Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Konfidansyalite

Konfidansyalite

Remak: Anplwaye federal ak moun ki mande travay yo genyen yon diferan pwosesis pou plent.

Enfòmasyon yo te jwenn nan men moun ki kontakte EEOC a konfidansyèl epi p’ap revele bay anplwayè jiskaske moun nan depoze yon chaj sou diskriminasyon. Lè yon moun kontakte EEOC, yo pral mande’l pou bay enfòmasyon ki kapab genyen ladan sa yo ki swiv la:

  1. Non moun nan, adrès li, nimewo telefòn li, dat nesans
  2. Nimewo Sekirite Sosyal (si ou vle)
  3. Non, adrès ak nimewo telefòn anplwayè a
  4. Konbyen moun kap travay pou anplwayè
  5. Dat pwoblèm la te komanse
  6. Eksplikasyon anplwayè ba ou pou aksyon li yo (si disponib)
  7. Poukisa ou kwè ke aksyon yo te pran kont ou a se te yon aksyon diskriminatwa
  8. Non moun yo te trete plis byen ke wou yo (si aplikab)

Enfòmasyon sa yo pral itilize pou konsève rejis yo ak pou detèmine si EEOC a kouvri sitiasyon an. Anplwaye EEOC yo ka tonbe anba egzijans konfidansyalite estrik nan la lwa.

Yon moun ki depoze yon chaj, non moun nan ak enfòmasyon debaz konsènan akizasyon diskriminasyon yo pral pibliye bay anplwayè a. La lwa egzije nou pou enfòme anplwayè a konsènan chaj la nan delè ki pa depase 10 jou aprè dat depozisyon an. Pandan dire ankèt la, EEOC kapab pataje kèk enfòmasyon ak akize a oswa defandè a. Selon la lwa, EEOC dwe konsève enfòmasyon sou chaj la konfidansyèl epi p’ap pibliye enfòmasyon ki genyen rapò ak yon chaj bay piblik la.

Rete Anonim

Lè ou depoze yon chaj, ou dwe ba nou non wou. Non wou dwe parèt sou chaj la, epi li dwe genyen siyati’w. La lwa egzije nou pou bay anplwayè a chaj ou an pou li kapab reponn akizasyon ki te fèt nan chaj ou an. Si ou swete rete anonim, n’ap aksepte yon chaj ki depoze sou demand yon lòt moun ki te viktim diskriminasyon. Yon moun oswa yon òganizasyon ka depoze chaj la. Nan ka sa yo, nou jeneralman pa di anplwayè a pou ki moun yo te depoze chaj la, men nou di anplwayè a non moun oswa òganizasyon ki te depoze chaj la.

An pratik, li kapab difisil pou kache idantite moun ki kwè yo te viktim diskriminasyon pandan ankèt la, menm si yo pa janm pibliye yon non, akoz sikonstans chaj la.

Yon moun kapab depoze yon chaj tou “sou demand” yon timoun minè oswa yon timoun ki genyen yon twoub mantal.

Zak Revanj Pa yon Anplwayè

Yon anplwayè pa kapab revoke, redwi nan grad, asele, oswa yon lòt fason “fè zak revanj” kont ou paske ou te depoze yon chaj. Tout lwa nou aplike yo rann li ilegal pou yon anplwayè fè zak revanj kont yon moun ki depoze yon chaj oswa yon moun ki patisipe nan ankèt oswa pouswit EEOC.

Si ou santi yo te fè zak revanj kont ou, ou ta dwe kontake anketè k’ap egzamine chaj ou an san pèdi tan. Anketè a pral pale avèk ou konsènan sitiyasyon an epi li pral ajoute yon demand pou zak revanj nan chaj ou an si sa apwopriye. Si li ajoute yon akizasyon pou zak revanj nan chaj ou an, n’ap di anplwayè a sa epi apresa n’ap fè ankèt sou demand pou zak revanj la ansanm ak rès chaj ou an. Sonje ke dat limit ki estrik pou depoze yon chaj aplike tou lè ou vle ajoute yon chaj. Paske ou te depoze yon chaj byen bonè pa ka pwolonje dat limit lan. Pou rezon sa a, ou ta dwe kontakte nou osito sa posib.