Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Trafik Moun

Trafik Moun

Trafik Moun se yon krim kote yo eksplwate yon moun pou fè li fè travay fòse oswa fè bagay pou kòb nan itilize fòs, fwod oswa presyon. Lè yo fè yon moun ki gen mwens pase 18 lane fè bagay pou kòb, se yon krim si gen fòse, fwod, oswa presyon. Viktim yo kapab se nenpòt moun nan lemond antye oswa toupre ou: fanm ak gason, granmoun ak timoun, sitwayen ak moun ki pa sitwayen.

- LÈ GEN YON IJANS, TANPRE RELE 911 -

Pou’w jwenn èd lapoula, rele Liy Dirèk Nasyonal pou Trafik Moun lan nan:

Rele Liy Dirèk Nasyonal pou Trafik Moun lan nan: 

  • JWENN ÈD epi pran kontak ak yon founisè sèvis ki nan zòn ou an;
  • DENONSE YON TRAFIK MOUN avèk enfòmasyon sou aktivite trafik moun ki ka fèt la oswa ou sispèk ki fèt la; oswa
  • JWENN PLIS ENFÒMASYON lè ou mande fòmasyon, asistans teknik, oswa resous.

Liy Dirèk Nasyonal pou Trafik Moun lan se yon liy dirèk nasyonal, gratis ki disponib nan telefòn, TTY, mesaj tèks SMS, ak fonksyon pale  anliy an dirèk. Li disponib pou reponn koutfil ki soti nenpòt kote Ozetazini ak teritwa Ameriken yo, 24 sou 24, 7 jou sou 7, chak jou nan ane a. Liy Dirèk la bay asistans nan plis pase 200 lang. NHTRC a bay sivivan trafik moun yo sipò ak opsyon ki disponib  pou yo jwenn èd epi rete an sekirite, opsyon sa yo ka gen ladan mete moun ki rele yo an kontak ak abri  tou swit, transpò, konseye nan zafè chòk, lapolis lokal, oswa yon pil lòt sèvis ak sipò. Liy Dirèk la se pa yon otorite lapolis oswa imigrasyon epi se yon òganizasyon ki pa òganizasyon gouvènmantal gouvènman Federal la finanse yon pati ladan ki ap dirije li. 

Kontakte gouvènman federal la pou wou jwenn plis èd: 

  • Komisyon pou Opòtinite Egal Ego  nan zafè Travay Etazini nan 1-800-669-4000; 1-800-669-6820 (TTY pou moun ki rele ki Soud/Tande Di sèlman); 1-844-234-5122 (Telefòn Videyo ASL pou moun ki rele ki Soud/Tande Di sèlman); info@eeoc.gov (imèl).
  • Depatman Jistis, Biwo pou Viktim Krim, Trafik Moun Etazini (https://ovc.ojp.gov/program/human-trafficking/overview).
  • Depatman Travay, Divizyon Salè ak Lè Etazini (https://www.dol.gov/agencies/whd) nan 1-866-4USWAGE (1-866-487-9243); 1-877-889-5627 (TTY pou moun ki rele ki Soud/Tandi Di sèlman) pou ka kote eksplwatasyon nan travay gendwa la men li pa rive nan limit trafik la.
  • Liy Dirèk OIG Depatman Travay Etazini nan 1-202-693-6999 oswa 1-800-347-3756, hotline@oig.dol.gov, oswa https://www.oig.dol.gov/hotlinemain.htm 24 sou 24, 7 sou 7 pou siyale akizasyon pou trafik moun yo fè nan fwod nan pwogram DOL, ki gen ladan, men gen toujou, H-1B, H-2A, H-2B, ak PERM. Lè ou ap depoze yon plent nan Liy Dirèk OIG a, li pa nesesè pou bay non ou ni okenn lòt enfòmasyon pèsonèl.

