Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Kijan Pwofesyonèl Lasante Ka Ede Ansyen Pasyan ak Sa Yo Gen Kounye A Ki Te Konn Itilize Opyoyid Rete Nan Travay Yo

Kijan Pwofesyonèl Lasante Ka Ede Ansyen Pasyan ak Sa Yo Gen Kounye A Ki Te Konn Itilize Opyoyid Rete Nan Travay Yo

Pasyan w ki te konn pran oswa ki te konn pran anpil opyoyid nan pase yo ka gen dwa dapre Lwa sou Ameriken Ki gen Andikap (Americans with Disabilities Act,  ADA) jwenn amenajman rezonab ki ka ede yo rete nan travay yo ak nan tretman.[1] Sa ka rive ke ou gen pou ou bay dokimantasyon medikal limite pou ede pasyan w lan jwenn yon amenajman rezonab. Menmsi yon pasyan k ap pran opiyoyid sou preskripsyon oswa ki te devlope depandans pou opiyoyid nan pase li pa bezwen yon amenajman pou l kontinye travay, Konpayi kote l ap travay la ka toujou mande w dokimantasyon medikal daprè ADA pou deside si moun nan kapab okipe yon pòs an patikilye san okenn danje epi si li ka efikas ladann.

Fich Enfòmasyon sa a bay yon eksplikasyon rezime sou wòl pwofesyonèl lasante a daprè ADA lè yon pasyan ki sèvi ak opiyoyid bezwen yon aranjman rezonab epi lè gen kesyon sou kapasite yon pasyan pou li fè yon travay san danje. Enfòmasyon sa yo pa yon nouvo politik; pito, dokiman sa a aplike prensip ki deja etabli nan dispozisyon lwa ak règlemantasyon ADA a ansanm ak direktiv ki pibliye deja. Kontni piblikasyon sa a pa aplikab menmjan ak lalwa epi li pa gen objektif pou li kontrenn piblik la nan okenn fason. Sèl entansyon dèyè piblikasyon sa a se pou bay klarifikasyon sou egzijans ki egziste daprè lalwa, pou piblik la.

Enfòmasyon Jeneral Sou Amenajman Rezonab

1. Kisa Ki yon Amenajman Rezonab?

Yon amenajman rezonab se yon chanjman kèlkonk nan fason bagay yo fèt nòmalman nan travay la tankou yon chanjman nan orè poz ak travay (pa egzanp, fikse lè travay an fonksyon de tretman), yon chanjman nan woulman, oswa yon transfè tanporè nan yon lòt pòs. Sa yo se jis egzanp; anplwaye yo lib pou mande, epi anplwayè yo lib pou sijere, lòt modifikasyon oswa chanjman. Sepandan, yon anplwayè pa janm oblije bese estanda pwodiksyon oswa estanda pèfòmans yo, elimine fonksyon esansyèl (travay fondamantal) yon pòs, peye pou travay ki pa fèt, oswa eskize itilizasyon dwòg ilegal nan travay la kòm yon amenajman rezonab. [2]

Anplwayè yo dwe fè amanajman rezonab pou pou postilan ak anplwaye ki bezwen sa akoz yon pwoblèm sante ki kalifye kòm yon "andikap" dapre ADA, sof si fè sa ta ka antrene gwo difikilte oswa gwo depans.[3]

2. Èske yon pasyan k ap pran opyoyid sou preskripsyon pou trete doulè li genyen akoz pwoblèm sante li ka jwenn amenajman rezonab?

Si doulè pasyan an egzije pou li kontinye ap pran opyoyid, gen anpil chans pou ADA konsidere maladi ki bay sentom sa a kòm yon andikap. Definisyon ADA bay "endikap" la diferan de sa Sekirite Sosyal itilize pou benefis andikap—genyen yon andikap ADA pa vle di yon moun papab ka travay. Maladi tankou kansè, distwofi miskilè ak esklewoz an plak ta dwe fasil pou kalifye, epi lòt maladi kapab kalifye tou tankou maladi òtopedik ki lakòz doulè ki fè on moun resevwa preskripsyon pou opyoyid.[4]

3. Èske yon pasyan ki gen yon depandans a opyoyid ka jwenn yon amenajman rezonab?

Twoub itilizasyon opyoyid (OUD) la se dyagnostik yon maladi an li menm ki gen anpil chans pou kalifye kòm yon andikap ADA.

