Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Zak Revanj/Reprezay

Zak Revanj/Reprezay

Zak Reprezay: Konsiderasyon pou Responsab Ajans Federal yo

Zak revanj se diskriminasyon ki baze sou alegasyon epi moun plis fè nan sektè federal la epi pìfò enfòmasyon komen sou diskriminasyon nan ka sektè federal. Pandan EEOC ap travay pou fè fas ak pwoblèm sa a, ou ka ede.

Aprann plis konsènan sa ki konstitye zak revanj, poukisa li rive ak fason pou anpeche li. Ekri pa manb pèsonèl EEOC a, atik sa a te spti nan piblikasyon The Federal Manager nan ete 2015.

Lwa EEO yo entèdi pou moun ki aplike pou travay oswa anplwaye k’ap deklare dwa yo genyen pou yo kapab lib de diskriminasyon nan travay ki genyen landan asèlman.  Deklare dwa EEO sa yo rele “aktivite pwoteje,” epi li ka pran anpil fòm.  Pa egzanp.li ilegal pou fè zak revanj kont moun ki aplike oswa anplwaye yo:

  • paske yo te fè depozisyon oswa paske yo te temwen nan chaj EEO a, plent, ankèt, oswa pouswit
  • paske yo te kominike avèk yon sipèvizè oswa yon responsab konsènan diskriminasyon nan anplwa, ki genyen ladan asèlman
  • paske yo te reponn kesyon pandan ankèt yon anplwayè konsènan asèlman ki konfime a
  • paske yo te refize swiv lòd ki te mennen diskriminasyon an
  • paske yo te refize avans seksyèl, oswa paske yo te entèvni pou pwoteje lòt moun
  • paske yo te mande aranjman sou yon andikap oswa pou yon prantik relijye
  • paske yo te mande responsab oswa kòlèg travay konsènan enfòmasyon sou salè pou dekouvri salè potansyèlman diskriminatwa.

Paske yo te patisipe nan pwosesis yon plent ki pwoteje kont revanj daprè tout sikonstans. Lòt zak pou opoze ak diskriminasyon yo pwoteje depi anplwaye a ap aji sou yon kwayans rezonab ke yon bagay nan espas travay la kapab vyole lwa EEO yo, menm si li pa itilize tèminoloji legal pou dekri li.

Angaje nan aktivite EEO a, sepandan, pa pwoteje yon anplwaye kont tout sanksyon oswa ranvwa. Anplwayè yo lib pou sanksyone oswa mete fen nan kontra travayè yo si li motive pa rezon kont diskriminasyon epi ki kont zak revanj yo ki t’ap mennen konsekans sa yo nan yon lòt fason.  Sepandan, yon anpwlayè pa otorize pou fè anyen pou sa ki konsènan aktivite EEO ki t’ap dekouraje yon moun reziste oswa plenyen konsènan lòt diskriminasyon yo pi devan.

Pa egzanp, selon enfòmasyon yo, li kapab zak revanj si yon anplwayè aji nan kont aktivite EEO anplwaye a pou:

  • reprimande anplwaye a oswa ba li yon evalyasyon pèmans ki mwens pase sa li ta dwe ye;
  • transfere anplwaye a nan yon pozisyon ki mwens dezirab;
  • angaje nan abi vèbal oswa fizik;
  • menase anplwaye a, oswa reyèlman fè rapò bay otorite yo (tankou deklare sitiyasyon imigrasyon li oswa kontakte lapolis l);
  • ogmante siveyans;
  • pwopaje rimè ki fo, menase yon manb fanmi yon fason negatif (pa egzano, anile yon kontra avèk konjwen moun nan); oswa
  • rann travay moun nan pi difisil (pa egzanp, pini yon anplaye pou yon plent EEO pandan y’ap chanje orè travay li ak tout entansyon yo pou kreye konfli nan responsablite familyal yo).

Pou plis enfòmasyon, gade Kesyon ak Repons: Konsèy Aplikasyon sou Zak Reprezay ak Pwoblèm ki Lye ak yo.