Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Kesyon yo Poze Souvan sou Diskriminasyon Sèks

Kesyon yo Poze Souvan sou Diskriminasyon Sèks

Chwazi nenpòt nan kesyon anba yo pou’w jwenn repons rapid pou kesyon moun poze souvan sou diskriminasyon ki baze sou sèks.

  1. Ki kèk egzanp arasman seksyèl?
  2. Èske gason yo genyen pwoteksyon kont arasman ak diskriminasyon ki baze sou sèks?
  3. Èske li ilegal pou yo fè diskriminasyon kont ou oswa arasman ou nan travay la poutèt oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl ou?
  4. Ki kèk egzanp diskriminasyon oswa arasman ki baze sou oryantasyon seksyèl?
  5. Ki kèk egzanp diskriminasyon oswa arasman ki baze sou idantite seksyèl?
  6. Èske li ilegal pou yon moun fè diskriminasyon kont yon moun pwòp sèks pa li oswa arase yon moun pwòp sèks pa li?
  7. Èske li ilegal pou yon moun fè diskriminasyon kont kèk gason oswa fanm oswa arase kèk gason oswa fanm, men li pa fè diskriminasyon kont lòt yo ni arase yo?
  8. Èske li ilegal pou yo fè diskriminasyon kont ou oswa annwiye ou poutèt sèks ou oswa kèk lòt rezon ki entèdi, tankou ras?
  9. Èske yon konpayi kapab fè diskriminasyon kont fanm ak gason ki marye oswa ki pa marye?
  10. Èske yon konpayi kapab egzije fanm yo travay avèk sèlman kliyan fanm yo epi gason yo travay avèk sèlman kliyan gason yo?
  11. Èske yon konpayi kapab klase kèk travay kòm travay "gason" oswa travay "fanm"?
  12. E si yo arase mwen nan travay la paske mwen se gason oswa fanm, men konpòtman an pa gen karaktè seksyèl?
  13. Èske se arasman seksyèl si yon moun mwen te renmen avèk li pa vle kite mwen an repo nan travay la?
  14. Èske konpayi mwen an kapab peye mwen mwens kòb pase manm sèks opoze a ki fè menm travay la?
  15. Èske konpayi mwen an kapab sanksyone mwen paske mwen denonse sa mwen panse ki se diskriminasyon ki baze sou sèks?

Ki kèk egzanp arasman seksyèl?

Arasman seksyèl la gen ladan konpòtman endezirab ki gen yon karaktè seksyèl nan espas travay la. Moun ki fè arasman la, ansanm ak viktim lan kapab se yon gason oswa yon fanm. Moun ki fè arasman la kapab se sipèvizè ou, yon sipèvizè nan yon lòt zòn, yon kòlèg, oswa yon moun ki pa travay pou konpayi ou an, tankou yon kliyan. Arasman seksyèl la kapab gen ladan kòmantè seksyèl, blag, presyon pou pran randevou oswa favè seksyèl, manyen, jès seksyèl, oswa grafiti seksyèl, ti komik oswa foto. Arasman seksyèl la kapab gen ladan tou konpòtman ki pa konpòtman seksyèl ki baze sou sèks ou, tankou fè kòmantè sou kèk kalite travay pou di se "travay fanm".

Èske gason yo gen pwoteksyon kont arasman ak diskriminasyon ki baze sou sèks?

Wi. Gason ak fanm yo gen pwoteksyon kont diskriminasyon ak arasman ki baze sou sèks nan travay.

Èske li ilegal pou yo fè diskriminasyon kont ou oswa arase ou nan travay la poutèt oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl ou?

Wi. Tit 7 la entèdi diskriminasyon ak arasman ki baze sou sèks. Sa gen ladan diskriminasyon ak arasman ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl.

Ki kèk egzanp diskriminasyon oswa tizonnay ki baze sou oryantasyon seksyèl?

Egzanp arasman ki baze sou oryantasyon seksyèl gen ladan blag chokan oswa kòmantè ki gen pou wè ak oryantasyon seksyèl, jouman kont masisi oswa bay non, ak manyen oswa jès seksyèl ki endezirab. Diskriminasyon ki baze sou sèks ka gen ladan, pa egzanp, revoke oswa desann grad anplwaye yo poutèt oryantasyon seksyèl yo oswa paske yo te menase ale lajistis poutèt tretman enjis nan travay la ki gen pou wè ak oryantasyon seksyèl yo.

Ki kèk egzanp diskriminasyon oswa arasman ki baze sou idantite seksyèl?

Arasman ki baze sou idantite seksyèl ka gen ladan lè yon moun itilize san rete epi fè espre pou itilize move non oswa pwonon (tankou misye oswa manzè), fè yon anplwaye wont paske li pa aji oswa abiye yon fason ki reflete sèks anplwaye a te fèt ak li a, refize kite yon anplwaye itilize twalèt ki asosye ak sèks anplwaye a idantifye ak li a, oswa lòt kòmantè chokan oswa konpòtman ki gen pou wè ak idantite seksyèl. Egzanp diskriminasyon ki baze sou idantite seksyèl gen ladan lè ou refize anboche yon aplikan apwè ou fin konnen idantite seksyèl aplikan an, refize kite yon anplwaye itilize twalèt ki asosye ak sèks anplwaye a idantifye ak li a, revoke yon anplwaye paske li anonse plan pou li fè tranzisyon, oswa mande anplwaye yo vini nan travay la antanke sèks yo te fèt ak li a.

Èske li ilegal pou yon moun fè diskriminasyon kont yon moun pwòp sèks pa li oswa arasman yon moun pwòp sèks pa li?