Trafik Moun ak Lwa EEO

Lwa kont diskriminasyon Komisyon pou Opòtinite Egal Ego  nan zafè Travay Etazini (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) fè aplike yo, sitou lwa ki entèdi diskriminasyon ki baze sou ras, orijin nasyonal, sèks, ki gen ladan arasman seksyèl, ak andikap, jwe yon gwo wòl nan batay kont trafik moun lan. Lè trafikan yo ak konpayi yo itilize fòs, fwod, oswa presyon pou fòse moun travay oswa eksplwate travayè yo, yo gendwa ap vyole non sèlman lwa penal yo men tou lwa kont diskriminasyon EEOC fè aplike yo. Kit yo tanmen yon pwosè pou trafik moun nan yon ka patikilye kit yo pa tanmen yon pwosè pou trafik moun, aplikasyon ak litij sivil lwa kont diskriminasyon yo kapab enpòtan pou jistifye dwa gouvènman federal la pwoteje epi jwenn rekou pou viktim yo.

EEOC responsab pou fè aplike lwa federal ki rann li ilegal pou fè diskriminasyon kont yon moun ki aplike pou travay oswa yon anplwaye poutèt ras, koulè po, relijyon, sèks (ki gen ladan arasman seksyèl ak gwosès), orijin nasyonal, laj (40 lane oswa plis), andikap, oswa enfòmasyon jenetik moun lan. Li ilegal tou pou fè diskriminasyon kont yon moun paske moun lan, oswa yon moun ki gen rapò sere ak moun, te pote plent pou diskriminasyon, te depoze yon akizasyon pou diskriminasyon, oswa te patisipe nan yon ankèt oswa pwosè pou diskriminasyon nan travay. Moun yo gen pwoteksyon kont diskriminasyon kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo oswa otorizasyon travay yo. An jeneral, lwa EEOC fè aplike yo pwoteje konpayi ki gen piti 15 anplwaye yo (20 anplwaye nan ka diskriminasyon ki baze sou laj). Pifò sendika ak ajans travay yo gen pwoteksyon tou. Lwa yo aplikab pou tout kalite sitiyasyon travay, ki gen ladan anbochay, revokasyon, pwomosyon,  arasman, fòmasyon, salè, ak avantaj.

Diskriminasyon ki baze sou Orijin Nasyonal ak Ras: Ka trafik moun yo souvan gen ladan diskriminasyon ki baze sou orijin nasyonal oswa ras. Menm lè yo mennen anplwaye yo legalman nan peyi sa a, konpayi yo ka fè diskriminasyon sou baz orijin nasyonal oswa ras nan itilize fòs, fwod, oswa presyon. Diskriminasyon an ka gen ladan arasman ak fikse tèm ak kondisyon travay ki diferan. Li ka gen ladan vanjans kont travayè yo paske yo egzèse dwa yo dapwè lwa kont diskriminasyon yo nan menase yo pou sispann yo nan travay, pou depòte yo, fè vyolans fizik, oswa fwod oswa fè yo sibi tout bagay sa yo. Nan ka trafik moun yo, li pa ra pou konpayi yo kenbe travay ki separe, peye salè ki pa egal, oswa retire montan ki egzajere nan chèk yo nan sitiyasyon sa yo. 

Arasman Seksyèl: Anpil ka trafik mendèv gen ladan eksplwatasyon seksyèl. Pafwa, fanm ki viktim trafik moun yo sibi agresyon seksyèl oswa lòt anbètman seksyèl ki grav. EEOC se ajans federal ki responsab pou fè prevansyon, mennen ankèt, epi rezoud pwoblèm diskriminasyon ki baze sou sèks, ki gen ladan arasman seksyèl. EEOC gen eksperyans nan mennen ankèt ak plede ka anbètman seksyèl yo an jeneral, ki gen ladan ka yo tanmen nan non travayè fanm ki imigran yo.

Diskriminasyon ki baze sou Andikap: Ka trafik moun yo kapab gen ladan tou diskriminasyon ki baze sou andikap. Trafikan yo sible moun ki pi fèb yo, tankou moun ki gen andikap entèlektyèl, andikap devlopmantal, oswa andikap sante mantal ki ka pa konnen nan ki mezi yo refize yo dwa legal yo. EEOC gen eksperyans nan mennen ankèt ak plede ka diskriminasyon ki baze sou andikap ki gen ladan trafik moun. Ka sa yo ka gen ladan arasman aloral ak arasman fizik ki vyolan, restriksyon libète pou deplase, ak lòt move tèm ak kondisyon travay, tankou mande travayè yo viv nan yon kondisyon ki grav epi ki pa reponn ak nòm.