Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Peman Egal/Diskriminasyon Konpansasyon

Peman Egal/Diskriminasyon Konpansasyon

Lwa sou Peman Egal la egzije pou gason ak fanm ki nan menm espas travay la resevwa peman egal pou menm travay la. Travay yo pa dwe idantik, men yo dwe sibstansyèlman egal. Kontni travay la (se pa tit travay yo) detèmine si travay yo sibstansyèlman egal. Lwa sa a kouvri tout fòm peman yo, ki genyen ladan salè, peman lè siplemantè, bonis, opsyon estòk, pataj bonis ak plan bonis, asirans vi, peman pou vakans ak jou konje, alokasyon pou netwayaj ak gazolin, aranjman pou otèl, ranbousman pou depans vwayaj, ak avantaj. Si genyen yon inegalite nan salè ant gason ak fanm, anplwayè yo pa kapab redwi salè okenn nan sèks yo pou egalize peman yo a.

Yon moun ki konfime yon vyolasyon nan EPA a kapab ale dirèkteman nan tribinal la epi yo egzije li pou depoze yon chaj EEOC alavans. Delè pou depoze yon chaj EPA nan EEOC a ak delè pou ale nan tribinal la se menm bagay la: nan limit tan ki pa depase dezan aprè pratik konpansasyon ilegal la ki konfime a oswa, nan ka yon vyolasyon volontè, nan limit tan ki pa depase twazan. Depozisyon yon chaj EEOC selon EPA a pa pwolonje espas tan pou ale nan tribinal la.

Peman Egal/Diskriminasyon sou Sèks ak Konpansasyon

Seksyon VII la rann li ilegal tou pou fè diskriminasyon sou baz sèks nan peman ak nan avantaj. Sepandan, yon moun ki genyen yon demand nan lwa sou Peman Egal la kapab genyen tou yon demann selon Tit VII la.

Lòt Tip Diskriminasyon

Seksyon VII la, ak ADA a entèdi diskriminasyon konpansasyon sou baz ras, koulè, relijyon, sèks, orijin nasyonal, laj, oswa andikap. Kontrèman ak EPA a, pa genyen okenn egzijans selon Seksyon VII la, ADEA, oswa ADA a ki di ke travay yo dwe sisbtansyèlman egal.

Kouvèti pou Anplwayè

15 anplwaye oswa plis selon Seksyon VII la ak ADA a

20 anplwaye oswa plis selon ADEA a

Vityèlman, tout anplwaye selon EPA a

 

Delè pou

Selon EPA a, moun yo genyen dezzan pou ale dirèkteman nan tribinal la oswa nan EEOC a

180 jou pou depoze yon chaj selon Seksyon VII, ADA ak ADEA a
(kapab pwolonje pa lwa eta a)

Anplwaye federal; yo genyen 45 jou pou kontakte yon Konseye EEO