Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Ede Pasyan Ki Gen Enfeksyon VIH Ki Bezwen Amenajman nan Travay

Ede Pasyan Ki Gen Enfeksyon VIH Ki Bezwen Amenajman nan Travay

Si yon pasyan ki gen enfeksyon VIH gen pwoblèm nan travay li akòz de maladi a (pa egzanp, pwoblèm andirans, bezwen pou ale nan twalèt pi souvan, difikilte pou wè oswa difikilte pou konsantre), pasyan an ka gen dwa resevwa yon "amenajman rezonab" nan men an anplwayè ki ka ede rezoud pwoblèm nan dapre [Lwa sou Ameriken ki Gen Andikape (Americans with Disabilities Act, ADA). Pasyan ki mande amenajman rezonab yo ka gen pou bay dokiman jistifikatif ki soti nan men yon pwofesyonel lasante. Fich Enfòmasyon sa a bay yon eksplikasyon rezime sou lwa sou amenajman rezonab la ak wòl pwofesyonèl lasante a nan pwosesis la.

1. Kisa ADA Ye?

ADA a se yon lwa federal ki entèdi anplwayè ki gen 15 anplwaye oswa plis fè diskriminasyon sou baz yon andikap, epi li bay anplwaye ak kandida pou yon pòs nan travay ki gen andikap dwa pou jwenn yon amenajman rezonab nan travay. Li bay dwa ki pa nan kontèks travay la tou (ki pa diskite la a), tankou aksè egal nan pwogram Eta a ak administrasyon lokal yo, ansanm avèk aktivite epi aksè nan kote ki sèvi popilasyon an.

2. Èske Pasyan mwen an ka Jwenn Yon Amenajman Rezonab?

ADA a defini yon "andikap" kòm yon defisyans mantal oswa fizik ki limite anpil, youn oswa plizyè gwo aktivite nan lavi, tankou fonksyon kò a menm. Kòm enfeksyon VIH se yon "defisyans" ki ta ka "limite anpil" fonksyon sistèm iminitè a nan absans tretman medikal, li fasil pou yon pasyan ki gen enfeksyon VIH reponn a definisyon "andikap" ADA a. Antanke yon moun ki gen yon andikap, yon pasyan ki gen VIH gen dwa a yon amenajman rezonab dapre ADA si sa nesesè, depi li pa lakòz gwo difikilte oswa depans pou anplwayè a (yo rele "gwo difikilte").

3. Kisa Ki on Amenajman Rezonab?

Yon amenajman rezonab se yon chanjman nan fason bagay yo fèt nòmalman nan travay la ki pèmèt yon moun ki gen yon andikap fè yon travay, prezante kandidati l pou yon travay, oswa jwenn aksè ekitab nan avantaj ak privilèj yon travay Sepandan, yon anplwayè pa janm oblije eskize move pèfòmans pwofesyonèl, bès nan pwodiksyon oswa nòm pèfòmans yo, elimine fonksyon esansyèl (travay fondamantal) yon pòs, oswa peye pou travay ki pa fèt kòm yon amenajman rezonab.

4. Ki Kalite Amenajman Rezonab Pasyan Mwen an Ka Jwenn?

Pasyan w la ka jwenn nenpòt kalite amenajman rezonab nesesè akòz enfeksyon VIH la, efè segondè medikaman VIH, oswa yon lòt twoub medikal ki devlope akòz VIH la, sof si amenajman an ap antrene gwo difikilte oswa anpil depans. Amenajman rezonab ki pi komen yo se modifikasyon nan orè travay ak poz (egzanp, anpil poz pou repo ak itilize twalèt epi  fikse lè travay an fonksyon de randevou kay doktè), chanjman nan metòd sipèvizyon (pa egzanp, enstriksyon alekri nan men yon sipèvizè ki pa bay sa anjeneral), amenanajman pou pwoblèm pou wè (egzanp, loup, lojisyèl lekti ekran ak lektè konpetan), mèb biwo konfòtab ak efikaskonje san peye pou tretman oswa rekiperasyon, ak pèmisyon pou travay lakay. Si yon pasyan te okipe yon pòs avèk siksè men li vin pa kapab fè li ankò akòz yon andikap, ADA ka egzije transfè nan yon lòt pòs vid ki gen travay pasyan an ka fè. Sa yo se jis egzanp; anplwaye yo lib pou mande, epi anplwayè yo lib pou sijere lòt modifikasyon oswa chanjman Si gen plis pase yon amenajman ki ta mache, anplwayè a ka chwazi kiyès li vle bay.

