Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Seri Jwenn Enfòmasyon yo: Medyasyon

Seri Jwenn Enfòmasyon yo: Medyasyon

Medyasyon se yon fòm Altènativ pou Rezoud Pwoblèm Cherepit  (Alternative Dispute Resolution, ADR) Komisyon pou Opòtinite Egal Ego  nan zafè Travay (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) Etazini ofri kòm yon altènativ pou pwosesis ankèt oswa litij tradisyonèl la. Medyasyon an se yon pwosesis enfòmèl kote yon pati endepandan net ki ede pati ki opoze yo jwenn yon rezolisyon volontè, yo negosye pou yon akizasyon pou diskriminasyon. Medyasyon an bay pati yo opòtinite pou yo pale sou pwoblèm yo soulve nan akizasyon an, rezoud malantandi yo, detèmine enterè oswa enkyetid ki alabaz yo, jwenn pwen akò yo epi, finalman, entegre pwen akò sa yo nan solisyon yo. Yon medyatè pa enpoze yon solisyon sou pati yo. Depreferans, medyatè a ede pati yo mete yo dakò sou yon rezolisyon toude pati yo aksepte.

Fason Medyasyon an Fonksyone

Yon reprezantan EEOC ap kontakte anplwaye a ak konpayi a konsènan patisipasyon yo nan pwogram lan. Si toude pati yo dakò, yo ap pwograme yon seyans medyasyon yon medyatè ki gen fòmasyon ak eksperyans ap dirije. Byenke li pa nesesè pou gen yon avoka oswa lòt reprezantasyon pou ka patisipe nan Pwogram Medyasyon EEOC a, youn nan pati yo ka chwazi fè sa. Li enpòtan pou moun ki ap patisipe nan seyans medyasyon an gen otorizasyon pou rezoud pwoblèm la. Si medyasyon an pa reyisi, yo ap mennen ankèt sou akizasyon an tankou nenpòt lòt akizasyon.

Avantaj Medyasyon an

LI GRATIS

  • Medyasyon an disponib gratis pou pati yo.

LI JIS EPI SAN PASPOUKI

  • Pati yo genyen menm lavwa ochapit nan pwosesis la epi yo ap deside tèm règleman yo, se pa medyatè a.  Yo pa detèmine ki moun ki koupab ni inosan nan pwosesis la.

LI EKONOMIZE TAN AK LAJAN

  • Medyasyon an souvan fèt nan kòmansman pwosesis akizasyon an, epi yo fè anpil medyasyon nan yon sèl reyinyon.  Reprezantasyon legal oswa lòt reprezantasyon pa obligatwa.

LI KONFIDANSYÈL

  • Tout pati yo siyen yon akò konfidansyalite.  Yo pa’p revele enfòmasyon yo pataje pandan medyasyon an ak pèsòn, tankou lòt pèsonèl ankèt EEOC a oswa pèsonèl jiridik la.

LI EVITE LITIJ

  • Li KAPAB evite litij ki long.  Medyasyon an koute mwens pase yon pwosè epi li evite ensètitid konsekans jidisyè a.

LI ANKOURAJE KOWOPERASYON

  • Medyasyon an ankouraje yon apwòch rezolisyon pwoblèm pou plent yo epi li redwi zafè deranjman nan espas travay la.  Avèk ankèt la, menm si EEOC voye jete akizasyon an, pwoblèm alabaz yo ka kontinye, sa ki afekte lòt moun yo nan mendèv la ak pèsonèl resous imèn lan.

LI AMELYORE KOMINIKASYON

  • Medyasyon an bay yon teren ki net epi konfidansyèl kote toude pati yo kapab pale aklè sou opinyon yo genyen sou chirepit ki alabaz la.

DEKOUVRI PWOBLÈM REYÈL YO NAN ESPAS TRAVAY OU A

  • Pati yo pataje enfòmasyon, ki kapab fè ou konprann pwoblèm ki afekte espas travay ou a pi byen.

KREYE PWÒP SOLISYON PA OU

  • Yon pati endepandan ki san paspouki ede pati yo jwenn yon rezolisyon volontè ki bon pou toulede.  Medyasyon an kapab rezoud tout pwoblèm ki enpòtan pou pati yo, se pa sèlman chirepit legal ki alabaz la.

TOUT MOUN GENYEN

  • Selon yon sondaj endepandan, 96% nan tout defandè yo ak 91% nan tout pati yo akize ki te itilize medyasyon yo t’ap itilize li ankò si yo te ofri li.

Sa Konpayi Yo Di

"Depi konpayi a retire mit ki di "Si nou pa te fè anyen ki mal, nou pa ta dwe ale nan medyasyon" epi li deside patisipe, pwoblèm reyèl ki nan litij la vin klè. Gras ak medyasyon an, nou gen opòtinite pou nou rezoud pwoblèm yo nan aji alavans pou evite akizasyon ki ka genyen pi devan yo. Nou konstate kantite akizasyon yo depoze nan EEOC kont nou bese an reyalite. Nou panse lefètke nou patisipe nan medyasyon an epi koute pwoblèm anplwaye yo jwe yon wòl nan bès sa a".
Donna M. Gwin, Direktè Resous Imèn, Eastern Division, Safeway Inc. 

"Kèlkeswa pwoblèm lan oswa kit li gen dwa legal anba Tit 7 la, si li ap souse resous yo, boulvèse lespri anplwaye a, oswa li fè yon enpak negatif sou pwodiktivite a, donk mete pwoblèm lan sou tab la, negosye ak rezoud li se souvan mwayen ki entèlijan ak pi rapid pou asire efikasite mendèv la".
Linda I. Workman, Vis Prezidant, Efikasite Mendèv, ConAgra Foods, Inc.

 

Pou’w jwenn plis enfòmasyon, ale sou sitwèb nou an ki se http://www.eeoc.gov oswa kontakte:
1-800-669-4000 (mesaj vokal)
oswa
1-800-669-6820 (TTY)