Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Diskriminasyon sou Andikap

Diskriminasyon sou Andikap

Genyen diskriminasyon lè yon anplwayè oswa yon lòt antite ki kouvri pa Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap, jan li chanje a, oswa Lwa sou Reyabilitasyon, jan li chanje a, trete yon moun ki kalifye ki genyen yon andikap ki se yon anplwaye oswa yon moun ki aplike yo, yon fason ki pa favorab paske li genyen yon andikap.

Genyen diskriminasyon tou lè yon anplwaye oswa yon lòt antite ki kouvri trete yon moun ki aplike, mwens favorab paske li genyen yon andikap (tankou yon ansyen epizòd depresif majè) oswa paske yo kwè li genyen yon twoub mantal oswa fizik ki pa tranzitwa (ki dire oswa ki prevwa pou dire jiska sis mwa oswa mwens) epi minè (menm si li pa genyen yon twoub konsa).

La lwa egzije yon anplwayè pou bay aranjman ki rezonab ak yon anplwaye oswa yon moun ki aplike pou travay ki genyen yon andikap, sof si lè li fè sa, sa t’ap lakoz gwo difikilte oswa depans pou anplwayè a (“gwo kontrent”).

Epitou la lwa pwoteje moun kont diskriminasyon ki baze sou relasyon yo avèk yon moun ki genyen yon andikap (menm si yo pa genyen yon andikap poukont yo). Pa egzanp, li ilegal pou fè diskriminasyon kont yon anplwaye paske mari li genyen yon andikap.

Remak: Anplwaye federal ak moun ki aplike yo kouvri pa Lwa 1973 sou Reyabilitasyon (Rehabilitation Act of 1973), olyede Lwa pou Ameriken ki Genyen Andikap (Americans with Disabilities Act). Se menm pwoteksyon yo.

Diskriminasyon sou Andikap ak Sitiyasyon Travay

La lwa entèdi diskriminasyon lè sa konsène tout aspè anplwa a, ki genyen ladan lè yo ap anboche, revoke, peye, distribisyon travay, pwomosyon, revokasyon, fòmasyon, avantaj anplis, ak tout lòt tèm oswa kondisyon travay.

Diskriminasyon sou Andikap ak Asèlman

Li ilegal pou fè asele yon moun ki aplike oswa yon anplwaye paske li genyen yon andikap, li te genyen yon andikap nan pase, oswa yo kwè li genyen yon twoub fizik oswa mantal ki pa tranzitwa (ki dire oswa ki prevwa pou dire sis mwa oswa mwens) epi minè (menm si li pa genyen yon andikap konsa).

Asèlman ka genyen ladan, pa egzanp, remak ki ofansif konsènan andikap yon moun. Byenke lalwa pa entèdi senp anwiye, kòmantè ki fèt san okenn entansyon,oswa ensidan izole ki pa trè serye, asèlman ilegal se lè li fèt twò souvan oswa li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa lè li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li).

Aselè a kapab se sipèvizi viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.

Diskriminasyon sou Andikap ak Aranjman ki Rezonab

La lwa egzije yon anplwayè pou bay aranjman ki rezonab pou anplwaye ak moun ki aplike pou travay ki genyen yon andikap, sof si lè li fè sa, sa t’ap lakòz gwo difikilte oswa depans pou anplwayè a.

Yon aranjman ki rezonab se nenpòt chanjman nan anviwònman travay (oswa nan fason bagay yo jeneralman fèt) pou ede yon moun ki genyen yon andikap pou aplike pou yon travay, pou reyalize obligasyon yon travay, oswa pou jwi de avantaj ak privilèj anplwa a.

Aranjman ki rezonab yo kapab genyen ladan, pa egzanp, rann espas travay la aksesib pou moun ki itilize chèz woulant oswa bay yon lektè oswa entèprèt pou yon moun ki avèg oswa ki tande di.

Byenke lwa kont diskriminasyon yo pa egzije yon anplwayè fè aranjman pou yon anplwaye paske li dwe pran swen yon manb fanmi ki genyen yon andikap, Lwa sou Konje Medikal ak Familyal la (Family and Medical Leave Act, FMLA) kapab egzije yon anplwayè pou pran mezi sa yo. Depatman Travay la aplike FMLA a. Pou plis enfòmasyon, rele: 1-866-487-9243.

Diskriminasyon sou Andikap ak Aranjman ki Rezonab ak Gwo Kontrent

Yon anplwayè pa bezwen bay yon aranjman, si li fè sa, sa t’ap lakòz gwo kontrent pou anplwayè a.