Gen yon eksepsyon pou moun k ap itilize ewoyin oswa medikaman opyoyid san yon preskripsyon valab. ADA pa anpeche yon anplwayè revoke anplwaye, refize moun k ap aplike pou travay, oswa pran lòt mezi defavorab nan travay ki baze sou itilizasyon dwòg ilegal.

4. Èske yon pasyan ki pa gen depandans a opyoyid ankò, men ki bezwen tretman pou evite rechit, ka jwenn yon aranjman rezonab?

Yon pasyan ki te gen depandans a opyoyid nan pase li ka jwenn yon amenajman rezonab si li bezwen youn akòz de depandans li te genyen an. Pasyan w lan ka jwenn yon modifikasyon nan orè li, pa egzanp, pou li ale nan reyinyon gwoup soutyen oswa sesyon terapi ki ede evite rechit.

5. Èske yon pasyan ka jwenn amenajman rezonab pou yon pwoblèm sante ki gen rapò ak depandans a opyoyid?

Wi, si pwoblèm sante ki lakoz la se yon andikap ADA. Twoub komòbid komen tankou gwo depresyon ak sendwòm estrès apre twoma (PTSD) se andikap, men gen lòt twoub ki ka kalifye tou. Pou jwenn plis enfòmasyon sou twoub sante mantal ak ADA, gade Depresyon, PTSD ak Lòt Twoub Sante Mantal nan Travay: Dwa l Ou Genyen Yo sou https://www.eeoc.gov/laws/guidance/depression-ptsd-other-mental-health-conditions-workplace-your-legal-rights ak Wòl Pwofesyonèl Sante Mantal la nan Demann yon Kliyan pou yon Amenajman Rezonab nan Travay sou https://www.eeoc.gov/laws/guidance/mental-health-providers-role-clients-request-reasonable-accommodation-work.

6. E si pasyan an pa ka retounen travay kounye a, menm avèk yon amenajman rezonab?

Si pasyan an pa ka ranpli tout fonksyon esansyèl djòb la san danje epi nan estanda djòb la egzije a, epi li pa gen okenn konje peye disponib, konje san peye ka yon amenajman rezonab si sa ka ede li rejwenn kapasite li pou li ranpli fonksyon esansyèl djòb la. Pasyan w lan ka kalifye tou pou konje dapre Lwa sou Konje Familyal ak Medikal, (Family and Medical Leave Act, FMLA). Divizyon Salè ak Orè Depatman Travay Etazini an fè aplike FMLA. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou lwa sa a sou www.dol.gov/whd/fmla.

Si pasyan an pa kapab fè travay nòmal pòs li a ankò ditou, transfè nan yon lòt pòs ka yon amenajman rezonab, si gen youn ki disponib.[5]

Ede Pasyan W Yo Jwenn Amenajman Rezonab

7. E si pasyan m nan bezwen konn plis sou ADA ak amenajman rezonab?

Kòm kèk pasyan ka pa konnen kisa ADA ye, li ka itil pou w ta oryante yo nan direksyon resous EEOC yo, tankou Itilizasyon Kodeyin, Oksikodòn ak Lòt Opyoyid: Dwa Ou Genyen Nan Travay, ki disponib sou https://www.eeoc.gov/laws/guidance/use-codeine-oxycodone-and-other-opioids-information-employees.

8. Kijan Mwen Ka Ede Pasyan Mwen an Jwenn yon Amanajman Rezonab?

Si pasyan w lan deside mande yon amenajman rezonab, anplwayè a ka bezwen dokimantasyon medikal pou ede l deside si pasyan an gen yon andikap ADA ou non epi si li bezwen yon amenajman rezonab.

Ou ka bay dokimantasyon sa a. Li pa bezwen detaye epi ou pa oblije doktè pou bay li. Anplwayè yo oblije kenbe tout enfòmasyon ki gen rapò ak demann amanajman rezonab konfidansyèl.[6]

Dokimantasyon an gen plis chans pou sipòte demann pasyan an si li itlize yon langaj senp pou eksplike:

