteje pa gen dwa revoke, refize anboche, oswa retire travay nan men yon moun (oswa fè diskriminasyon nan okenn lòt mannyè) paske kliyan yo ta prefere travay avèk moun ki gen yon oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl ki diferan. Konpayi yo pa gen dwa tou pou yo separe anplwaye yo sou baz preferans reyèl kliyan yo oswa preferans yo apèsi kliyan yo genyen. (Pa egzanp, se ap diskriminasyon pou kenbe anplwaye LGBTQ+ yo an deyò pòs kote yo an kontak ak piblik la, oswa pou dirije anplwaye sa yo nan kèk magazen oswa zòn jewografik).

Entèdi yon moun transjandè pou li abiye oswa prezante li dapwè idantite seksyèl moun sa a se ap diskriminasyon ki baze sou sèks.

Depi lontan, tribinal yo rekonèt konpayi yo ka gen twalèt, vestyè, ak saldeben ki separe pou gason ak fanm, oswa yo ka chwazi genyen twalèt, vestyè, ak saldeben pou tou lè de sèks oswa pou itilize yon sèl fwa. Komisyon an te pran pozisyon pou di konpayi yo pa ka refize bay yon anplwaye menm aksè nan yon twalèt, vestyè, oswa saldeben ki koresponn ak idantite seksyèl anplwaye a. Sa vle di, si yon konpayi genyen twalèt, vestyè, oswa saldeben ki separe pou gason ak fanm, tout gason yo (ki gen ladan gason transjan yo) ta dwe gen dwa pou yo itilize twalèt gason yo epi tout fanm (ki gen ladan fanm transjan yo) ta dwe gen dwa pou yo itilize twalèt fanm yo.

Diskriminasyon SOGI ak Vanjans

Li ilegal pou yon konpayi vanje kont yon anplwaye, annwiye  li, oswa sanksyone li yon lòt mannyè paske:

  • li pa aksepte diskriminasyon nan travay anplwaye a kwè ak rezon ki te ilegal;

  • li depoze yon akizasyon oswa plent nan EEOC;

  • oswa li patisipe nan yon ankèt, odyans, oswa lòt pwosè ki lye ak aplikasyon Tit 7 la.

Vanjans se nenpòt bagay ki petèt pral dekouraje travayè yo pwoteste diskriminasyon.

Lwa Komisyon an Fè Aplike yo

  • 42 U.S.C. § 2000e-2 (Seksyon 703) 

    Se seksyon sa a nan lwa yo t’ap pale sou li nan afè Bostock la epi li aplikab pou sektè prive a, gouvènman Eta ak gouvènman lokal yo, ajans travay yo, ak òganizasyon sendikal yo.  Bostock te presize pou di entèdiksyon diskriminasyon ki baze sou sèks nan seksyon 703 a gen ladan oryantasyon seksyèl ak estati transjandè
  • 42 U.S.C. § 2000e-16 (Seksyon 717) 

    Seksyon 717 la pwoteje anplwaye gouvènman federal la.  Komisyon an te itilize ka Bostock la nan desizyon sou sektè federal la selon seksyon 717 la. (Gade nan https://www.eeoc.gov/federal-sector/reports/federal-sector-cases-involving-transgender-individuals.)

Sa pou Fè si Ou Panse Yo Te Fè Diskriminasyon Kont Ou

Si ou kwè yo te fè diskriminasyon kont ou, ou ka pran mezi pou’w pwoteje dwa ou yo selon Tit 7 la lè ou depoze yon plent:

Lòt Lwa yo

Lòt lwa ki ka aplikab tou:

[1] Sa te sèvi kòm desizyon tou pou Altitude Express, Inc., et al. v. Zarda et al. (Nimewo 17–1623) ak R. G. & G. R. Harris Funeral Homes, Inc. v. EEOC et al. (Nimewo 18–107).

 

 

Image
EEOC Resources About Sexual Orientation and Gender Identity Workplace Rights #EQUALITYATWORK

 

 

 

Pwoteksyon Konpayi

15 anplwaye oswa plis

 

Delè

180 jou pou depoze yon akizasyon
(lwa Eta yo ka pwolonje li)

Anplwaye federal yo gen 45 jou pou yo kontakte yon Konseye EEO