5. Kilè Li Enpòtan Pou Pasyan Mwen an Mande yon Amenajman Rezonab?

Kòm yon anplwayè pa oblije eskize move pèfòmans nan travay, menmsi se maladi ki fè sa, li t ap nan enterè pasyan w lan pou li mande yon amenajman anvan okenn pwoblèm poze nan travay la oswa vin pi grav. Yon amenajman ka ede evite mezi disiplin oswa menm revokasyon pandan l ap pèmèt pasyan w lan reyisi nan fè travay li epi evite lòt pwoblèm alavni.

6. Kijan Mwen Ka Ede Pasyan Mwen an Jwenn yon Amanajman Rezonab?

Pasyan w lan ka mande w pou w dokimante eta sante li a ansanm ak limit li kreye nan fonksyonman li, epi pou w eksplike kijan amenajman li mande a ka ede. Si pasyan an mande w pou ou pa divilge dyagnostik presi, jis endike ki tip twoub la ye an jeneral ka sifi (egzanp, "twoub iminitè"). Anplwayè a, petèt an konsiltasyon ak yon pwofesyonèl lasante, pral sèvi ak enfòmasyon sa a pou evalye si pou li ofri yon amanajman rezonab ou non, epi si wi, kiyès. Moun ki responsab pou evalye demann amenajman an ka kontakte w tou pou mande klarifikasyon sou sa ou te ekri a oswa pou ba w plis enfòmasyon pou w konsidere. Pa egzanp, yo ka mande w si yon lòt amanajman t ap efikas si amenajman pasyan an mande a twò difisil oswa koute twò chè pou bay.

Anplwayè yo oblije kenbe tout enfòmasyon ki gen rapò ak demann amanajman rezonab konfidansyèl.

7. Èske Mwen Gen Pèmisyon Divilge Enfòmasyon Medikal Pasyan M nan?

ADA pa chanje obligasyon etik oswa legal yon pwofesyonèl lasante. Ou ta dwe mande yon amenajman rezonab pou yon pasyan oswa bay yon anplwayè enfòmasyon medikal sou yon pasyan sèlman si li mande w pou fè sa epi li siyen yon otorizasyon apwopriye a.

8. Èske yon Anplwayè Ka Fè Diskriminasyon Kont Pasyan Mwen an Akòz Enfòmasyon Mwen Bay la?

ADA entèdi anplwayè pou yo pèsekite pasyan w lan akòz yon maladi, fè reprezay kont pasyan w lan paske yo mande yon amenajman rezonab, poze kesyon ki twò vag sou eta sante pasyan w lan kòm repons a yon demann amenajman, epi revoke oswa pran lòt mezi defavorab akòz kondisyon sante a. Sof si enfòmasyon ou bay yo montre ke pasyan w lan pa kapab ranpli fonksyon esansyèl pòs la san danje menm avèk yon amenajman rezonab, anplwayè a legalman pa kapab pran mezi defavorab ki baze sou enfòmasyon an.

