Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki baze sou Orijin Nasyonal

Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki baze sou Orijin Nasyonal

Kit yon moun (oswa ras li yo) soti Lachin, Larisi, oswa Nijerya, kit li ki fè pati yon gwoup etnik, tankou Ispanik oswa Arab, li gen dwa pou li genyen menm opòtinite travay ak nenpòt lòt moun. EEOC fè aplike entèdiksyon federal la kont diskriminasyon ki baze sou orijin nasyonal selon Tit 7 nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil, ki pwoteje konpayi sektè prive ki genyen kenz (15) anplwaye oswa plis, konpayi gouvènman federal yo, ajans travay yo, ak òganizasyon sendikal yo.

Konsènan Diskriminasyon ki baze sou Orijin Nasyonal

Li ilegal pou fè diskriminasyon kont nenpòt anplwaye oswa moun ki aplike pou travay poutèt orijin nasyonal moun lan. Yo pa kapab refize yon moun egalite chans nan zafè travay poutèt kote li fèt, ras li, kilti li, oswa karakteristik lengwistik li ki asosye ak yon gwoup etnik. Yo pa kapab refize bay yon moun egalite chans nan zafè travay poutèt li marye oswa asosye li avèk moun nan yon gwoup orijin nasyonal; poutèt li se manm oswa li asosye avèk gwoup pwomosyon etnik espesifik; poutèt li ale oswa patisipe nan lekòl, legliz, tanp oswa moske ki jeneralman asosye avèk yon gwoup orijin nasyonal; oswa yon siyati ki asosye avèk yon gwoup orijin nasyonal. Egzanp vyolasyon Tit 7 la kouvri yo gen ladan:

Desizyon Travay

Tit 7 la entèdi desizyon travay, ki gen ladan desizyon pou rekritman, anbochay, pwomosyon, fè separasyon, ak revokasyon oswa voye al chita lakay, ki gen pou objektif oswa konsekans fè diskriminasyon ki baze sou orijin nasyonal.

Arasman

Tit 7 la entèdi arsman ki baze sou orijin nasyonal lè li tèlman grav oswa anvayisan li kreye yon anviwònman travay ki ostil.  Yon anviwònman travay ostil ki baze sou orijin nasyonal kapab pran plizyè fòm diferan, tankou jouman etnik, grafiti nan espas travay, vyolans fizik, oswa lòt konpòtman chokan anvè yon moun poutèt kote li fèt, orijin etnik li, kilti li, lang li, rad li, oswa aksan etranje li genyen an.  Konpayi yo oblije pran mezi ki apwopriye pou yo anpeche ak korije arasman ilegal la. Se menm jan an, anplwaye yo responsab pou yo denonse arasman la bonè pou anpeche li agrave.

Lang

  • Diskriminasyon ki baze sou aksan

    Yon konpayi pa ka baze yon desizyon travay sou aksan etranje yon anplwaye genyen sof si bonjan kominikasyon aloral ann Anglè obligatwa pou ranpli fonksyon pòs la epi aksan moun lan anpeche li kominike an Anglè.
  • Egzijans pou metrize lang

    Yo sèlman fè egzijans pou metrize Anglè (oswa lang etranje) si li obligatwa pou byen ranpli fonksyon pòs yo fè egzijans pou li a.
  • Règ pale Anglè sèlman

    Fòk yo adopte règ pale Anglè sèlman an pou rezon ki pa rezon diskriminasyon. Yo ka itilize yon règ pale Anglè sèlman si li nesesè pou ankouraje travay la fèt san danje epi byen oswa biznis lan fonksyone san danje epi byen.  Konpayi yo dwe bay avi pou règ pale Anglè sèlman ki sifizan.

Pwoblèm Sitwayènte

  • Egzijans pou sitwayènte amerikèn

    Tit 7 la pa entèdi diskriminasyon ki baze sou sitwayènte.  Sepandan, yo vyole Tit 7 la nenpòt lè diskriminasyon ki baze sou sitwayènte a gen objektif oswa konsekans fè diskriminasyon sou baz orijin nasyonal.  Dispozisyon kont diskriminasyon nan Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite, Seksyon Dwa Imigran ak Dwa Anplwaye nan Depatman Jistis Etazini fè aplike, entèdi konpayi ki genyen kat (4) anplwaye oswa plis yo fè diskriminasyon poutèt estati sitwayènte kont sitwayen ameriken ak kèk klas sitwayen etranje yo otorize travay Ozetazini nan sa ki konsène anbochay, revokasyon, ak rekritman oswa referans pou yon frè.
  • Pwoteksyon sitwayen etranje yo

    Tit 7 la ak lòt lwa kont diskriminasyon yo entèdi diskriminasyon kont moun k’ap travay Ozetazini yo, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo oswa otorizasyon travay yo.