Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Enfòmasyon Finansye

Demann Enfòmasyon Anvan Travay la ak Enfòmasyon Finansye

“Enfòmasyon finansye” yo genyen ladan ansyen aktif ak aktif aktyèl yo, oswa evalyasyon kredi, fayit oswa sezi-arè, refi oswa anilasyon konsyònman, pwopriyete machin, lokasyon oswa pwopriyete yon kay, longè rezidans nan yon adrès, chanjman kont, pwopriyete mèb, oswa kont bankè.

Lwa federal la pa anpeche anplwayè yo mande enfòmasyon finansye ou yo.  Men, lwa EEO federal la entèdi anplwayè yo fè diskriminasyon yon fason ilegal lè y ap itilize enfòmasyon finansye pou pran desizyon sou anplwa.

Premyèman, anplwayè yopa dwe aplike yon egzijans finansye yon fason diferan sou diferan moun selon ras yo, koulè, orijin nasyonal, relijyonm sèks, andikap, laj, oswa enfòmasyon jenetik.  

Dezyèmman, yon anplwayè pa dwe genyen egzijans finansye si sa pa ede anplwayè a byen idantifye anplwaye ki fyab epi ki responsab yo epi si, nan menm moman an, egzijans lan vrèman kreye yo gwo dezavantaj pou moun ki genyen yon ras an patikilye, koulè, orijin nasyonal, relijyon, iswa sèks.

Twazyèmman, yon anplwayè kapab genyen obligasyon pou fè yon eksepsyon nan yon egzijans finansye pou yon moun ki pa ka reponn ak egzijans lan akoz yon andikap.  

Epitou anplwayè yo dwe swiv Lwa sou Deklarasyon Kredi ki Ekitab (FCRA), ki pa aplike pa EEOC a.  Li pa aplike pa Komisyon Komès Federal Etazini an.  Lwa sa a egzije anplwayè yo di w alekri si yo pral fè yon verifikasyon antesedan.  Epitou li egzije yo pou jwenn pèmisyon ekri nan men w pou fè sa, epi voye kèk avi ba ou lè yo itilize enfòmasyon sa yo.  Si ou ta renmen konnen plis konsènan FCRA a, tanpri vizite http://www.ftc.gov/bcp/edu/pubs/consumer/credit/cre36.shtm, oswa kontakte Komisyon Komès Federal la nan 1-877-FTC-HELP (1-877-382-4357); TTY: 1-866-653-4261.  

Selon eta kote w ap viv la, kapab genyen tou lwa eta ki reglemante itilizasyon anplwayè a de enfòmasyon finansye yo.