Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon: Dwa Travay Imigran yo selon Lwa Federal Kont Diskriminasyon

Feyè Enfòmasyon: Dwa Travay Imigran yo selon Lwa Federal Kont Diskriminasyon

Imigran yo gen pwoteksyon kont diskriminasyon nan travay selon lwa Komisyon pou Opòtinite Egal Ego  nan zafè Travay (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) fè aplike yo. Bwochi sa a reponn kesyon moun ki panse yo te sibi diskriminasyon nan travay poze souvan. Li dekri sa lwa a garanti, fason pou yo depoze yon plent, ak egzanp tipik diskriminasyon nan travay.

Sa Komisyon pou Opòtinite Egal Egonan zafè Travay fè

EEOC se yon ajans federal ki responsab pou fè aplike lwa ki entèdi diskriminasyon ak arasman nan travay poutèt ras, koulè po, sèks, relijyon, orijin nasyonal, laj (40 lane e plis) ak andikap fizik oswa mantal. Konpayi ki gen 15 anplwaye oswa plis (20 oswa plis pou diskriminasyon ki baze sou laj), ajans travay, sendika, pwogram aprantisaj konpayi-sendika, epi ajans lokal, ajans Eta, ak ajans federal yo dwe respekte lwa sa yo. Si ou panse yo te fè diskriminasyon kont ou nan travay la oswa pandan ou ap aplike pou yon travay, ou ta dwe kontakte EEOC. Lwa a gen delè estrik pou depoze yon akizasyon pou diskriminasyon, epi nan kèk ka, EEOC pa’p gen jiridiksyon sof si ou depoze akizasyon an nan espas 180 jou apre diskriminasyon an fin fèt. Akoz delè sa yo, nou konseye ou kontakte biwo nou an depi yo fin fè diskriminasyon an kont ou.

Lè ou depoze yon akizasyon pou diskriminasyon, EEOC mennen yon ankèt san paspouki pou li detèmine si yo te vyole lwa yo. Ou ka rele nan 1-800-669-4000 pou yo mete ou an kontak ak biwo rejyonal EEOC ki pi pre w la.

Sa ou ta dwe konnen sou Diskriminasyon ki baze sou Orijin Nasyonal selon Tit 7 la

Lwa a pwoteje moun yo kont diskriminasyon nan travay ki baze sou orijin nasyonal yo. Sa ki vini annapre yo se kèk egzanp diskriminasyon nan travay ki baze sou orijin nasyonal.

Diskriminasyon Poutèt Kote yon Moun Fèt oswa Kote Ras Li Fèt

  • Diskriminasyon ilegal ki baze sou orijin nasyonal la ka gen ladan diskriminasyon poutèt aparans, abitid, oswa lang yon moun. Li pa nesesè pou yon moun montre ras li yo soti nan yon peyi oswa rejyon patikilye pou li pwouve yo fè diskriminasyon kont li sou baz orijin nasyonal li. Yo kapab pwouve yon akizasyon si yo fè diskriminasyon kont yon moun paske li genyen karakteristik yon gwoup moun ki diferan. Pa egzanp, pa erè yo ka panse yon moun se ayisyen epi yo ka fè diskriminasyon kont li ki baze sou kèk karakteristik, menm si moun lan pa ayisyen an reyalite. Se menm jan an, yo ka apèsi yon moun fèt aletranje oswa soti nan ras etranje epi yo gendwa fè diskriminasyon kont li ki vyole lwa a.

Diskriminasyon ki Baze sou Asosyasyon avèk Moun ki nan yon Gwoup Orijin Nasyonal Diferan

  • Lwa a entèdi diskriminasyon paske yon moun asosye li avèk moun ki nan yon gwoup orijin nasyonal, (diskriminasyon poutèt li frekante lekòl oswa legliz moun ki gen yon nasyonalite patikilye frekante, ak diskriminasyon poutèt non yon moun oswa non mari/madanm lan asosye avèk yon gwoup orijin nasyonal). Pa egzanp, si yo refize bay yon moun pwomosyon oswa yo fè diskriminasyon kont li yon lòt mannyè paske li marye ak yon gason ispanik, sa vyole lwa a.