9. E Si Anplwayè Mande Mwen Si Wi Ou Non Pasyan An Reprezante Yon Risk Sekirite?

Nòm ADA ki gen rapò ak eksklizyon moun ki gen andikap nan travay akòz enkyetid pou sekirite strik anpil. Yon anplwayè ka fè sa sèlman si yon moun ta reprezante yon "menas dirèk" (sa vle di yon gwo risk pou moun nan oswa lòt moun) ke yon amenajman rezonab pa ka elimine oswa redwi nan yon nivo akseptab. Si ou bay yon opinyon sou kesyon èske pasyan w lan reprezante yon risk pou sekirite, ou ta dwe estime pwobabilite pou malè a rive nan kondisyon travay reyèl, chak jou pasyan an epi nan kontèks tretman l ap swiv la, baze sou rechèch medikal aktyèl yo, otank posib. (Si yon evalyasyon pwobabilite egzak pa posib, li ka toujou itil pou dekri pwobabilite a an tèm jeneral, tankou "pa gen anpil chans" oswa "gen anpil chans.") Si gen mezi sekirite ki ta ka redwi chans pou redwi risk pou malè a, ou dwe dekri yo.

10. Ki Kalite Dokiman ki Ta Ka Itil?

Anplwayè yo ka mande dokiman ki montre kijan twoub pasyan w lan limite pèfòmans li nan travay. Sepandan, ou pa ta dwe tou senpleman bay dosye medikal pasyan w lan, paske yo gen anpil chans l ap genyen enfòmasyon ki pa nesesè. Dokimantasyon an gen plis chans pou ede pasyan w lan jwenn yon amenajman rezonab si li itlize yon langaj klè pou eksplike:

  • Kalifikasyon pwofesyonèl ou yo ak kalite epi longè relasyon w ak pasyan an. Yon deklarasyon tou kout ap sifi.
  • Kisa eta sante pasyan an ye. Si pasyan an mande w pou ou pa divilge dyagnostik presi, jis endike ki tip twoub la ye an jeneral ka sifi (egzanp, "twoub iminitè"). Si se pa enfeksyon VIH la oswa SIDA a ki lakòz pwoblèm pasyan w lan men se yon twoub ki lye ak sa, ou ka chwazi pou revele twoub ki lye ak sa sèlman.
  • Limit nan fonksyonman pasyan an genyen an absans tretman. Di ke pwoblèm sante pasyan an ka limite fonksyonman sistèm iminitè a anpil si yo pa bay tretman. Altènativman, dekri a ki pwen pwoblèm la ka limite yon aktivite enpòtan nan lavi tankou, konsantre, wè, chita, kanpe, mache, oswa respire, nan absans tretman. Si efè sou fonksyonman yo fè ale vini, dekri kijan sa ye lè sentòm yo mal nèt. Li sifi pou ou montre limitasyon an pou youn nan aktivite enpòtan nan lavi.
  • Bezwen pou yon amenajman rezonab. Eksplike kijan eta sante pasyan an rann chanjman nan travay li nesesè. Pa egzanp, si pasyan w lan bezwen yon amenajman pou li ka ranpli yon fonksyon an patikilye nan travay la, ou ta dwe eksplike kijan sentòm pasyan an yo – jan yo ye vrèman an, ak tretman – fè li pi difisil pou li fè aktivite a. Si sa nesesè, mande pasyan an pou li deskri sa li fè nan travay li. Limite diskisyon an a pwoblèm presi amenajman rezonab la ka rezoud yo. Eksplike anplwayè a tou poukisa pasyan w lan ka bezwen yon amenajman tankou chanjman orè (pa egzanp, pou ale nan yon randevou doktè pandan jounen travay la) oswa konje san peye (pa egzanp, pou resevwa tretman oswa refè).
  • Sijesyon pou amenajman. Si ou konnen yon amenajman efikas, ou ka sijere li. Pa egzajere nesesite pou yon aranjman an patikilye pou si yon altènatif ta vin nesesè.

Plis Enfòmasyon

Pou jwenn plis enfòmasyon sou amenajman rezonab ak diskriminasyon kont andikap, vizite sit entènèt Komisyon pou Opòtinite Egal la (EEOC) (https://www.eeoc.gov), oswa rele EEOC nan 800-669-4000 (vwa) oswa nan 800-669-6820 (TTY).