Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon sou Règleman Definitif ki Aplike ADAAA a

Feyè Enfòmasyon sou Règleman Definitif ki Aplike ADAAA a

Yo te adopte Lwa 2008 sou Amandman ADA (ADA Amendments Act, ADAAA) nan dat 25 desanm 2008, epi li te antre an vigè nan dat 1ye janvye 2009. Lwa a te fè yon pakèt gwo chanjman nan definisyon tèm "andikap" la selon Lwa pou Ameriken ki gen Andikap yo (Americans with Disabilities Act, ADA). Yo te pase Komisyon pou Opòtnite Egal Ego nan zafè Travay (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) nan Etazini an lòd pou li amande règleman ADA yo pou li reflete chanjman ADAAA a fè yo. EEOC te pibliye yon Avi pou Pwopozisyon Règlemantasyon (Notice of Proposed Rulemaking, NPRM) nan dat 23 septanm 2009. Yon vòt de (2) pati te apwouve règleman definitif yo epi yo te pibliye yo nan Rejis Federal la nan dat 25 mas 2011.

Lè Kongrè a te adopte ADAAA a, yo te rann li pi fasil pou yon moun k’ap chèche pwoteksyon ADA a pou li pwouve li gen yon andikap nan sans lwa a. Kongrè a te anile plizyè desizyon Lakou Siprèm te pran Kongrè a kwè ki te entèprete definisyon tèm "andikap" la yon fason ki pa twò laj, sa ki te lakoz yo te refize bay anpil moun ki gen pwoblèm tankou kansè, dyabèt, ak malkadi pwoteksyon. Selon ADAAA a, yo ta dwe entèprete definisyon andikap la pou li bay moun yo yon pwoteksyon ki laj.

Règleman EEOC yo aplike ADAAA a -- sitou, dekrè Kongrè a ki di yo dwe entèprete tèm andikap nan yon sans ki laj. Apre ADAAA a, règleman yo kenbe definisyon ADA bay tèm "andikap" la kòm yon pwoblèm fizik oswa mantal ki limite yon moun anpil nan youn oswa plizyè aktivite ki enpòtan nan lavi a; yon dosye (oswa antesedan) pou pwoblèm sa a; oswa lè yo konsidere moun lan gen yon andikap. Men, règleman yo aplike gwo chanjman Kongrè a te fè konsènan fason yo ta dwe entèprete tèm sa yo.

Règleman yo aplike entansyon Kongrè a genyen pou li etabli nòm ki previzib, ki kadre, epi ki fezab nan adopte "règ konstriksyon" yo pou itilize lè yo ap detèmine si yon moun limite anpil nan fè yon aktivite ki enpòtan nan lavi. Règ konstriksyon sa yo soti dirèkteman nan lwa a ak istwa kò lejislatif la epi yo gen ladan yo sa ki vini annapre yo:

  • Tèm "limite anpil" la egzije yon degre limitasyon fonksyonèl ki pi ba pase nòm tribinal yo te aplike oparavan. Yon pwoblèm pa oblije anpeche ni limite yon moun anpil nan yon aktivite ki enpòtan nan lavi a pou yo konsidere li kòm yon aktivite ki "limite anpil". Sepandan, se pa tout pwoblèm ki pral yon andikap.
  • Yo dwe entèprete tèm "limite anpil" la nan sans laj an favè pwoteksyon ki laj, nan mezi maksimòm kondisyon ki nan ADA yo otorize.
  • Desizyon pou konnen si yon andikap limite yon moun anpil nan yon aktivite enpòtan nan lavi a mande yon evalyasyon pèsonalize, jan li te ye anvan ADAAA a.
  • Gen yon sèl eksepsyon ("linèt oswa vè kontak nòmal"), yo ap pran desizyon pou konnen si yon pwoblèm limite yon moun anpil nan yon aktivite enpòtan nan lavi a san yo pa konsidere efè amelyorasyon mezi ki pran pou diminye pwoblèm lan, tankou medikaman oswa aparèy pou tande.
  • Yon pwoblèm ki rive detanzantan oswa ki ap diminye se yon andikap si li ap limite yon moun anpil nan yon aktivite enpòtan nan lavi a lè li ap fè aktivite.
  • Selon lòd Kongrè a pase ki di prensipal objektif ADA se konnen si yo te pran desizyon, desizyon sou andikap la pa ta dwe egzije yon analiz ki apwofondi.

Jan ADAAA a egzije sa, règleman yo rann li pi fasil pou moun yo pwouve yo gen pwoteksyon anba pati "konsidere tankou" a nan difinisyon tèm "andikap" la. Akoz entèpretasyon tribinal yo fè, li te vin difisil pou moun yo pwouve yo gen pwoteksyon anba pwen "konsidere tankou" an. Dapwè ADAAA a, objektif pou pwouve pwoteksyon an depann de fason yo te trete yon moun akoz yon pwoblèm fizik oswa mantal (ki pa tanporè ak piti), olye li depann de sa yon konpayi ka te panse sou nati pwoblèm moun lan.

Men, règleman yo klarifye, pou di yon moun dwe gen pwoteksyon anba premye pwen an ("andikap reyèl") oswa dezyèm pwen an ("antesedan andikap") pou li kalifye pou yon akomodasyon rezonab. Règleman yo klarifye pou di li jeneralman pa nesesè pou kontinye anba premye oswa dezyèm pwen an si yon moun pa konteste lefètke konpayi a pa bay yon akomodasyon rezonab.

Règleman definitif yo pa menm ak NPRM lan nan plizyè mannyè. Règleman definitif yo modifye oswa retire lang gwoup ki reprezante enterè konpayi yo oswa moun ki gen andikap yo te twouve ki bay konfizyon oswa yo te entèprete yon mannyè EEOC pa prevwa. Pa egzanp:

  • Olye yo bay yon lis pwoblèm ki ap "toujou", "pafwa", oswa "souvan pa" andikap (jan li te ye nan NPRM lan), règleman definitif yo bay nèf (9) règ konstriksyon pou gide analiz la epi eksplike pou di lè yo aplike prensip sa yo, ap genyen kèk pwoblèm ki ap prèske toujou se yon andikap. Règleman yo bay egzanp pwoblèm tou yo ta dwe konsidere fasilman kòm andikap, tankou malkadi, dyabèt, kansè, enfeksyon VIH, ak twoub bipolè.
  • Yo siprime lang nan NPRM lan ki dekri fason yo montre yon moun limite anpil nan "travay" nan règleman definitif yo epi yo deplase li mete li nan anèks la (konfòmeman ak fason yo abòde lòt aktivite enpòtan nan lavi a). Règleman definitif yo kenbe tou lang enfòmèl ki egziste pou "kategori oswa yon pil travay" olye li entwodwi yon nouvo tèm, epi yo bay egzanp moun yo ta kapab konsidere kòm moun ki limite anpil nan travay.
  • Règleman definitif yo kenbe konsèp "kondisyon, mannyè, oswa dire" ki di NPRM te pwopoze pou yo siprime ak eksplike pou di menm si konsiderasyon faktè sa yo ka pa nesesè pou detèmine si yon pwoblèm limite yon moun anpil nan yon aktivite enpòtan nan lavi, yo ka gen rapò nan kèk ka.

Komisyon an te pibliye de (2) dokiman ki gen Kesyon ak Repons sou règleman yo pou ede piblik la ak konpayi yo – ki gen ladan ti biznis yo – konprann lwa a ak nouvo règleman yo. Règleman ADAAA yo ak dokiman ki gen Kesyon ak Repons ki vini avèk yo disponib sou sitwèb EEOC a ki se www.eeoc.gov.