Pratik yo Ka Gen yon Move Efè sou Gwoup Orijin Nasyonal Patikilye yo

  • Kèk pratik travay, tankou egzijans sitwayènte, egzijans wotè minimòm, ak politik ki kont rekritman moun ki gen dosye arestasyon ak dosye kondanasyon, ka ekate moun ki gen yon orijin nasyonal patikilye. Pa egzanp, yon egzijans wotè minimòm pou kèk pòs, tankou polisye oswa ponpye, ka ekate moun ki gen sèten orijin nasyonal yon fason ki demezire, tankou Ispanik ak Azyatik yo, epi li ap ilegal sof si konpayi a kapab pwouve li gen rapò ak travay la epi li nesesè pou konpayi a fonksyone san danje oswa litlit. Yon lòt politik ki ka definitif kont sèten manm gwoup orijin nasyonal se egzijans pou gen diplòm lekòl segondè, ki ka pa gen rapò ak travay pou kèk pòs tankou ouvriye yo.

Arasman ki Baze sou Orijin Nasyonal

  • Jouman etnik ak lòt pawòl oswa konpòtman poutèt nasyonalite ilegal si yo grav oswa anvayisan epi kreye yon anviwònman travay ki entimidan, ostil oswa chokan, si yo anpeche travay la fèt, oswa si yo fè efè negatif sou opòtinite travay yo. Ekzanp konpòtman ki ka ilegal yo gen ladan jouman, mokri, oswa epitèt etnik, tankou bat plezi sou aksan etranje yon moun oswa di pawòl tankou, "Tounen kote ou soti a", kit se sipèvizè yo oswa kòlèg yo ki di li.

Diskriminasyon ki Baze sou Aksan

Lè ou trete anplwaye yo yon lòt jan paske yo gen yon aksan etranje, sa legal sèlman si aksan an anpeche li fè travay la.

  • An jeneral, yon konpayi ka sèlman baze yon desizyon travay sou zafè aksan an si bonjan kominikasyon aloral ann Anglè obligatwa pou ranpli fonksyon pòs la epi si aksan etranje moun lan anpeche li kominike ann Anglè.
  • Travay ki ka mande bonjan kominikasyon aloral ann Anglè se ansèyman, sèvis kliyantèl, ak telemaketin pou kliyan ki pale Anglè yo.
  • Si yon moun gen yon aksan men li kapab kominike litlit epi yo konprann li ann Anglè, yo pa kapab fè diskriminasyon kont li.

Règ Pale Anglè Sèlman

EEOC deklare règ ki egzije pou anplwaye yo pale sèlman Anglè nan espas travay la vyole lwa a sof si konpayi a kapab pwouve nesesite biznis lan jistifye yo.

  • Se raman yo ap jistifye yon règ ki egzije pou anplwaye yo pale sèlman Anglè nan espas travay la toutan, tankou nan poz ak lè manje midi a.
  • Yon règ pale Anglè sèlman ta dwe aplikab sèlman nan sikonstans kote li nesesè pou konpayi a fonksyone san danje oswa litlit.
  • Sikonstans kote yo ka jistifye yon règ pale Anglè sèlman yo gen ladan: kominikasyon avèk kliyan oswa kòlèg ki pale sèlman Anglè; ijans oswa sitiyasyon kote travay yo dwe pale yon lang tout moun pale pou yo ankouraje sekirite; travay nan tèt ansanm kote règ pale Anglè sèlman an nesesè pou ankouraje efikasite.
  • Menm si li nesesè pou gen yon règ pale Anglè sèlman, yon konpayi pa ka pran mezi disiplinè kont yon anplwaye paske li vyole règ la sof si konpayi a te enfòme travayè yo sou règ la ak konsekans ki genyen si yo vyole li.

Diskriminasyon ki Baze sou Aparans

Diskriminasyon ki baze sou aparans etnik yon moun vyole lwa a.

  • Pa egzanp, ann sipoze Radika, ki se yon natifnatal peyi Lend, aplike pou yon pòs antanke resepsyonis. Pandan entèvyou li an, moun ki ap chwazi moun lan di Radika pa’p apwopriye pou pòs la, paske konpayi a ap chèche yon moun ki gen "yon aparans resepsyonis ki toutafè Ameriken". Li abiye kòmsadwa, epi li kwè sèl pwoblèm ki genyen ak aparans li ki pa tip "resepsyonis" se lefètke li soti nan ras Endyen. Si Radika kapab pwouve moun k’ap chwazi a te konsidere aparans li kòm aparans ki pa apwopriye akoz karakteristik Endyen li genyen yo, li kapab pwouve li vyole lwa a. Se menm jan an, si konpayi sa a refize kite yon anplwaye Endyen mete yon sari, men li pa enpoze okenn limit nan zafè rad pou okenn lòt anplwaye, aksyon sa a ka vyole lwa a tou.

Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (Immigration and Nationality Act, INA), 8 U.S.C. § 1324

Dispozisyon kont diskriminasyon Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite a, 8 U.S.C. § 1324b, entèdi fòmèlman diskriminasyon ki baze sou estati sitwayènte. Lwa a entèdi: 1) diskriminasyon ki baze sou estati sitwayènte nan zafè anbochay, revokasyon oswa rekritman oswa referans pou yon frè; 2) diskriminasyon ki baze sou orijin nasyonal nan zafè anbochay, revokasyon, oswa rekritman oswa referans pou yon frè; 3) pratik dokimantè ki pa jis pandan verifikasyon elijiblite pou travay la, Fòm I-9 ak pwosesis E-Verify yo; epi 4) vanjans oswa entimidasyon.

Se Seksyon Dwa Imigran ak Dwa Anplwaye (Immigrant and Employee Rights, IER) nan Divizyon Dwa Sivil Depatman Jistis ki fè aplike dispozisyon INA kont diskriminasyon. Pou’w jwenn plis enfòmasyon, kontakte IER nan nimewo ki anba yo (9:00 am rive 5:00 pm Lè Lès, lendi rive vandredi) oswa ale sou sitwèb IER la. Ou kapab fè koutfil yo san wou pa di non ou epi nan nenpòt lang:

Liy Dirèk pou Konpayi IER: 1-800-255-8155
Liy Dirèk pou Anplwaye IER: 1-800-255-7688
1-800-237-2515 ak 202-616-5525(TTY pou anplwaye/aplikan ak konpayi yo)
www.justice.gov/ier

Yon pwotokòl dakò (memorandum of understanding, MOU) ki siyen ant EEOC ak IER (ki te rele oparavan Biwo Konsèy Espesyal pou Pratik Travay ki Enjis ki gen Rapò ak Imigrasyon) prevwa ajans yo pral refere youn bay lòt akizasyon ki di vyolasyon selon lwa chak ajans fè aplike. EEOC ap voye plent yo bay IER pou li mennen ankèt si sa nesesè selon MOU a. Egzanp diskriminasyon INA entèdi yo se:

  • Politik sitwayen ameriken sèlman ki fè diskriminasyon kont sèten sitwayen ki pa ameriken yo otorize pou travay Ozetazini.
  • Mande aplikan yo oswa anplwaye yo fenk anboche yo bay kèk dokiman otorizasyon travay espesifik oswa anplis akoz estati sitwayènte yo oswa orijin nasyonal yo olye ou aksepte nenpòt nan plizyè fòm dokiman lwa federal ki an vigè a otorize moun yo soumèt.

Sa ou bezwen konnen sou lòt kalite Diskriminasyon nan Travay ki ka afekte ou

Lwa EEOC fè aplike yo entèdi tou diskriminasyon nan travay ki baze sou ras, sèks, koulè po, relijyon, laj, ak andikap fizik oswa mantal. Anplis, yo pa kapab vanje kont ou paske ou depoze yon akizasyon, ou pwoteste oswa pa aksepte diskriminasyon nan travay, oswa ou patisipe oswa sèvi kòm temwen nan yon ankèt oswa pwosè. Lwa sa yo kouvri tout aspè nan travay la ki gen ladan rekritman, anbochay, pwomosyon, desann grad, revokasyon, voye al chita lakay, konpansasyon, avantaj pou anplwaye, afektasyon travay, ak tout lòt tèm ak kondisyon travay yo.

Men kèk egzanp nan lòt kalite diskriminasyon sa yo ki souvan afekte travayè imigran yo.

