Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon pou Ti Biznis yo: Diskriminasyon ki baze sou Gwosès

Feyè Enfòmasyon pou Ti Biznis yo: Diskriminasyon ki baze sou Gwosès

Dokiman sa a eksplike egzijans Lwa sou Diskriminasyon ki baze sou Gwosès la (Pregnancy Discrimination Act, PDA), ansanm ak egzijans Tit 1 nan Lwa pou Ameriken ki gen Andikap yo (Americans with Disabilities Act, ADA) piske li aplikab pou fanm ki gen andikap ki lye ak gwosès yo.  PDA ak ADA aplikab pou konpayi ki gen 15 anplwaye oswa plis.

Egzijans Debaz PDA

PDA egzije pou yon konpayi ki gen asirans trete fanm gwosès, akouchman, oswa pwoblèm sante ki gen rapò yo ak gwosès la afekte menm jan ak lòt aplikan oswa anplwaye ki se menm nan kapasite oswa enkapasite yo pou travay.  PDA a kouvri tout aspè nan travay la, ki gen ladan revokasyon, anbochay, pwomosyon, ak avantaj sosyal yo (tankou konje ak avantaj asirans sante).  Travayè ansent yo gen pwoteksyon kont diskriminasyon ki baze sou gwosès aktyèl, gwosès pase, ak gwosès potansyèl yo. 

  • Gwosès aktyèl. Selon PDA, yon konpayi pa kapab revoke, refize anboche, desann grad, oswa pran okenn lòt mezi defavorab kont yon fanm si gwosès, akouchman, oswa yon pwoblèm sante ki gen rapò ak gwosès la te yon faktè ki te motive mezi defavorab la.  Se verite menm si konpayi a kwè li ap aji nan enterè anplwaye a.
  • Gwosès Pase Yon konpayi pa ka fè diskriminasyon kont yon anplwaye oswa aplikan ki baze sou yon gwosès pase oswa pwoblèm sante ki gen rapò ak gwosès oswa akouchman.  Pa egzanp, yon konpayi pa ka revoke yon fanm poutèt gwosès pandan oswa nan fen konje matènèl li.
  • Gwosès Potansyèl. Yon konpayi pa ka fè diskriminasyon ki baze sou entansyon oswa posiblite yon anplwaye pou li ansent.  Pa egzanp, yon konpayi pa ka ekate yon fanm nan yon travay ki gen ladan transfòmasyon kèk pwodwi chimik paske li pè pou kontak ak pwodwi chimik sa a pa nwizib pou yon fetis si anplwaye a vinn ansent.  Enkyetid konsènan risk pou yon anplwaye ansent oswa pou fetis li a ap raman, pa’p janm, jistifye restriksyon travay ki espesifik pou sèks pou yon fanmi ki kapab fè pitit.     
  • Pwoblèm Sante ki Gen Rapò ak Gwosès oswa Akouchman. Yon konpayi pa ka fè diskriminasyon kont yon anplwaye poutèt yon pwoblèm sante ki gen rapò ak gwosès epi li dwe trete anplwaye a menm jan ak lòt anplwaye ki se menm nan kapasite oswa enkapasite yo pou yo travay men gwosès, akouchman, oswa pwoblèm sante ki an rapò yo pa afekte.  Pa egzanp, selon PDA, pliske zafè bay lèt la se yon pwoblèm sante ki gen rapò ak gwosès, yon konpayi pa ka fè diskriminasyon kont yon anplwaye akoz orè alètman li.  (Pou’w jwenn plis enfòmasyon sou yon dispozisyon nan Lwa sou Pwoteksyon Pasyan ak Swen Abòdab ki prevwa pwoteksyon anplis pou anplwaye k’ap bay tete yo, gade seksyon sou "Lòt Lwa Federal ki Pwoteje Travayè Ansent yo "anba a). 

Tizonnay

Li ilegal pou arase yon fanm akoz gwosès, akouchman, oswa yon pwoblèm sante ki an rapò.   Arasman la ilegal lè li fèt tèlman souvan oswa li tèlman grav li kreye yon anviwònman ki ostil oswa chokan, oswa lè li lakoz yo pran yon move desizyon travay (tankou yo revoke oswa desann grad viktim lan).

