Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon sou Abiman Relijyon ak Swen Pèsonèl nan Espas Travay: Dwa ak Responsablite

Feyè Enfòmasyon sou Abiman Relijyon ak Swen Pèsonèl nan Espas Travay: Dwa ak Responsablite

Avi Konsènan Nòm sou Kontrent Egzajere Tit VII la nan Ka Amenajman Relijye yo.

Dokiman sa a te pibliye anvan desizyon Tribinal Siprèm te pran nan zafè Groff kont DeJoy, 143 S. Ct. 2279 (2023). Opinyon Groff klarifye ke "lefèt pou montre 'plis pase yon kou de minimis (ensiyifyan)'... pa sifi pou etabli kontrent egzajere daprè Tit VII." Olye desa, Tribinal Siprèm lan te estime ke "gen prèv yo itilize kontrent egzajere lè yon fado vin sibstansyèl nan kontèks global aktivite yon anplwayè", "lè yo pran an konsiderasyon tout faktè enpòtan nan ka an kesyon an, tankou amenajman patikilye ki an koz la epi enpak pratik yo genyen, an fonksyon de nati, gwosè ak kou fonksyònman yon anplwayè." Groff gen priyorite sou tout enfòmasyon kontrè ki nan paj wèb sa a. Pou jwenn plis enfòmasyon sou resous EEOC ofri sou diskriminasyon relijye, tanpri konsilte Diskriminasyon sou Relijyon.

Feyè enfòmasyon sa a bay enfòmasyon debaz sou fason lwa federal sou diskriminasyon nan travay aplikab pou rad relijyon yo ak pratik swen pèsonèl yo. Gen yon gid long ki gen kesyon ak repons ki disponib nan https://www.eeoc.gov/laws/guidance/religious-garb-and-grooming-workplace-rights-and-responsibilities.

Nan pifò ka yo, konpayi Tit 7 nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil la pwoteje yo dwe fè eksepsyon nan règ oswa preferans nòmal yo genyen pou pèmèt aplikan ak anplwaye yo swiv pratik rad relijyon ak pratik swen pèsonèl yo. Egzanp rad relijyon ak pratik swen pèsonèl yo ka gen ladan: mete rad oswa bagay ki gen pou wè ak relijyon (pa egzanp, yon kwa kretyen, ijab mizilman (foula), yon tiban Sik, kipan Sik (ti epe senbolik)); respekte yon entèdiksyon relijyon kont zafè mete kèk abiman (pa egzanp, pratik pou fanm Mizilman, Kretyen Pannkotis, oswa Juif Òtodòks yo mete rad senp, epi pa mete pantalon ni jip kout); oswa respekte zafè razaj la oswa longè cheve (pa egzanp, cheve ak bab Sik ki pa koupe, dwèd rasta, oswa pafouten Jwif).

  • Tit 7 la entèdi tretman diferan sou baz kwayans oswa pratik relijye, oswa mank li. Sof konpayi ki se òganizasyon relijye jan yo defini sa nan Tit 7 la, yon konpayi pa dwe ekate yon moun nan yon travay sou baz preferans relijye ki fè diskrimasyon, kit se pwòp preferans pa li kit se preferans kliyan yo, oswa kòlèg yo. Tit 7 la entèdi tou diskriminasyon kont moun yo paske yo pa kwè nan okenn relijyon. Preferans kliyan an se pa yon defans kont yon plent pou diskriminasyon.
  • Tit 7 la entèdi tou separasyon nan espas travay oswa travay sou baz relijyon (ki gen ladan abiman relijyon ak pratik swen pèsonèl), tankou afekte yon anplwaye nan yon pòs kote li pa an kontak ak kliyan akoz kliyan an prefere sa toutbonvre oswa yo sipoze li prefere sa.
  • Tit 7 la egzije pou yon konpayi, depi yo di li yon akomodasyon relijye nesesè pou kwayans oswa pratik relijye ki sensè, fè yon eksepsyon nan egzijans oswa preferans pou rad ak swen pèsonèl, sof si li reprezante yon difikilte ki twòp.
    • Egzije pou yon anplwaye pou li kouvri yon abiman relijyon, senbòl, oswa yon bagay li kwè ladan se pa yon akomodasyon rezonab si sa ap vyole kwayans relijye anplwaye a.
    • Yon konpayi ka entèdi yon rad relijyon oswa pratik swen pèsonèl yon anplwaye sou baz sekirite oswa pwoblèm sante nan espas travay la sèlman si sikonstans yo reprezante yon difikilte ki twòp toutbonvre sou fonksyònman biznis lan, epi se pa paske konpayi a senpman kwè akomodasyon an ap reprezante yon difikilte ki twòp.
    • Lè yo fè yon eksepsyon antanke akomodasyon pou relijyon, konpayi a ka toujou refize otorize eksepsyon lòt anplwaye yo ap chèche fè a pou rezon layik.
    • Ni mekontantman kòlèg la ni preferans kliyan an pa yon difikilte ki twòp.
    • Li konseye nan tout ka yo pou konpayi yo pran yon desizyon apa sou nenpòt demann pou fè eksepsyon, epi fòme manadjè yo kòmsadwa.
  • Tit 7 la entèdi yon konpayi vanje paske yon moun te angaje li nan yon aktivite ki pwoteje selon lwa a, ki gen ladan mande akomodasyon pou relijyon. Aktivite ki pwoteje a ka gen ladan tou lè ou opoze yon pratik anplwaye a kwè ak rezon youn nan lwa sou diskriminasyon nan travay yo rann ilegal, oswa lè anplwaye a depoze yon akizasyon, temwaye, asiste, oswa patisipe nan nenpòt mannyè nan yon ankèt, pwosè, oswa odyans selon lwa a.
  • Tit 7 la entèdi arasman nan espas travay ki baze sou relijyon, ki ka rive lè yo egzije oswa fòse yon anplwaye abandone, chanje, oswa adopte yon pratik relijye kòm kondisyon travay, oswa pa egzanp, lè yon anplwaye sibi remak oswa konpòtman ki endezirab poutèt relijyon li.

Pou’w jwenn biwo EEOC ki nan zòn ou an pou ka poze kesyon oswa pou’w depoze yon akizasyon pou diskriminasyon nan delè ki aplikab yo, rele gratis nan 1-800-669-4000 oswa 1-800-669-6820 (TTY) pou’w jwenn plis enfòmasyon. Aplikan ak anplwaye sektè federal yo ta dwe kontakte biwo EEO ajans ki responsab pou diskriminasyon prezime a pou li kòmanse jwenn konsèy EEO yo. Pou’w jwenn plis detay, gade "Fason pou Depoze yon Akizasyon pou Diskriminasyon nan Travay", https://www.eeoc.gov/ht/depoze-yon-chaj-sou-diskriminasyon.

Anplis entèdiksyon Tit 7 la sou diskriminasyon ki baze sou relijyon, ras, koulè po, orijin nasyonal, ak sèks, EEOC fè aplike lwa federal ki entèdi diskriminasyon nan travay ki baze sou laj, andikap, oswa enfòmasyon jenetik aplikan oswa anplwaye yo. Ou ka kontakte EEOC pou poze kesyon sou polisi nan espas travay ki an vigè ki kapab anpeche diskriminasyon, oswa pou poze kesyon ki pi espesyalize, lè ou rele nan 1-800-669-4000 (TTY 1-800-669-6820), oswa lè ou voye demann enfòmasyon alekri yo nan: Equal Employment Opportunity Commission, Office of Legal Counsel, 131 M Street, NE, Washington, D.C. 20507.