Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Feyè Enfòmasyon: Lwa Kont Diskriminasyon ki baze sou Enfòmasyon Jenetik

Feyè Enfòmasyon: Lwa Kont Diskriminasyon ki baze sou Enfòmasyon Jenetik

Tit 2 nan Lwa Kont Diskriminasyon ki baze sou Enfòmasyon Jenetik (Genetic Information Nondiscrimination Act, GINA) pwoteje moun yo kont diskriminasyon nan travay sou baz enfòmasyon jenetik. GINA pwoteje konpayi ki gen 15 anplwaye oswa plis, ki gen ladan gouvènman Eta ak gouvènman lokal yo. Li aplikab tou pou ajans travay yo ak òganizasyon sendikal yo, pwogram fòmasyon ak pwogram aprantisaj pou jesyon pèsonèl nan tèt ansanm, ak gouvènman federal la.

Definisyon Enfòmasyon Jenetik

Enfòmasyon jenetik vle di:

  • Enfòmasyon sou tès jenetik yon moun;
  • Enfòmasyon sou tès jenetik yon fanmi;
  • Antesedan medikal fanmi an;
  • Yon moun oswa yon fanmi mande epi resevwa sèvis jenetik yo; epi
  • Enfòmasyon jenetik sou fetis yon moun oswa yon fanmi ap pote oswa yon anbriyon yon moun oswa yon fanmi kenbe legalman gras ak teknoloji repwodiksyon asiste a.

Desizyon nan zafè Travay

GINA entèdi moun itilize enfòmasyon jenetik yo pou pran desizyon nan zafè travay, tankou anbochay, revokasyon, pwomosyon, konpansasyon, ak lòt tèm, kondisyon, ak privilèj travay yo. Pa egzanp, li ap ilegal pou yon konpayi re-afekte yon anplwaye nan yon pòs li kwè ki bay twòp estrès apre li fin konnen gen moun nan fanmi li ki soufri maladi kè. Pa gen okenn eksepsyon nan entèdiksyon yo fè pou moun pa itilize enfòmasyon jenetik pou pran desizyon nan zafè travay.

Acha Enfòmasyon Jenetik yo

Epitou, GINA entèdi konpayi yo mande, egzije, oswa achte enfòmasyon jenetik sou aplikan oswa anplwaye yo, sof nan sikonstans ki limite anpil yo. Pa egzanp, li ilegal pou yon konpayi mande yon aplikan oswa anplwaye reponn kesyon sou antesedan medikal fanmi pandan yon egzamen medikal ki gen pou wè ak travay, tankou yon egzamen anvan travay oswa yon egzamen kalifikasyon pou travay pandan li nan travay.

Genyen sis (6) sikonstans ki limite anpil kote yon konpayi ka mande, egzije, oswa achte enfòmasyon jenetik:

  • Lè yo achte enfòmasyon yo san fè atansyon, sa vle di, pa aksidan;
  • Nan kad yon sèvis sante oswa sèvis jenetik, tankou yon pwogram byennèt, konpayi a bay sou yon baz volontè;
  • Sou fòm antesedan medikal fanmi pou li respekte egzijans sètifikasyon Lwa sou Konje Familyal ak Konje Medikal la, lwa Eta oswa lokal sou konje, oswa kèk politik konje konpayi a;
  • Apati sous ki disponib pou komès ak piblik la, tankou jounal, liv, magazin, ak sous elektwonik (tankou sitwèb ki aksesib pou piblik la);
  • Nan kad siveyans jenetik swa lalwa egzije swa yo bay sou yon baz volontè; epi
  • Konpayi ki fè tès ADN pou zafè aplikasyon lwa antanke yon laboratwa mediko-legal oswa pou idantifye kadav moun.

Demann Legal pou Enfòmasyon Medikal

Piske GINA entèdi konpayi yo mande, egzije, oswa achte enfòmasyon jenetik sou yon moun, lè yon konpayi mande enfòmasyon sou eta sante aktyèl yon aplikan oswa yon anplwaye (pa egzanp, pou kore demann yon anplwaye fè pou akomodasyon rezonab selon ADA oswa yon demann konje maladi), li ta dwe avèti anplwaye a ak/oswa pwofesyonèl swen sante anplwaye li ap mande enfòmasyon nan men li an pou li pa bay enfòmasyon jenetik yo.

Yon konpayi dwe di pwòp pwofesyonèl swen sante li yo pou yo pa kolekte enfòmasyon jenetik yo nan kad egzamen medikal ki gen rapò ak travay lè li voye yon aplikan oswa anplwaye al fè yon egzamen medikal.

Konfidansyalite Enfòmasyon Jenetik

Konpayi yo dwe kenbe enfòmasyon jenetik sou aplikan ak anplwaye yo sekrè. Epi, si enfòmasyon yo alekri, yo dwe kenbe yo separe ak lòt enfòmasyon pèsonèl yo nan dosye medikal apa. Genyen sis (6) sikonstans ki limite kote yon konpayi ka pataje enfòmasyon jenetik yo:

  • Ak anplwaye oswa fanmi enfòmasyon yo gen rapò ak li a lè yo resevwa demann alekri anplwaye a oswa fanmi an;
  • Ak yon chèchè medikal nan travay oswa lòt chèchè medikal k’ap fè rechèch selon kèk règleman federal;
  • Pou reponn ak yon òdonans tribinal, sofke antite ki gen pwoteksyon an ka pataje sèlman enfòmasyon jenetik òdonans lan otorize fòmèlman;
  • Ak reprezantan gouvènman k’ap mennen ankèt pou konnen si yo respekte Tit 2 nan GINA a, si enfòmasyon yo gen rapò ak ankèt la;
  • Selon pwosesis sètifikasyon pou konje FMLA oswa lwa Eta sou konje familyal ak lwa sou konje medikal; oswa
  • Ak yon ajans sante piblik sèlman nan sa ki konsène enfòmasyon sou sentòm yon maladi oswa twoub konsènan yon maladi kontajye ki reprezante yon malè pandye oswa maladi ki ka touye moun.

Lòt Pwoteksyon

Li ilegal tou pou vanje kont yon moun poutèt li pa aksepte pratik travay ki fè diskriminasyon ki baze sou enfòmasyon jenetik oswa poutèt li depoze yon akizasyon pou diskriminasyon, temwaye, oswa patisipe nan nenpòt mannyè nan yon ankèt, pwosè, oswa litij selon GINA. Pa egzanp, li ap ilegal pou yon konpayi transfere yon anplwaye nan yon pòs ki mwens prestijye apre anplwaye a fin plenyen poutèt tantativ konpayi a fè pou li achte enfòmasyon jenetik yo pandan yon egzamen kalifikasyon pou travay.

GINA entèdi arasman tou ki baze sou enfòmasyon jenetik, tankou kòmantè chokan ak kòmantè denigran sou enfòmasyon jenetik yon moun ki ase grav oswa anvayisan pou li kreye yon anviwònman travay ki ostil.