Travayè ki gen Responsablite Bay Swen

Diskriminasyon kont yon travayè ki gen responsablite bay swen vyole Tit 7 la si li baze sou sèks, epi li vyole ADA a si li baze sou andikap yon fanmi.  Pa egzanp, yon konpayi vyole Tit 7 la lè li trete yon anplwaye fanm ki gen jèn timoun mwens favorab pase yon anplwaye gason ki gen jèn timoun lè li ap pran desizyon sou opòtinite travay yo, sou baz li kwè manman an ta dwe konsantre sou timoun yo plis pase karyè li.  Anplis, yon konpayi vyole ADA a lè li pran yon mezi defavorab, tankou refize anboche oswa refize bay pwomosyon, kont yon manman tibebe ki fenk fèt ki gen yon andikap, poutèt li pè pou li pa pran anpil tan pou okipe timoun lan oswa pwoblèm sante timoun lan ap oblije li fè gwo depans pou zafè swen sante.

Avantaj Travay

Yon konpayi dwe bay fanm gwosès, akouchman, oswa pwoblèm sante ki an rapò ak gwosès yo afekte menm avantaj li bay lòt moun yo ki se menm nan kapasite oswa enkapasite yo pou yo travay.

  • Politik Travay ki pa Difisil.  Yon konpayi oblije trete fanm gwosès, akouchman, oswa pwoblèm sante ki gen rapò ak gwosès yo afekte menm jan ak lòt anplwaye yo ki se menm nan kapasite oswa enkapasite yo pou travay, pa rapò ak travay ki pa difisil, lòt afektasyon, konje pou andikap, oswa konje san peye.
    • Yon konpayi ki bay lòt anplwaye yo travay ki pa difisil pa kapab jistifye lefètke li refize bay yon travayè ki ansent travay ki pa difisil sèlman paske li ap koute pi chè oswa li ap mwens pratik pou li fè sa.
    • Menm si yon politik travay ki pa difisil pa espesyalman ekate travayè ki ansent yo, li ka toujou vyole PDA a si li mete gwo fado sou do anplwaye ki ansent san pa genyen yon jistifikasyon ki ase solid pou li. Pa egzanp, li ka difisil pou jistifye lefèkte ou bay yon gwo pousantaj anplwaye ki pa ansent ki gen limit travay ki pa difisil alòske ou refize bay yon gwo pousantaj anplwaye ki ansent travay ki pa difisil.
  • Konje: Menm si yon konpayi pa ka fòse yon anplwaye pran konje paske li ansent depi li kapab fè travay li, li dwe otorize fanm ki gen limit fizik akoz gwosès yo pran konje sou menm tèm ak kondisyon yo (pa egzanp, ba yo menm kantite konje a) ak lòt anplwaye ki se se menm nan kapasite oswa enkapasite yo pou yo travay.
    • Yon konpayi:
      • pa ka chwazi maladi gwosès yon anplwaye pou pwosedi otorizasyon medikal yo pa egzije anplwaye ki se menm nan kapasite oswa enkapasite yo pou yo travay.
      • li pa ka revoke yon anplwaye ki ansent nan travay li akoz gwosès depi anplwaye a kapab fè travay li, epi
      • li dwe kite li retounen nan travay la apre li fin soti anba yon maladi gwosès nan menm mezi yo otorize anplwaye ki nan konje maladi ak konje pou andikap pou lòt rezon retounen nan travay.
    • Si anplwaye ki ansent lan te itilize konje selon Lwa sou Konje Familyal ak Konje Medikal la, konpayi a dwe re-entegre anplwaye a nan premye pòs anplwaye a te ye a oswa nan yon pòs ki menm jan an ki peye salè a, bay avantaj, ak lòt tèm ak kondisyon travay ki menm. (Pou’w jwenn enfòmasyon sou Lwa sou Konje Familyal ak Konje Medikal la, gade seksyon sou "Lòt Lwa Federal ki Pwoteje Travayè Ansent yo" anba a).
    • Tit 1 nan ADA a ka egzije yon konpayi pou li bay konje ki depase sa li souvan otorize anplwaye li yo pran, kòm yon akomodasyon rezonab pou yon anplwaye ki gen yon pwoblèm ki gen rapò ak gwosès ki se yon andikap.
  • Avantaj Medikal. PDA egzije konpayi ki ofri asirans sante yo mete pwoteksyon pou gwosès, akouchman, ak pwoblèm sante ki gen rapò ak yo.  Yon konpayi dwe prevwa menm tèm ak kondisyon yo pou avantaj ki gen rapò ak gwosès yo piske li prevwa avantaj ki gen pou wè ak lòt pwoblèm sante yo. 

