Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Enfòmasyon sou Diskriminasyon ki baze sou Ras/Koulè Po

Enfòmasyon sou Diskriminasyon ki baze sou Ras/Koulè Po

 

Title 7 nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil pwoteje moun yo kont diskriminasyon nan travay ki baze sou ras ak koulè po ansanm ak orijin nasyonal, sèks, oswa relijyon.

Li ilegal pou fè diskriminasyon kont nenpòt anplwaye oswa moun ki aplike pou travay poutèt ras oswa koulè po nan sa ki konsène anbochay, revokasyon, pwomosyon, konpansasyon, fòmasyon pwofesyonèl, oswa nenpòt lòt tèm, kondisyon, oswa privilèj travay. Tit 7 la entèdi tou desizyon travay ki baze sou estereyotip ak sipozisyon sou kapasite, karakteristik, oswa pèfòmans moun nan sèten gwoup rasyal.

Tit 7 la entèdi diskriminasyon tout espre ak politik travay ki net ki ekate gwoup minorite yo yon fason ki demezire epi ki pa gen rapò ak travay la.

Yo pa kapab refize bay yon moun egalite chans nan zafè travay poutèt li marye oswa asosye li avèk yon moun ras diferan; poutèt li se manb oswa li asosye li avèk òganizasyon oswa gwoup etnik; poutèt li ale oswa patisipe nan lekòl oswa legliz ki jeneralman asosye avèk kèk gwoup minorite; oswa lòt pratik oswa karakteristik kiltirèl ki souvan lye ak ras oswa orijin etnik, tankou rad kiltirèl oswa fason pale, depi pratik oswa karakteristik kiltirèl la pa anpeche li ranpli fonksyon pòs yo.

Karakteristik ak Kondisyon ki Gen Rapò ak Ras

Diskriminasyon ki baze sou karakteristik ki pa kapab chanje ki asosye ak ras, tankou koulè po, teksti cheve, oswa kèk fòm figi vyole Tit 7 la, menm si se pa tout moun nan ras la ki pataje menm karakteristik yo.

Tit 7 la entèdi tou diskriminasyon ki baze sou yon pwoblèm ki prensipalman afekte yon ras moun sof si pratik la gen rapò ak travay la epi li kadre avèk nesesite biznis lan. Pa egzanp, piske ou jwenn anemi falsifòm lan sitou kay Ameriken Nwa yo, yon politik ki ekate moun ki gen anemi falsifòm yo fè diskriminasyon sof si politik la gen rapò ak travay epi li kadre avèk nesesite biznis lan. Se menm jan an, yon politik travay "san bab" ka fè diskriminasyon kont gason Ameriken Nwa ki gen yon tandans natirèl pou yo genyen gwo bouton nan figi sof si politik la gen rapò ak travay epi li kadre avèk nesesite biznis lan.

Diskriminasyon ki baze sou Koulè Po

Menm si ras ak koulè po gen pwen komen, yo pa gen menm sans. Kidonk, kapab gen diskriminasyon ki baze sou koulè po ant moun ras oswa orijin etnik diferan, oswa ant moun menm ras oswa orijin etnik. Byenke Tit 7 la pa defini "koulè po", tribinal yo ak Komisyon an entèprete "koulè po" a pou di li genyen sans li moun konprann souvan - pigmantasyon, po figi, oswa ten oswa ton po a. Kidonk, gen diskriminasyon ki baze sou koulè po lè yo fè diskriminasyon kont yon moun poutèt koulè klè, koulè fonse, oswa lòt karakteristik moun lan. Tit 7 la entèdi diskriminasyon ki baze sou ras/koulè kont tout moun, moun blan yo ladan.

Menm si yon plenyan ka pwouve yon plent pou diskriminasyon gras ak prèv dirèk oswa endirèk, kèk tribinal pran pozisyon pou di si yon moun blan konte sou prèv endirèk pou pwouve yon plent pou diskriminasyon ki kontrè, li dwe reponn ak yon nòm prèv ki ranfòse. Komisyon an, okontrè, aplike menm nòm prèv la pou tout plent pou diskriminasyon ki baze sou ras, kèlkeswa ras viktim lan oswa kalite prèv li itilize a. Nan toude ka yo, dènye fado pèsyazyon an rete sou do plenyan an.

Konpayi yo ta dwe adopte "pi bon pratik yo" pou redwi posiblite pou gen diskriminasyon an epi elimine obstak anpeche moun gen egalite chans nan zafè travay.

Pwoteksyon Tit 7 la gen ladan yo:

  • Rekritman, Anbochay, ak Pwomosyonv

    Yo dwe aplike egzijans travay yo menm jan epi san kanpe pou moun tout ras ak tout koulè po. Menm si yo aplike yon egzijans travay san kanpe, si li pa enpòtan pou reyalizasyon travay la oswa bezwen biznis lan, yo ka twouve li ilegal si li ekate moun nan yon sèten gwoup rasyal oswa ki gen yon sèten koulè po plis pase lòt moun yo. Egzanp pratik ki ka ilegal yo gen ladan: (1) lè ou mande aplikasyon yo sèlman nan men sous kote tout oswa pifò travayè potansyèl yo menm ras oswa koulè po; (2) lè ou egzije aplikan yo genyen yon sèten fòmasyon ki pa enpòtan pou fè travay la oswa pou bezwen biznis lan; (3) lè ou teste aplikan yo pou wè si yo gen konesans, konpetans, oswa kapasite ki pa enpòtan pou fè travay la oswa pou bezwen biznis lan.

