Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Andikap

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Andikap

Selon lwa a, anplwayè yo jeneralman pa poze kesyon ki genyen rapò ak andikap oswa egzije egzaminasyon medikal jiska aprè yon moun ki aplike te resevwa yon òf travay sou kondisyon. Sa fèt konsa se paske, nan pase, enfòmasyon sa yo te souvan itilize pou ekskli moun ki aplike ki genyen andikap anvan yo fè evalye kapasite yo pou fè yon travay.

Anplwayè yo genyen pèmisyon pou ofri alavans pou poze kesyon ki limite konsènan aranjman ki rezonab si yo vrèman kwè ke yon moun ki aplike kapab bezwen aranjman akoz yon andikap ki pataje volontèman oswa yon vrè andikap, oswa kote moun ki aplike a te pataje yon bezwen pou jwenn aranjman.

Epitou ofri alavans, anplwayè yo kapab mande si moun ki aplike a pral brezwen yon aranjman pou fè yon travay espesifik, epi si repons lan se wi, apresa anplwayè a kapab mande ki aranjman ki t ap pi bon.

Anplwayè a kapab pa poze okenn kesyon konsènan nati oswa gwosè òf andikap la.  Sepandan, aprè yon òf travay sou kondisyon, yon anplwayè kapab poze kesyon ki genyen rapò ak andikap oswa egzije yon egzaminasyon medikal depi yo poze tout moun ki te seleksyone pou menm travay la menm kesyon yo oswa te fè yo fè menm egzaminasyon an.