Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki Baze sou Laj

Feyè Enfòmasyon: Diskriminasyon ki Baze sou Laj

Moun ADEA a Pwoteje

Lwa 1967 sou Diskriminasyon ki Baze sou Laj nan Travay (Age Discrimination in Employment Act, ADEA) pwoteje aplikan ak anplwaye ki gen 40 lane oswa plis kont diskriminasyon nan travay ki baze sou laj.

Moun ADEA a Pwoteje

ADEA a aplikab pou konpayi sektè prive ki gen 20 anplwaye oswa plis, gouvènman Eta ak gouvènman lokal yo, ajans travay yo, òganizasyon travay yo ak gouvènman federal la.

Aksyon ADEA a Entèdi

Selon ADEA, li ilegal pou fè diskriminasyon kont yon moun poutèt laj li pa rapò ak nenpòt tèm, kondisyon, oswa privilèj travay, ki gen ladan anbochay, revokasyon, pwomosyon, voye al chita lakay, konpansasyon, avantaj, afektasyon, ak fòmasyon. Epitou, li entèdi yo arase yon travayè ki pi gran poutèt laj li.

Li ilegal tou pou vanje kont yon moun poutèt li pa aksepte pratik travay ki fè diskriminasyon ki baze sou laj oswa poutèt li depoze yon akizasyon pou diskriminasyon ki baze sou laj, temwaye, oswa patisipe nan nenpòt mannyè nan yon ankèt, pwosè, oswa litij selon ADEA.

ADEA a pèmèt konpayi yo prefere travayè ki pi gran yo sou baz laj menm lè fè sa gen move enpak sou yon travayè ki pi jèn ki gen 40 lane oswa mwens.

Pwoteksyon ADEA yo gen ladan yo tou:

  • Anons ak Avi pou Travay

    ADEA jeneralman rann li ilegal pou yo mete preferans laj, limit oswa detay nan avi pou travay oswa anons yo. Yon avi pou travay oswa anons ka presize yon limit laj sèlman nan sikonstans ra kote yo montre laj la se yon "kalifikasyon pwofesyonèl bònfwa (bona fide occupational qualification, BFOQ)" ki ase rezonab pou fonksyònman nòmal biznis la.
  • Pwogram Aprantisaj

    Li jeneralman ilegal pou pwogram aprantisaj, tankou pwogram aprantisaj pou jesyon pèsonèl nan tèt ansanm, fè diskriminasyon sou baz laj yon moun. Limit laj nan pwogram aprantisaj yo valid sèlman si yo tonbe nan kèk eksepsyon espesifik selon ADEA a oswa si EEOC bay yon egzanpsyon espesifik.
  • Demann Enfòmasyon Anvan Travay

    ADEA pa fòmèlman entèdi yon konpayi pou li mande laj oswa dat nesans yon aplikan. Men, demann enfòmasyon sa yo ka dekouraje travayè ki pi gran yo aplike pou travay oswa yo ka endike yon lòt mannyè yo gen entansyon fè diskriminasyon ki baze sou laj, kontrèman ak objektif ADEA a. Si enfòmasyon yo nesesè pou yon rezon legal, yo kapab jwenn yo apre yo fin rekrite anplwaye a.
  • Avantaj

    Lwa 1990 sou Pwoteksyon Avantaj pou Travayè ki pi Gran yo (Older Workers Benefit Protection Act, OWBPA) te amande ADEA a pou li sitou entèdi konpayi yo refize bay anplwaye ki pi gran yo avantaj. Kongrè a te rekonèt pri pou bay travayè ki pi gran yo kèk avantaj plis pase pri pou bay travayè ki pi jèn yo menm avantaj sa yo, epi pri sa yo ki pi wo ka fè konpayi yo dekouraje rekrite travayè ki pi gran yo. Nan sikonstans ki limite, yon konpayi ka gen otorizasyon pou li redwi nan kèk avantaj ki baze sou ras, depi pri konpayi a peye pou bay travayè ki pi gran yo avantaj sa yo mwens pase pri pou bay travayè ki pi jèn yo avantaj yo.

    Konpayi yo gen otorizasyon pou yo kowòdone plan avantaj sante pou moun ki nan retrèt ki elijib pou Medicare oswa yon plan sante ki konparab Eta a finanse.
  • Renonsyasyon Plent oswa Dwa ADEA

    ADEA fikse kèk egzijans espesifik ki pèmèt renonsyasyon plent oswa dwa nan sèten sikonstans. Renonsyasyon yo fèt souvan nan zafè regle plent pou diskriminasyon oswa yo lye ak prim pou demisyon volontè oswa lòt pwogram revokasyon yo. Pou renonsyasyon an valid, li dwe reponn ak kèk nòm minimòm pou yo konsidere ou fè li espre oswa ak volonte ou. Pami lòt egzijans yo, yon renonsyasyon ADEA ki valid:
    • dwe fèt alekri epi moun dwe kapab konprann li;
    • dwe sitou fè referans ak dwa oswa plent ADEA;
    • pa dwe renonse dwa oswa plent ki ka genyen pi devan;
    • dwe fèt pou twoke pou konsiderasyon ki valab anplis nenpòt bagay ki gen valè moun lan deja gen dwa pou li resevwa;
    • dwe konseye moun lan alekri pou li pale ak yon avoka anvan li siyen renonsyasyon an; epi
    • dwe bay moun lan yon sèten kantite tan pou li egzamine akò a anvan li siyen li:
      • Pou akò endividyèl yo, omwen 21 jou,
      • Pou akò renonsyasyon "an gwoup yo", omwen 45 jou,
      • Pou règleman plent pou diskriminasyon ADEA yo, yon kantite tan ki "rezonab".

Si yon konpayi mande yon renonsyasyon ADEA ki lye ak yon prim pou demisyon volontè oswa lòt pwogram revokasyon ki enplike yon gwoup, egzijans minimòm pou yon renonsyasyon ki valid ap pi vas. Gade "Fason pou Konprann Renonsyasyon Plent pou Diskriminasyon nan Akò pou Peman apre Revokasyon Anplwaye" sou https://www.eeoc.gov/laws/guidance/qa-understanding-waivers-discrimination-claims-employee-severance-agreements

  •