  • Kalifikasyon pwofesyonèl ou yo ak kalite epi longè relasyon w ak pasyan an. Yon deklarasyon tou kout ap sifi.
  • Kisa eta sante pasyan an ye.
    • Si pasyan an bezwen yon amenajman akòz yon maladi ki bay sentom, oswa akòz efè segondè yon medikaman opyoyid, ou ta dwe idantifye maladi k ap bay sentom la.
    • Si se OUD ki rann amenajman an nesesè, li sifi pou di ke pasyan an gen yon dyagnostik OUD.
    • Si pasyan an bezwen yon amenajman akòz yon twoub komòbid, ou ta dwe idantifye toub komòbid la.
    • Si pasyan an mande w pou w pa divilge ke se akòz itilizasyon opyoyid oswa yon afliksyon li vin devlope paske li te itilize opyoyid ki lakòz pwoblèm li yo nan travay la, anplwayè ka kontante l de yon deskripsyon pi jeneral de eta sante moun nan (pa egzanp, ke li "ap resevwa tretman pou depandans" oswa gen yon twoub sante mantal). 
  • Limit nan fonksyonman pasyan an genyen an absans tretman. Dekri a ki pwen twoub la ta ka limite yon "aktivite enpòtan nan lavi" tankou mache, dòmi, leve chay, konsantre oswa pran swen tèt ou, si pasyan an p ap resevwa tretman. Si efè sou fonksyonman yo fè ale vini, dekri kijan sa t ap ye lè sentòm yo mal nèt. Li sifi pou ou montre limitasyon pou youn nan aktivite enpòtan nan lavi yo.
  • Bezwen pou yon amenajman rezonab. Eksplike kijan eta sante pasyan an rann chanjman nan travay li nesesè.
    • Pa egzanp, eksplike pasyan w lan ka bezwen yon chanjman orè (pa egzanp, pou ale nan yon randevou doktè pandan jounen travay la) oswa konje san peye (pa egzanp, pou resevwa tretman oswa refè).
    • Si pasyan w lan bezwen yon amenajman pou li ka ranpli yon fonksyon an patikilye nan travay la, eksplike kijan sentòm pasyan an yo – jan yo ye vrèman an, ak tretman – rann ranpli fonksyon an pi difisil. Ou ka ajoute efè segondè medikaman pasyan an si yo rann travay la pi difisil tou. Si sa nesesè, mande pasyan an pou li deskri sa li fè nan travay li. Limite diskisyon an a pwoblèm presi nan djòb an patikilye amenajman rezonab la ta ka fasilite a.
  • Sijesyon pou amenajman. Si ou konnen yon amenajman efikas, ou ka sijere li. Pa egzajere nesesite pou yon amenajman an patikilye pou si yon lòt ta vin nesesè.

ADA pa chanje obligasyon etik oswa legal ou antanke yon pwofesyonèl lasante. Ou ta dwe mande yon amenajman rezonab pou yon moun oswa bay yon anplwayè enfòmasyon medikal sou yon pasyan sèlman si moun nan mande w pou fè sa epi li siyen yon otorizasyon apwopriye. Pou yon lòt fwa ankò, anplwayè yo oblije kenbe tout enfòmasyon ki gen rapò ak demann amanajman rezonab konfidansyèl.

9. Kijan yo pral itilize dokimantasyon medikal la?

Anplwayè a, petèt an konsiltasyon ak yon pwofesyonèl lasante, pral sèvi ak enfòmasyon sa a pou evalye si pou li ofri yon amenajman rezonab ou non, epi si wi, kiyès. Moun ki responsab pou evalye demann nan ka kontakte w tou pou mande klarifikasyon sou sa ou te ekri a oswa pou ba w plis enfòmasyon pou w konsidere. Pa egzanp, si amenajman ki nan demann nan t ap twò difisil oswa koute chè pou fè, li ka mande si yon lòt amenajman ta ka efikas.

Yo p ap kapab itilize enfòmasyon ou bay la legalman pou pran mezi defavorab nan travay la, sof si li montre ke pasyan an diskalifye pou pòs la dapre lalwa federal, ap pran dwòg ilegalman, oswa pa kapab ranpli fonksyon esansyèl pòs la yon fason ki konpetan epi san danje, menm avèk yon amenajman rezonab.[7]

Enkyetid Sou Sekirite

10. E si anplwayè mande si wi ou non pasyan an reprezante yon risk sekirite?

Gen yon ti kantite djòb kote lalwa federal egzije anplwayè pou verifye ke anplwaye li yo reponn a on sèten estanda medikal pou rezon sekirite. Men, pou pifò djòb, desizyon pou kanpe fonksyon yon moun akòz yon andikap dwe baze sou yon evalyasyon objektif risk sekirite ki vini avèk li yo, dapre kondisyon travay reyèl yo. Si yon anplwayè mande si pasyan w lan poze yon risk pou sekirite, gen anpil chans pou l ap mande w enfòmasyon medikal ki ka ede l deside si andikap pasyan an kreye yon risk sekirite ase enpòtan pou jistifye sispansyon oswa lòt mezi defavorab dapre lalwa. Enkyetid sou sekirite yo jistifye yon sispansyon oswa lòt mezi defavorab sèlman si risk la atenn nivo yon "menas dirèk", sa vle di yon gwo risk pou fè tèt ou oswa lòt moun mal, ke yon amenajman rezonab pa ka elimine oswa redwi a yon nivo akseptab.[8]

11. Èske bay anplwayè an restriksyon tankou "piga sèvi ak machin ki lou" sifi?