Gwo kontrent vle di ke aranjman an t’ap twò difisil oswa twò chè pou bay, pou sa ki genyen rapò dimansyon anplwayè a, resous finansye, ak pou bezwen biznis. Yon anplwayè pa kapab refize bay yon aranjman sèlman paske li enplike kèk depans. Yon anplwayè pa bezwen bay aranjman ki egzat anplwaye oswa moun ki aplike pou travay la bezwen. Si plis pase youn nan aranjman yo fonksyone, anplwayè a kapab chwazi kilès pou li bay.

Definisyon Andikap

Se pa tout moun ki genyen yon pwoblèm medikal ki pwoteje de diskriminasyon. Pou li kapab jwenn pwoteksyon, yon moun dwe kalifye pou travay la epi li dwe genyen yon andikap jan la lwa defini sa.

Yon moun ka montre ke li genyen yon andikap nan youn nan twa fason sa yo:

  • Yon moun genyen yon andikap si li genyen yon pwoblèm mantal oswa fizik ki sibstansyèlman limite yon aktivite majè nan lavi li (tankou mache, pale, gade, tande, oswa aprann, oswa operasyon yon fonksyon konpòrèl majè).
  • Yon moun genyen yon andikap si li genyen antesedan andikap (tankou kansè ki genyen siy ak sentòm ki redwi).
  • Yon moun genyen yon andikap si li ka tonbe anba yon aksyon negatif nan anplwa epi yo kwè li genyen yon twoub fizik oswa mantal ki pa tranzitwa (ki dire oswa ki prevwa pou dire sis mwa oswa mwens) epi minè (menm si li pa genyen yon andikap konsa).

Kesyon ki Genyen Rapò ak Andikap ak Egzamen Medikal Pandan Aplikasyon pou Anplwa ak Etap Entèvyou

Lwa a mete limit ki estrik sou anplwaye yo lè pou yo mande tout moun ki aplike pou travay yo pou reponn kesyon ki genyen rapò ak andikap, pou fè yon egzamen medikal, oswa pou idantifye yon andikap.

Pa egzanp, yon anplwayè kapab pa mande yon moun ki aplike pou travay pou reponn kesyon ki genyen rapò ak andikap oswa pou fè yon egzamen medikal aprè li pwolonje yon òf pou travay. Epitou yon anplwaye pa kapab mande moun ki aplike pou travay yo si yo genyen yon andikap (oswa konsènan nati yon andikap reyèl). Yon anplwayè kapab mande moun ki aplike pou travay yo si yo ka fè travay la ak fason yo t’ap fè travay la, avèk oswa san yon aranjman ki rezonab.

Kesyon ki Genyen Rapò ak Andikap ak Egzamen Medikal Aprè yon Òf Travay pou Anplwa

Aprè yo ofri yon travay bay yon moun ki aplike, la lwa pèmèt yon anplwayè ki ofri òf kondisyonel pou travay la pou moun ki aplike reponn kesyon medikal oswa pou reyisi pase yon egzamen medikal, men sèlman si tout nouvo anplwaye ki nan menm travay la reponn kesyon yo oswa fè egzamen an.

Kesyon Ki Genyen Rapò Ak Andikap Ak Egzamen Medikal Pou Moun Ki Te Kòmanse Travay Kòm Anplwaye

Yon fwa ou se yon anplwaye oswa yon moun ki kòmanse travay, jeneralman yon anplwayè ka sèlman poze kesyon ki genyen rapò ak andikap oswa egzije yon egzamen medikal si anplwayè a bezwen dokimantasyon medikal pou sipòte demand yon anplwaye pou yon aranjman oswa si anplwayè a kwè ke yon anplwaye pa anmezi pou reyisi fè yon travay oswa fè yon travay an tout sekirite akoz yon pwoblèm medikal.

Epitou la lwa egzije pou anplwayè yo konsève tout dosye medikal ak enfòmasyon yo konfidansyèl nan yon lòt katab medikal.

Resous ki Disponib

An Anglè

Anplis de divès dokiman konsèy ki fòmèl, EEOC te devlope yon pakèt fèy done, dokiman sou kesyon ak repons, ak lòt piblikasyon pou ede anplwaye ak anplwayè yo konprann pwoblèm konplèks ki antoure diskriminasyon sou andikap la.