Wi. Li ilegal pou moun yo fè diskriminasyon kont moun pwòp sèks pa yo oswa arasman moun pwòp sèks pa yo. Yon gason pa ka fè diskriminasyon kont yon lòt gason ni arase  li akoz sèks li epi yon fanm pa ka fè diskriminasyon kont yon lòt fanm ni arase li akoz sèks li.

Èske li ilegal pou yon moun fè diskriminasyon kont kèk gason oswa fanm oswa arasman kèk gason oswa fanm, men li pa fè diskriminasyon kont lòt yo ni arase yo?

Wi. Li ilegal pou yon moun fè diskriminasyon kont yon ti ansanm gwoup moun ki gen pwoteksyon oswa  arase ansanm gwoup moun ki gen pwoteksyon. Pa egzanp, yon manadjè pa ka trete fanm nwa yo yon fason ki diferan ak gason nwa yo sou baz yon estereyotip seksyèl.

Èske li ilegal pou yo fè diskriminasyon kont ou oswa arase ou poutèt sèks ou oswa kèk lòt rezon ki entèdi, tankou relijyon oswa ras?

Wi. Li ilegal pou yon konpayi fè diskriminasyon kont ou akoz melanj sèks ou (ki gen ladan oryantasyon seksyèl, ak idantite seksyèl) ak kèk lòt kategori ki pwoteje, tankou relijyon oswa ras. Pa egzanp, li ilegal pou yon konpayi refize anboche fanm mizilman yo, menm si yo anboche lòt fanm ak gason mizilman yo. Oswa, pa egzanp, li ilegal pou yon konpayi kite yo arase anplwaye nwa transjandè yo nan travay la, menm si konpayi a pran mezi ki apwopriye pou li kwape arasman lòt anplwaye nwa yo oswa anplwaye transjandè yo.

Èske yon konpayi kapab fè diskriminasyon kont fanm ak gason ki marye oswa ki pa marye?

Lwa EEOC fè aplike yo pa entèdi diskriminasyon sou baz eta sivil, menm si kèk lwa Eta ak lwa lokal ka entèdi li. Men, se diskriminasyon ki baze sou sèks ki ilegal pou yon konpayi gen yon politik ki entèdi oswa limite travay pou fanm ki marye yo si règ la pa aplikab tou pou gason ki marye yo.

Èske yon konpayi kapab egzije fanm yo travay avèk sèlman kliyan fanm yo epi gason yo travay avèk sèlman kliyan gason yo?

Jeneralman non. Yon konpayi pa ka konte sou preferans kòlèg, kliyan pou yon gason oswa fanm. Men, nan kèk ka ki limite anpil, yon konpayi gendwa an mezi pou li chwazi yon moun pou li bay yon travay sou baz sèks. Pa egzanp, yon konpayi ki nan domèn swen sante ka reponn demann yon pasyan fè pou yon anplwaye ki gen menm sèks ak li ede li benyen, san li pa vyole lwa a.

Èske yon konpayi kapab klase kèk travay kòm travay "gason" oswa travay "fanm"?

An jeneral, yon konpayi pa kapab klase kèk travay kòm travay "gason" oswa travay "fanm". Pa egzanp, li ap ilegal pou yon ajans travay tanporè di yon aplikan fanm li sèlman voye gason yo nan travay faktori yo.

E si yo arase mwen nan travay la paske mwen se gason oswa fanm, men konpòtman an pa gen karaktè seksyèl?

Arasman seksyèl kapab pran plizyè fòm. Li gendwa gen karaktè seksyèl oswa li gendwa baze sou sèks anplwaye a. Nan toude ka yo, kalite konpòtman sa a ilegal. Pa egzanp, si yon manadjè souvan di anplwaye fanm yo se nan kay plas yo ye, manadjè a lage kò li nan fè arasman ki baze sou sèks.

Èske se arasman seksyèl si yon moun mwen te renmen avèk li pa vle kite mwen an repo nan travay la?

Li gendwa se sa si ou di aklè moun ou te renmen avèk li a ak konpayi’w la ou pa vle yon relasyon ankò. Si moun lan pèsiste pou li chèche kontinye relasyon an oswa li kontinye ap fè ou avans oswa kòmantè seksyèl, ou gendwa depoze yon plent potansyèl pou arasman seksyèl.

Èske konpayi mwen an kapab peye mwen mwens kòb pase manm sèks opoze a ki fè menm travay la?

Yon konpayi pa ka peye fanm ak gason ki fè menm travay la menm kote a yon fason ki diferan akoz sèks. Tout fòm salè ak avantaj yo garanti, tankou salè, peman ovètaym, bonis, opsyon acha aksyon, pataj benefis, peman vakans ak jou ferye, alokasyon pou fè netwayaj oswa achte gazolin, lojman nan otèl, ranbousman frè vwayaj, ak avantaj. Si genyen yon diferans nan salè ant fanm ak gason, yon konpayi pa ka egalize salè yo nan redwi salè anplwaye li peye plis yo.

Èske konpayi mwen an kapab sanksyone mwen paske mwen denonse sa mwen panse ki se diskriminasyon ki baze sou sèks?

Non. Li ilegal pou konpayi ou an sanksyone ou, trete ou yon lòt jan, oswa arase ou paske ou denonse diskriminasyon bay yon moun nan konpayi ou an, bay EEOC, oswa bay paran ou yo, pwofesè ou, oswa yon lòt granmoun ou fè konfyans. Se verite menm si yo ta vin wè konpòtman ou te pote plent pou li a pa diskriminasyon. Nou fè referans ak sa kòm dwa ou genyen pou gen pwoteksyon kont vanjans.