  • Lè Mei Li te aplike pou yon pòs antanke moun k’ap pase rad nan yon magazen rad, yo te di li se sèlman gason yo pran nan pòs la. Lè Wah te aplike kòm operatè machin a koud, li te wè se sèlman fanm k’ap travay sou machin a koud yo. Yo te di li yo pa’p pran li kòm operatè men yo te ofri li travay antanke moun k’ap pase rad. Li se yon operatè machin a koud ki kalifye. Se yon klasifikasyon pòs ki baze sou sèks epi li ilegal.
  • Lè Mae te selebre 65yèm anivèsè li, mèt magazen an te di li twò aje pou li se operatè machin a koud, epi li te ofri li travay kòm moun k’ap koupe fil. Sa se diskriminasyon ilegal ki baze sou laj.
  • Clara te ansent epi li te mande yon konje peye 3 mwa. Konpayi li a ap bay anplwaye ki malad yo yon konje peye ki rive jiska 3 mwa men li te refize demand konje li te fè a. Sa se diskriminasyon ki baze sou gwosès, ki se yon tip diskriminasyon ilegal ki baze sou sèks.
  • Patwon Maria a te di’l si li vle kenbe travay li a, li ta dwe sòti avèk li. Sa se arasman seksyèl epi li ilegal.
  • Kòlèg John lan toujou ap ba li non ki fè referans ak ras li epi li itilize jouman ak epitèt ki gen pou wè ak ras li twouve ki chokan ak endezirab. Li pote patwon li an plent, men patwon an pa fè anyen pou sispann li. Sa se yon arasman rasyal ki ilegal.
  • Joan te mande fè yon chanjman nan orè li pou selebre yon fèt relijye ki enpòtan. Konpayi li an te refize konsidere demand li an malgre li te ka fè aranjman pou li byen fasil. Sa se yon fòm diskriminasyon relijye ki ilegal.
  • Jasha te remake yo pa’t peye Sarah menm kantite kòb ak li malgre yo toude t’ap fè menm travay la nan menm kondisyon travay yo. Lè li te pwoteste tretman enjis kòlèg li a, yo te revoke li. Konpayi a te vyole lwa a paske Jasha gen pwoteksyon kont revanj ki baze sou lefètke li opoze diskriminasyon an. Sarah ka gen dwa pou li gen pwoteksyon tou selon lwa a paske salè miwo miba ki baze sou sèks ilegal.
  • Sang te devlope yon pwoblèm nan do ki te limite kapasite li pou li pote koli ki peze plis pase 5 liv. Livrezon koli se yon fonksyon ki esansyèl nan travay li. Li mande yon charyo bon mache ki gen wou pou pèmèt li fè travay li. Konpayi a refize ba li charyo a, menm si li pa reprezante okenn difikilte ki twòp. Lè konpayi Sang lan refize bay yon akomodasyon ki rezonab, li te fè diskriminasyon kont li sou baz andikap li a.
  • Omar te al vizite peyi li te fèt la. Lè li retounen, patwon li an te refize kite li retounen nan travay la toutotan yon doktè pa egzamine li, paske patwon an kwè Omar te trape yon maladi kontajye pandan vakans li an. Sof si patwon an kwè ak rezon pwoblèm sante Omar genyen an mete sante oswa sekirite kòlèg Omar yo an danje, egzijans pou yon doktè egzamine Omar a ilegal.
  • Jose soti Repiblik Dominikèn epi li te travay pou yon konpayi ki pou yon dominiken. Koulè po Jose pi fonse pase koulè po mèt konpayi a oswa lòt anplwaye yo. Li se sèl anplwaye yo pa’t bay fòmasyon pou sipèvizè. Si yo pa’t ba li fòmasyon pou sipèvizè poutèt koulè po li, sa vyole lwa.
  • Antoine, ki se moun nwa, ak Claude, ki se moun blan, mare goumen nan travay la. Konpayi a mennen ankèt men li pa kapab detèmine ki moun ki te pete goumen an. Yo revoke Antoine epi yo sispann Claude san peman pandan yon semèn. Sa gendwa se yon ka diskriminasyon ki baze sou ras paske yo te revoke moun ki pa blan an tandiske yo te sèlman sispann anplwaye ki blan an. Si Antoine te konn goumen nan travay la oparavan men Claude pa’t konn goumen oswa si Antoine te yon sipèvizè alòske Claude pa’t sipèvizè, donk diferans sa a ka jistifye sanksyon grav yo bay Antoine lan.
  • Lè yon anketè EEOC ap pare pou fè entèvyou avèk Anne, patwon li an avèti li pou di travay li a ka an danje si li pa bay anketè a manti. Kalite entimidasyon sa a vyole lwa a paske yo pa kapab vanje kont anplwaye yo paske yo patisipe nan yon ankèt EEOC.

PA BLIYE - SE DWA OU POU’W TRAVAY SAN OU PA SIBI DISKRIMINASYON NAN TRAVAY