    Konpayi yo bezwen enfòmasyon legalman sou ras anplwaye oswa aplikan yo pou fè aksyon afimatif ak/oswa swiv flo aplikan yo. Yon fason pou konpayi yo jwenn enfòmasyon sou ras epi an menm tan pwoteje yo kont chwa ki diskriminatwa se pou yo itilize fòm apa oswa konsève enfòmasyon sou ras yon aplikan apa ak aplikasyon an. Konsa, konpayi a kapab pran enfòmasyon li bezwen yo men asire li pa itilize yo nan desizyon pou fè chwa a.

    Sof si enfòmasyon yo se pou yon rezon ki legal, kesyon anvan travay sou ras yo kapab sijere yo pral itilize zafè ras la kòm baz pou pran desizyon pou fè chwa yo. Si yo itilize enfòmasyon yo nan desizyon pou fè chwa a epi yo ekate manm yon gwoup rasyal patikilye nan travay la, demann enfòmasyon yo kapab se prèv diskriminasyon.

  • Konpansasyon ak Lòt Tèm, Kondisyon, ak Privilèj Travay

    Tit 7 la entèdi diskriminasyon nan konpansasyon ak lòt tèm, kondisyon, ak privilèj travay. Kidonk, diskriminasyon ki baze sou ras oswa koulè po pa ka se baz pou gen diferans nan peman oswa avantaj, afektasyon, evalyasyon pèfòmans, fòmasyon, disiplin oswa revokasyon, oswa nenpòt lòt domèn travay.

  • Arasman

    Arasman ki baze sou ras ak/oswa koulè po vyole Tit 7 la. Jouman etnik, "blag" rasyal, kòmantè chokan oswa denigran, osnon lòt pawòl oswa konpòtman ki baze sou ras/koulè yon moun se arasman ilegal si konpòtman an kreye yon anviwònman travay ki entimidan, ostil, oswa chokan, oswa li anpeche moun lan fè travay li.

  • Vanjans

    Anplwaye yo gen dwa pou yo pa fè vanjans kont yo paske yo opoze diskriminasyon oswa paske yo patisipe nan yon pwosè EEOC lè yo depoze yon akizasyon, lè yo temwaye, asiste, oswa patisipe nan yon pwosè ajans lan yon lòt mannyè.

  • Separasyon ak Klasifikasyon Anplwaye yo

    Yo vyole Tit 7 la lè yo separe anplwaye gwoup minorite yo nan izole yo fizikman ak lòt anplwaye yo oswa nan izole yo pou yo pa an kontak ak kliyan yo. Tit 7 la entèdi pou yo afekte gwoup minorite yo nan etablisman oswa zòn jewografik ki sitou pou gwoup minorite yo. Li ilegal tou pou yo ekate gwoup minorite yo nan kèk pòs oswa pou yo gwoupe oswa kategorize anplwaye yo oswa pòs yon fason pou jeneralman gwoup minorite yo okipe sèten pòs. Tit 7 la pa otorize nonplis desizyon ki gen motivasyon rasyal antrepriz komèsyal yo ankouraje - pa egzanp, enkyetid konsènan efè sou relasyon anplwaye yo, oswa reyaksyon negatif kliyan yo. Ni ras ni koulè po pa ka janm yon kalifikasyon pwofesyonèl bònfwa selon Tit 7 la.

    Lè yon konpayi oswa ajans travay mete kòd sou aplikasyon/seve yo pou li deziyen ras yon anplikan, se prèv diskriminasyon kote yo ekate gwoup minorite yo nan travay oswa nan sèten pòs. Yon kodaj diskriminatwa konsa gen ladan itilizasyon tèm kòd ki sanble pa chokan ki enplike ras, pa egzanp, selon kòd rejyonal kote anpil gwoup minorite rasyal ka viv oswa sipoze ap viv.

  • Demann Enfòmasyon ak Egzijans Anvan Travay

    Lè yo mande enfòmasyon anvan travay ki revele oswa ki gen tandans revele ras yon aplikan, sa lese kwè yo pral itilize zafè ras la ilegalman kòm yon baz pou anboche aplikan an. Lè yo mande enfòmasyon sa yo anvan travay la, sa lese kwè yo pral itilize yo kòm baz pou pran desizyon pou fè chwa yo. Kidonk, si yo ekate manb gwoup minorite yo nan travay la, gen posiblite pou demand enfòmasyon sa yo anvan travay la se prèv diskriminasyon.

    Men, konpayi yo ka bezwen enfòmasyon sou ras anplwaye oswa aplikan yo legalman pou li fè aksyon afimatif ak/oswa swiv flo aplikan yo. Yon fason pou konpayi yo jwenn enfòmasyon sou ras epi an menm tan pwoteje yo kont chwa ki diskriminatwa se pou yo itilize "fèy ki ka dechire" pou yo idantifye ras yon aplikan. Apre aplikan an fin ranpli aplikasyon an ak pati ki ka dechire a, konpayi a ap separe fèy ki ka dechire a ak aplikasyon an epi li pa’p itilize li nan pwosesis seleksyon an.

    Lòt demann enfòmasyon anvan travay ki revele oswa gen tandans revele ras yon aplikan se verifikasyon antesedan pèsonèl, tankou verifikasyon kazye jidisyè. Tit 7 la pa kareman entèdi konpayi yo itilize kazye jidisyè kòm yon baz pou yo pran desizyon travay. Itilizasyon kazye jidisyè kòm kritè pou bay travay ka legal, lejitim, epi menm obligatwa nan kèk sikonstans. Men, konpayi ki itilize kazye jidisyè pou fè seleksyon pou bay travay dwe respekte egzijans kont diskriminasyon Tit 7 la.