Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki baze sou Gwosès

Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki baze sou Gwosès

Lwa sou Diskriminasyon ki baze sou Gwosès (Pregnancy Discrimination Act, PDA) se yon amandman nan Tit 7 nan Lwa 1964 sou Dwa Sivil la.  Diskriminasyon sou baz gwosès, akouchman, oswa pwoblèm sante ki gen rapò ak li yo se diskriminasyon ilegal ki baze sou sèks selon Tit 7 la. Yo dwe trete fanm gwosès oswa pwoblèm ki gen rapò ak gwosès yo afekte menm jan ak lòt aplikan oswa anplwaye ki se menm nan kapasite oswa enkapasite yo pou yo travay.

Anbochay ak Kondisyon Travay

Yon konpayi pa kapab refize anboche yon fanm poutèt pwoblèm ki gen rapò ak gwosès li depi li kapab ranpli prensipal fonksyon travay li a.  Yon konpayi pa kapab refize anboche li poutèt prejije li genyen kont travayè ki ansent yo oswa poutèt prejije kòlèg oswa kliyan yo.  PDA a entèdi tou diskriminasyon ki baze sou gwosès lè se nenpòt lòt aspè nan travay la, ki gen ladan peman, afektasyon, pwomosyon, voye al chita lakay, fòmasyon, avantaj sosyal, revokasyon, ak nenpòt lòt tèm oswa kondisyon travay.

Gwosès ak Konje Matènite

Yon konpayi pa ka chwazi maladi ki gen rapò ak gwosès pou pwosedi otorizasyon medikal yo pa egzije anplwaye ki se menm nan kapasite oswa enkapasite yo pou yo travay.  Pa egzanp, si yon konpayi egzije pou anplwaye li yo bay yon sètifika medikal ki pwouve yo pa kapab travay anvan yo ba yo konje a oswa peye yo alokasyon maladi a, konpayi a ka egzije anplwaye maladi ki gen rapò ak gwosès afekte yo fè menm bagay la.

Yo dwe otorize anplwaye ki ansent yo travay depi yo kapab fè travay yo.  Si yon anplwaye te absan nan travay poutèt maladi ki gen rapò ak gwosès epi li refè, konpayi li an pa ka egzije li pou li rete nan konje jiskaske tibebe a fèt.  Ni yon konpayi pa ka fè yon règ ki anpeche yon anplwaye retounen travay pandan yon peryòd tan li detèmine alavans apre akouchman an.  

Selon PDA a, yon konpayi ki pèmèt anplwaye ki enfim pou yon ti moman pran konje pou andikap oswa konje san peye dwe pèmèt yon anplwaye ki enfim pou yon ti moman akoz gwosès fè menm bagay la. Konpayi yo dwe kite yon pòs disponib pou yon absans ki gen rapò ak gwosès pandan menm peryòd tan yo kite pòs yo disponib pou anplwaye ki nan konje maladi oswa konje pou andikap tanporè.

Anplis, selon Lwa 1993 sou konje Familyal ak Konje Medikal (Family and Medical Leave Act, FMLA), Depatman Travay Etazini fè aplike, yon nouvo paran (ki gen ladan fanmi dakèy ak paran adoptif) gendwa elijib pou 12 semèn konje (san peye, oswa peye si anplwaye a te genyen oswa akimile li) li ka itilize pou li okipe yon nouvo timoun.  Pou anplwaye a elijib, fòk li te travay pou konpayi a pandan 12 mwa anvan li te pran konje a epi fòk konpayi a gen yon kantite anplwaye ki fiks.  Pou’w jwenn plis enfòmasyon, tanpri al gade nan: www.dol.gov/whd/regs/compliance/whdfs28.htm.

Gwosès ak Andikap Tanporè

Si yon anplwaye pa kapab fè travay li pou yon ti moman akoz li ansent, konpayi a dwe trete li menm jan ak nenpòt lòt anplwaye ki enfim pou yon ti moman; pa egzanp, nan bay travay ki pa difisil, chanje tach, lòt afektasyon, konje pou andikap, oswa konje san peye.

Anplis, pwoblèm gwosès lakoz (pa egzanp, dyabèt pandan gwosès) ka se andikap selon Lwa pou Ameriken ki gen Andikap (Americans with Disabilities Act, ADA).  Yon konpayi ka oblije bay akomodasyon ki rezonab pou yon andikap ki gen pou wè ak gwosès, difikilte ki twòp (gwo difikilte oswa depans).  Pa egzanp, yon konpayi ka oblije chanje travay yon anplwaye ki gen restriksyon pou li leve 20 liv akoz tay ak janm fè mal, difikilte ki twòp.  Lwa 2008 sou Amandman ADA a rann li pi fasil toujou pou pwouve yon pwoblèm sante se yon andikap ki garanti.  Pou’w jwenn plis enfòmasyon sou ADA a, ale gade nan https://www.eeoc.gov/ht/diskriminasyon-sou-andikap.  Pou’w jwenn plis enfòmasyon sou Lwa sou Amandman ADA a, ale gade nan https://www.eeoc.gov/regulations-related-disability-discrimination.

Asirans Sante

Nenpòt asirans sante yon konpayi bay dwe kouvri depans ki fèt pou pwoblèm ki gen pou wè ak gwosès sou menm baz ak frè pou lòt pwoblèm sante yo.  Men, PDA a presize pwoteksyon asirans pou depans ki fèt akoz avòtman pa obligatwa, sof nan sitiyasyon kote li mete lavi manman an an danje oswa gen konplikasyon medikal akoz yon avòtman. 

Yo ta dwe ranbouse depans ki gen rapò ak gwosès menm jan ak depans ki fèt pou lòt pwoblèm sante yo, kit ou fè peman an sou yon baz fiks oswa sou yon baz pousantaj frè ki rezonab epi nòmal. Montan konpayi asirans lan ap peye yo kapab rive sèlman nan menm mezi ak frè pou lòt pwoblèm yo.  Yo pa kapab enpoze okenn franchiz anplis oswa ki pi gwo.

Selon Tit 7 la, yo kapab refize avantaj pou frè medikal pou yon gwosès ki egziste si yon plan asirans pa gen ladan peman avantaj pou pwoblèm ki egziste deja yo.  Men, lòt lwa yo ka aplikab pou garanti lòt pwoblèm ki egziste deja yo.

Konpayi yo dwe bay menm nivo avantaj sante pou madanm anplwaye gason yo menm jan yo fè pou mari anplwaye fanm yo.

Egalite Aksè nan Avantaj

Si yon konpayi bay travayè yo nenpòt avantaj pou konje medikal, konpayi a dwe bay menm avantaj yo pou sila yo ki nan konje medikal pou pwoblèm ki gen rapò ak gwosès yo.

Yo dwe trete anpwaye ki gen andikap ki gen rapò ak gwosès yo menm jan ak lòt anplwaye ki enfim pou yon ti moman paske yo akimile oswa gen kredi pou ansyènte, kalkil vakans, ogmantasyon salè, ak avantaj pou andikap tanporè.