Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Medyasyon

Medyasyon

Medyasyon se yon fason enfòmèl epi konfidansyèl pou moun rezoud diskisyon avèk èd yon medyatè net ki fòme pou ede moun diskite sou diferans yo genyen. Medyatè a pa deside sou sa ki bon oswa sa ki pa bon oswa pran yon desizyon. Olye de sa, medyatè a ede pati yo jwenn yon solisyon pou pwoblèm yo.

Remak: Yo egzije ajans federal yo pou fè yon pwogram altènatif rezolisyon. Pifò nan yo itilize medyasyon, men se pa nesesèman pwosesis EEOC.

Avantaj Medyasyon

Youn nan pi gwo avantaj medyasyon yo sèke li pèmèt moun yo rezoud pwoblèm nan yon fason ki fasil epi nan fason ki reponn ak pwòp bezwen inik yo. Epitou, yon chaj ka rezoud pi vit atravè medyasyon. Lè sa pran mwens pase 3 mwa an mwayèn pou rezoud yon chak atravè medyasyon, sa ka pran 10 mwa oswa plis pou yo ka fè ankèt sou yon chaj. Medyasyon an egal, efikas epi li ka ede pati yo evite yon medyasyon oswa yon pledwari ki long.

Pwosesis Medyasyon ak EEOC

Yon ti tan aprè ou fin depoze yon chaj, nou kapab kontakte anplwaye ak anplwayè a pou mande yo si yo enterese pou patisipe nan medyasyon. Desizyon pou patisipe nan medyasyon an konplètman volontè. Si yon pati oswa lòt pati a refize medyasyon an, chaj la pra’l transfere bay yon anketè. Si toude pati yo dakò pou patisipe nan medyasyon, nou pral planifye yon medyasyon, ki pral fèt pa yon medyatè ki fòme epi ki genyen eksperyans. Si pati yo pa rive jwenn yon akò nan medyasyon an, yo pral fè ankèt sou chaj la menm jan ak tout lòt chaj. Yon akò ki siyen epi ki ekri yo te jwenn pandan medyasyon an kapab aplike nan tribinal la menm jan ak tout lòt kontra.

Dire ak Frè Medyasyon an

Yon sesyon medyasyon jeneralman dire 3 jiska 4 èdtan, byenke tan an varye selon konplikasyon ka a. Pa genyen okenn frè pou youn oswa lòt pati k’ap patisipe nan medyasyon an.

Kilès Ki Ta dwe Patisipe nan Medyasyon an

Tout pati yo nan chaj la ta dwe patisipe nan sesyon medyasyon an. Si w’ap reprezante anplwayè a, ou ta dwe abitye avèk enfòmasyon chaj la epi ou ta dwe genyen otorite pou regle chaj la sou demand anplwayè a. Byenke ou pa bezwen vini avèk yon avoka nan medyasyon an, nenpòt nan pati yo kapab chwazi fè sa. Medyatè a pral deside sou ki wòl avoka a pral jwe pandan medyasyon an.