· Konje Anplwayè Bay ak Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap

· Fè depozisyon

Rekritman, Anbochaj, Retansyon, ak Ankouraje Moun ki Genyen Andikap: Yon gid Resous pou Anplwayè

· Preparasyon pou Pandemi an nan Espas Travay la ak Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap

· Dwa sou Anplwa Ou antanke yon Moun ki Genyen Andikap

· Moun ki Aplike yo ak ADA a

· Konprann Dwa sou Anplwa Ou Daprè ADA: Yon Gid pou Veteran

· Kesyon ak Repons: Ankouraje Anplwa pou Moun ki Genyen Andikap nan Mendèv Federal la

· Lwa sou Konje Familyal ak Federal la, ADA, ak Seksyon VII nan Lwa sou Dwa Sivil 1964 la

· ADA a: Yon Gid pou Ti Biznis

· Responsablite W antanke yon Anplwayè

· Ti Anplwayè ak Aranjman ki Rezonab

· Travay Lakay/Travay Adistans antanke yon Aranjman ki Rezonab

· Aplike Prensip sou Kondwit ak sou Pèfòmans pou Anplwaye ki Genyen Andikap

· Jwenn epi Itilize Enfòmasyon Medikal Anplwaye a nan Kad Pwosedi Evakyasyon Dijans

· Wòl Founisè Sante Mantal nan yon Demand pou yon Aranjman ki Rezonab nan Travay

· Pi Bon Pratik Anplwayè yo pou Travayè ki Genyen Responsablite pou Bay Swen

· Aranjman ki Rezonab pou Avoka ki Genyen Andikap

· RETRAKTE - Fason pou Respekte Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap la: Yon Gid pou Anplwayè Restoran ak Lòt Anplwayè Sèvis Alimantè yo

· Rapò Final sou Pi Bon Pratik Pou Anplwaye Moun ki Genyen Andikap nan Gouvènman Eta a

· Depresyon, PTSD, ak lòt Pwoblèm Sante Mantal nan Espas Travay la: Dwa Legal Ou yo

· Prensip Fondamantal Dokiman Kalandriye A

Lwa sou Chanjman ADA a

· Kesyon ak Repons sou Règleman Final ki Mete Lwa 2008 sou chanjman ADA a anplas

· Kesyon ak Repons pou Ti Biznis: Règleman Final ki Mete Lwa 2008 sou Chanjman ADA a Anplas

· Fèy Done sou Règleman Final EEOC a ki Mete ADAAA a Anplas

Veteran ki genyen Andikap

·        Efò EEOC pou Veteran ki Genyen Andikap

·        Konprann Dwa sou Anplwa Ou Selon Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap la: Yon Gid pou Veteran

·        Lwa Anfavè Ameriken ak Veteran ki Genyen Andikap: Yon gid pou Anplwayè yo

·        Anboche Veteran ki Genyen Andikap nan Gouvènman Federal la

o   Konsèy pou Aplikan ki Genyen Andikap epi K’ap Aplike pou Travay Federal yo 

o   Prensip Fondamantal Kalandriye A 

Seri Kesyon ak Repons

·        Itilize Codeine, Oxycodone, ak Lòt Opyòd yo: Enfòmasyon pou Anplwaye yo

·        Fason Founisè Swen Sante yo Ka Ede Ansyen Pasyan Ak Aktyèl Pasyan Ki Te Itilize Opyòd Yo Pou Rete Nan Travay La

·        Lwa EEO pou Anplwaye ki te Touche pa Viris Zika a

·        Travayè Swen Sante ak Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap la

·        Twoub Vizyon ak Odisyon nan Espas Travay la ak Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap

·        Avègleman ak Twoub Vizyon nan Espas Travay la ak ADA a

·        Dispozisyon Asosiyasyon Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap la

·        Dyabèt nan Espas Travay la ak ADA a

·        Epilepsi nan Espas Travay la ak ADA a

·        Moun ki Genyen Andikap Entelektyèl nan Espas Travay la ak ADA a

·        Kansè nan Espas Travay la ak ADA a

·        Aplikasyon Seksyon VII ak ADA a pou Moun ki Aplike oswa Anplwaye Ki Te Fè Fas ak Vyolans Domestik oswa Frekantasyon, Agresyon Seksyèl, oswa Asèlman Kriminèl

·        Viv avèk Enfeksyon VIH la, Dwa Legal Ou nan Espas Travay la Selon ADA a

·        Ede Pasyan ki Genyen Enfeksyon VIH la Ki Bezwen Aranjman nan Travay la

Medyasyon ak ADA a

·        Kesyon ak Respons pou Founisè Medyasyon yo: Medyasyon Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap (ADA)

·        Kesyon ak Repons pou Pati yo nan Medyasyon an: Medyasyon Lwa sou Ameriken ki Genyen Andikap (ADA)

  •