Non. Pou deside si yon anplwaye reprezante yon "menas dirèk", anplwayè yo bezwen enfòmasyon ki ka ede yo evalye nivo risk yon andikap poze, lè w konsidere pwobabilite pou malè rive, dire malè a, pwoksimite malè ki posib pou rive a, tan risk la ap dire, ak gravite malè ki posib pou rive a.[9]

12. Ki kalite enfòmasyon mwen ta dwe bay yon anplwayè pou pran yon bon desizyon sekirite?

Ou ta dwe dekri evènman medikal ki enpòtan oswa konpòtman ki ka rive nan travay la (pa egzanp, yon pèt konesans oswa noze), epi endike pwobabilite pou yo rive. (Si li difisil pou kalkile pwobabilite a, li ka toujou itil pou bay estimasyon enfòmèl, pa egzanp lè w di "prèske pa gen chans ditou" oswa "gen ase chans" pou pèdi konsyans nan travay la pandan de (2) pwochen mwa yo.) Estimasyon yo ta dwe baze sou enfòmasyon medikal ki pi resan ki disponib yo, epi yo ta dwe pran an konsiderasyon rejim tretman ak antesedan medikal moun y ap evalye a. Ou ta dwe dekri tou tout prekosyon sekirite ki ka redwi chans pou evènman medikal la oswa konpòtman an rive.

Lè li nesesè, konsidere epi evalye tout risk sitiyasyon pasyan an ka prezante an fonksyon de kalite travay pasyan an ap fè chak jou; kalite ekipman li itilize; aksè li genyen a objè oswa sibstans nosif; tout mezi pwoteksyon ki an plas sou sit travay la; kalite blesi oswa lòt malè ki ka rive si youn nan evènman oswa konpòtman medikal ki te idantifye yo rive; epi chans pou blesi oswa lòt malè ta rive tout bon akoz evènman an oswa konpòtman an. Si ou pa genyen enfòmasyon sa a men ou panse ou bezwen li pou fè yon evalyasyon ki kòrèk, ou ta dwe mande anplwayè a li.

Plis Enfòmasyon

Pou jwenn enfòmasyon jeneral, vizite sitwèb Equal Employment Opportunity (EEO) a (https://www.eeoc.gov), oswa rele EEOC nan 1-800-669-4000 (voice), 1-800-669-6820 (TTY), oswa nan liy aksè langaj siy nou an 1-844-234-5122 (ASL Video Phone). 

 


[1] 42 U.S.C. § 12112, et seq.; 29 C.F.R. §§ 1630.1 – 1630.16. Divès aspè non diskriminasyon, amenajman rezonab, ak lòt pwoteksyon Chapit I ADA a te adrese nan diferan seksyon nan lwa ak règleman yo. Gade, egzanp, 29 C.F.R. § 1630.2(g) –(k) (dosye andikap prezan ak andikap pase) ak 1630.9 (akomodasyon rezonab jeneralman); gade tou 42 U.S.C. § 12114 (eksklizyon pa rapò ak itilizasyon dwòg ilegal).

[2] 42 Usc § 12114, 12210; 29 C. F. R. § 1630.3, 1630.16(b) ak (c).

[3] 42 Usc § § 12111(10), 12112(b) (5); 29 C. F. R. §§ 1630.2 (o) ak (p), ak 1630.9.

[4] 42 Usc § 12102; 29 C. F. R. § 1630.2(g)-(k).

[5] 42 Usc §§ 12111(8), 12111(9)(B); 29 C. F. R. §§ 1630.2(m)-(p).

[6] 42 Usc § 12112(d); 29 C. F. R. § 1630.14(d) (4).

[7] 42 Usc § 12203; 29 C. F. R § 1630.12.

[8] 42 Usc § 12113(b); 29 C. F. R. § 1630.2 (r).

[9] Id.