Lwa pou Ameriken ki gen Andikap

Menm si gwosès la li menm pa gen yon andikap, travayè ki ansent yo ka gen pwoblèm ki gen pou wè ak gwosès yo a ADA kalifye kòm andikap.  Amandman yo fè nan ADA a nan lane 2008 rann li pi fasil pase jan li konn ye pou montre yon pwoblèm se yon andikap.  Gen posiblite pou anpil pwoblèm ki gen pou wè ak gwosès se andikap, menm si yo tanporè, tankou sendwòm kanal kapyen ki gen pou wè ak gwosès, dyabèt pandan gwosès, senti ak janm fè mal ki gen pou wè ak gwosès, ak pre-eklanmsi.

Yon konpayi pa ka fè diskriminasyon kont yon moun pwoblèm li genyen ki gen pou wè ak gwosè la se yon andikap selon ADA a epi li dwe bay yon moun yon akomodasyon ki rezonab si sa nesesè akoz yon andikap ki gen pou wè ak gwosès, sof si akomodasyon an ap lakoz gwo difikilte oswa gwo depans ("difikilte ki twòp"). 

Egzanp akomodasyon ki rezonab ki ka nesesè pou yon andikap ki gen pou wè ak gwosès se:

  • Redistribiye fonksyon sou kote oswa fonksyon ki pa esansyèl (pa egzanp, soulve bagay pafwa) yon travayè ki ansent pa kapab ranpli, oswa chanje fason yo ranpli yon fonksyon esansyèl oswa sou kote;
  • Chanje politik nan espas travay nan otorize yon travayè ki ansent pran poz pi souvan oswa otorize li konsève yon boutèy dlo nan yon pòs travay menm si konpayi a jeneralman entèdi anplwaye yo konsève bwason nan pòs travay yo a;
  • Chanje yon orè travay yon fason pou yon moun ki gen maladi gwosès grav kapab rive pi ta pase lè nòmal li kòmanse a epi kite travay la pi ta pou li ka ratrape tan ki pèdi a;
  • Otorize yon travayè ki ansent yo mande pou kouche nan kabann pou li travay a distans lè sa nesesè;
  • Bay konje anplis sa yon konpayi t’ap bay nòmalman selon yon politik konje maladi;
  • Achte oswa chanje ekipman, tankou yon tabourè pou yon anplwaye ki ansent ki bezwen chita pandan li ap fè travay li jeneralman fè pandan li kanpe; epi
  • Re-afekte pou yon ti moman yon anplwaye nan yon travay ki pa difisil

Lòt Lwa Federal ki Afekte Travayè ki Ansent yo

Lwa sou Konje Familyal ak Konje Medikal (Family and Medical Leave Act, FMLA) pèmèt anplwaye ki kalifye  nan konpayi ki gen 50 anplwaye oswa plis yo pran jiska 12 semèn travay konje pou, pami lòt bagay, nesans ak swen tibebe anplwaye a epi pou pwòp pwoblèm sante grav anplwaye a.  Depatman Travay fè aplike FMLA a.  Pou’w jwenn plis enfòmasyon sou FMLA a, al gade nan http://www.dol.gov/whd.

Seksyon 4207 nan Lwa sou Pwoteksyon Pasyan ak Swen Abòdab la te amande Lwa sou Nòm Travay Ekitab la pou egzije konpayi yo bay "poz ki rezonab" pou anplwaye orè yo tire lèt jiskaske timoun lan gen yon lane.  Konpayi yo oblije bay yon "kote, ki pa yon twalèt, kote kòlèg yo ak piblik la pa ka wè epi pa ka antre, yon anplwaye ka itilize pou li tire lèt". Konpayi ki gen mwens pase 50 anplwaye yo pa tonbe anba egzijans sa a si li "ap enpoze yon difikilte ki twòp nan lakoz gwo difikilte oswa depans lè yo konsidere li pa rapò ak gwosè, nati oswa estrikti biznis konpayi a".  DOL pibliye yon Feyè Enfòmasyon ki bay enfòmasyon jeneral sou egzijans poz pou manman ki ap bay tete yo.  Ou kapab jwenn Feyè Enfòmasyon an nan http://www.dol.gov/whd/regs/compliance/whdfs73.htm.